BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/11 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 6/11 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa jiyè a

“Men sa anpil moun ki konn priyè Nòtrepè a konn di nan priyè sa a: ‘Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.’ Dapre ou menm, ki sa Wayòm nan ye? [Kite moun nan reponn.] Gen yon vèsè biblik ki ban nou yon ide sou sa Wayòm nan ye.” Li Dànyèl 2:44. Apre sa, bay moun nan Toudegad 1ye jiyè a (fransè). Ansuit, li enfòmasyon nou jwenn anba premye soutit ki nan paj 16 la ansanm ak moun nan epi fè yon ti pale sou li. Apre sa, ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou nou retounen vin reponn kesyon ki vin apre a.

La Tour de Garde 1ye jiyè

“Etandone lavi a kout e li chaje ak pwoblèm, gen anpil moun k ap mande tèt yo ki sans lavi a genyen. E ou menm, èske w konn reflechi sou sa? [Kite moun nan reponn.] Nan Bib la nou jwenn pwomès Bondye ki fè nou konnen lavi a pap toujou konsa. [Li Revelasyon 21:4.] Peryodik sa a pale sou objektif Bondye gen pou tè a e li bay kèk bagay nou ka fè pou lavi nou gen yon sans depi kounye a.”

Réveillez-vous! Jiyè

Fè yon ti pale tou kout sou yon nouvèl kote yon malè te rive. Apre sa, mande moun nan: “Dapre ou menm, poukisa Bondye pèmèt jan de bagay sa yo rive? [Kite moun nan reponn.] Bib la fè nou konnen Bondye gen konpasyon pou moun k ap soufri yo. [Li Egzòd 3:7.] Anplis, Bib la ban nou rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans e li montre talè konsa li pral mete fen nan soufrans pou toutan. Peryodik sa a montre jan li pral fè sa.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje