Èske n oblije sispann preche tou?
Lè n ap patisipe nan predikasyon, gen kèk pwoklamatè ki gen abitid sispann preche nan yon lè byen presi, petèt a midi. Natirèlman, sitiyasyon kèk moun konn oblije yo fè sa. Men, èske n fèmen predikasyon senpleman paske gen lòt moun nan gwoup la ki ale oubyen paske nan zòn nou an pwoklamatè yo gen yon lè fiks pou yo sispann preche? Èske nou menm nou pa ka fè kèk minit anplis nan predikasyon? Èske n pa ka patisipe nan lòt fòm temwayaj, tankou bay temwayaj nan lari? Èske n pa ka fè youn oubyen de nouvèl vizit pandan nou sou wout pou n antre lakay nou? Imajine jan n t ap fè yon bon bagay si n ta rive jwenn menm yon sèl moun ki enterese lakay li, oubyen si n ta rive kite jis de peryodik pou yon moun k ap pase! Si nou pa gen yon bagay ki oblije nou sispann preche, lè nou rete nan tèritwa a pou n fè kèk minit anplis se yon fason senp pou n bay Bondye plis “louwanj kòm sakrifis”. — Ebre 13:15.