Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa me
“Èske w konsidere relijyon kòm yon fòs ki pouse moun gen lanmou e ki pouse yo viv anpè ak lòt moun, oubyen èske w konsidere l kòm yon fòs ki pouse moun rayi moun e ki pouse yo fè vyolans? [Kite moun nan reponn.] Kite m montre yon enfòmasyon enteresan yo bay sou sijè sa a.” Apre sa, bay moun nan Toudegad 1ye me a (fransè), epi egzamine enfòmasyon nou jwenn anba premye soutit ki nan paj 16 la ansanm avè l. Ansuit, atire atansyon l omwen sou youn nan vèsè biblik yo bay kòm referans yo. Ofri l peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye me
“Gen anpil moun ki panse se yon bagay ki nòmal pou relijyon mele nan polititk, tandiske gen lòt moun ki panse pa dwe gen rapò ant relijyon ak politik. E ou menm sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Yon jou, moun yo t ap chèche fè Jezi mele nan politik, gade ki jan li te reyaji. [Li Jan 6:15.] Peryodik sa a esplike poukisa Jezi te reyaji konsa e li montre ki pi bon fason kretyen yo ka ede moun ki nan kominote kote y ap viv la.”
Réveillez-vous! Me
“Pifò moun nou pale di yon lè yo te sibi yon enjistis kèlkonk. Èske w panse gen yon solisyon pou pwoblèm sa a? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa yon pwofesi di konsènan Wayòm Bondye a, jan li pral mete fen nan enjistis. [Li Sòm 72:11-14.] Peryodik sa a egzamine kèk pwomès Bib la fè ki montre jan nou pral jwenn jistis talè konsa.”