BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/12 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2012
km 6/12 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa jiyè

“Depi kèk ane, gen plis moun ki enterese nan zanj yo. Èske w panse zanj yo egziste vre? [Kite moun nan reponn.] Gade sa yo di nan atik sa a.” Bay moun nan Toudegad 1ye jiyè a (fransè), fè yon ti pale avèk li sou sa nou jwenn nan premye soutit ki nan paj 16 la, epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.

La Tour de Garde 1ye jiyè

Li Sòm 65:2. Apre sa di moun nan: “Gen anpil moun ki dakò Bondye se ‘Sila a ki konn tande priyè a’ e yo priye l chak jou. Men gen lòt moun ki mande ‘si Bondye egziste, poukisa gen tout pwoblèm sa yo nan monn nan?’ Ki sa w panse? Èske gen yon Bondye ki tande priyè nou yo? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine repons Bib la bay pou kesyon sa a: ‘Poukisa Sila a ki konn tande priyè a pèmèt soufrans?’”

Réveillez-vous! Jiyè

“Si w ta gen pouvwa pou w chanje yon bagay nan monn nan, ki sa w t ap chwazi? [Kite moun nan reponn.] Bib la montre poukisa lèzòm gen limit nan sa yo ka fè. [Li Jeremi 10:23.] Peryodik sa a esplike ki sa Bondye pwomèt l ap chanje.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje