Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa jen
Li Izayi 42:8. Ansuit di moun nan: “Selon sa nou li nan vèsè sa a, Bondye gen yon non. Èske w panse li enpòtan pou nou sèvi ak non Bondye? [Kite moun nan reponn.] Gade sa yo di nan atik sa a.” Bay moun nan Toudegad 1ye jen an (fransè), epi fè yon ti pale avèk li sou sa nou jwenn nan premye soutit ki nan paj 16 la. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye jen
“Mwen ta renmen konnen opinyon w sou yon sijè enpòtan. [Ouvri peryodik la nan paj 3 a epi montre moun nan diferan opinyon moun genyen sou Bib la.] Nan tout sa yo di la a, kiyès ladan yo ki pi sanble ak opinyon pa w? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Bib la di. [Li Women 15:4.] Peryodik sa a egzamine senk rezon ki fè Bib la se yon liv espesyal e li montre sa nou ka fè pou nou tire pwofi ladan l.”
Réveillez-vous! Jen
“Chak ane gen plizyè milyon moun toupatou sou tè a ki tonbe malad akoz manje yo manje ki nuizib pou sante yo. Èske manje nou gen nan zòn pa nou bon pou sante nou? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike kat fason nou ka pwoteje fanmi nou kont maladi moun pran nan manje. Anplis de sa, li pale sou pwomès Bib la fè kote tout moun pral jwenn manje ann abondans talè konsa, e manje sa yo ap kenbe yo an sante.” Li Sòm 104:14, 15.