BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/11 p. 8
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 10/11 p. 8

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa novanm nan

“Èske w panse moun k ap fè efò pou yo obeyi Bondye yo se moun ki gen kè kontan? [Kite moun nan reponn.] Nan atik sa a w ap jwenn kèk pwen enteresan sou kesyon sa a.” Bay moun nan Toudegad 1ye novanm nan (fransè). Li enfòmasyon nou jwenn anba youn nan soutit ki nan paj 16-17 la ansanm ak moun nan epi fè yon ti pale sou li. Ansuit, li omwen youn nan tèks biblik yo bay kòm referans yo. Pou fini, ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou nou retounen reponn kesyon ki vin apre a.

La Tour de Garde 1ye novanm

“Gen moun ki panse sa Bib la di sou afè sèks pa alamòd ankò e entèdiksyon li bay nan domèn nan pa nesesè. Tandiske gen lòt moun ki dakò ak sa Bib la di. E ou menm sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa vèsè sa a di anpalan de sous kote prensip biblik yo soti a. [Li 2 Timote 3:16.] Peryodik sa a montre jan Bib la reponn dis kesyon moun konn poze sou afè sèks. Anplis de sa, li esplike kòman prensip ki nan Bib la ka itil nou.”

Réveillez-vous! Novanm

“Lè w pran san w pou w byen gade tout linivè ak ki konklizyon ou abouti, èske sa fè w kwè gen yon kreyatè ki fè tout bagay sa yo oubyen èske sa fè w panse se pa aza yo la? [Kite moun nan reponn.] Men sa youn nan moun ki te ekri Bib la te di lè li t ap gade linivè. [Li Women 1:20.] Peryodik sa a pale sou kèk dekouvèt syantifik yo fè sou selil moun, dekouvèt sa yo fè nou pi byen konprann sijè sa a.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje