Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye mas
“Tout moun pa gen menm opinyon sou Jezi. Dapre ou menm, èske Jezi se pitit Bondye oubyen li se jis yon bon moun?” Kite moun nan reponn. Epi, li enfòmasyon ki anba youn nan kesyon ki an lèt gra nan paj 16-17 la ansanm ak li. Epi li youn nan tèks biblik yo bay yo. Ofri moun nan peryodik la, pran randevou pou nou retounen vin reponn kesyon ki vin apre a.
Réveillez-vous! Mas
Lè w rankontre yon jèn, montre l atik ki kòmanse nan paj 26 la. Montre l premye soutit la epi mande l: “Dapre ou menm, èske pawòl sa yo se verite oubyen yo se manti? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li 2 Korentyen 7:1.] Atik sa a egzamine sa yon moun bezwen konnen sou afè fimen an, e li esplike sa l ka fè pou l kite fimen.”
La Tour de Garde 1ye avril
“Tout moun pa kwè menm bagay sou Jezi. Èske w panse li enpòtan pou yon moun konnen laverite sou Jezi? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Jan 17:3.] Peryodik sa a esplike sa Bib la di sou Jezi, tankou ki kote l te soti, ki fason l te viv lè l te sou tè a e li esplike rezon ki fè l te mouri.”
Réveillez-vous! Avril
“Èske w dakò lanmò yon moun nou renmen se youn nan sitiyasyon ki pi difisil nou ka rankontre nan lavi nou? [Kite moun nan reponn]. Men yon konsèy anpil moun twouve ki itil yo. [Li Sòm 55:22.] Peryodik sa a egzamine kèk fason pratik nou ka fè fas ak lapèn nou genyen. E li montre ki jan nou ka lage fado nou sou Bondye.”