BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb16 septanm p. 8
  • Kèk pyèj nou bezwen evite lè n ap kondui yon etid biblik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk pyèj nou bezwen evite lè n ap kondui yon etid biblik
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Ann ede etidyan nou yo vin kalifye pou yo batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Anseye yon fason ki senp
    Renmen moun, epi fè disip
  • Dezyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Veye pou nou toujou gen ‘ ladrès nan fason nou anseye ’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
mwb16 septanm p. 8

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kèk pyèj nou bezwen evite lè n ap kondui yon etid biblik

Édition imprimée
Yon frè k ap di etidyan an twòp pawòl

Pale twòp: Pa panse se ou menm ki pou esplike tout bagay nèt. Jezi te konn sèvi ak kesyon pou l ede moun yo reflechi pou yo rive jwenn bon repons lan (Mt 17:24-27). Kesyon yo fè etid la vivan e yo ede nou wè sa etidyan an konprann ak sa l kwè (be 253 § 2-3). Lè n poze yon kesyon, pran pasyans epi tann repons lan. Si etidyan an bay yon move repons, olye n di l bon repons lan, poze l lòt kesyon pou n ka gide l pou l jwenn bon repons lan (be 238 § 1-2). Pale ak yon vitès k ap pèmèt etidyan an konprann ide ki nouvo yo. — be 230 § 4.

L ap ba l anpil enfòmasyon konplike sou rezon ki fè nou vin aje

Fè sa konplike: Evite tandans rakonte tout sa n konnen sou sijè a (Jan 16:12). Konsantre sou pwen prensipal ki nan paragraf la (be 226 § 4–227 § 1). Lè n bay pakèt enfòmasyon, menmsi yo enteresan, yo bouche pwen prensipal yo (be 235 § 3). Depi etidyan an fin konprann pwen prensipal la, ale nan paragraf apre a.

Yon frè ki bay twòp enfòmasyon nan etid la e sa lage etidyan nan konfizyon

Annik bay enfòmasyon: Objektif nou se touche kè etidyan an, se pa annik ba l enfòmasyon (Lk 24:32). Sèvi ak pouvwa Pawòl Bondye a genyen lè w konsantre sou vèsè kle ki nan etid la (2Ko 10:4; Eb 4:12; be 144 § 1-3). Sèvi ak egzanp ki senp (be 245 § 2-4). Pale sou pwoblèm etidyan ap rankontre ak kwayans li yo, epi adapte etid la ak etidyan an. Poze kèk kesyon tankou: “Ki efè sa w aprann la a gen sou ou?” “Ki sa l aprann ou sou Jewova?” “Ki byenfè w ap jwenn si w aplike konsèy sa a?” — be 238 § 3-5; 259 § 2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje