Yon sè k ap preche yon manman ak pitit fi l nan yon eta nan Lwès Bengal nan peyi End.
Modèl prezantasyon
TOUDEGAD
Kesyon: Nou tout konn bezwen konsolasyon. Men, ki kote nou ka jwenn li?
Vèsè: 2Ko 1:3, 4
Òf: Toudegad sa a pale sou fason Bondye bay konsolasyon.
TOUDEGAD (dènye paj la)
Kesyon: Gen kèk moun ki panse Wayòm Bondye a se kondisyon kè yon moun; gen lòt ki panse li se rezilta efò lèzòm ap fè pou yo mete lapè nan monn nan. Ki sa w panse?
Vèsè: Dn 2:44
Òf: Selon Labib, Wayòm Bondye a se yon gouvènman toutbon. Atik sa a pale plis toujou sou sa Bib la di konsènan Wayòm Bondye a.
ANSEYE LAVERITE
Kesyon: Ki jan nou ka konnen si Bondye gen sousi pou nou?
Vèsè: 1P 5:7
Verite: Bondye envite nou priye l paske li gen sousi pou nou.
EKRI PREZANTASYON PA W
Sèvi ak menm metòd ki nan modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.