LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Ankouraje moun ki enterese vin asiste reyinyon yo
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Reyinyon yo se moman nou genyen regilyèman pou nou “chante pou Jewova” e pou nou “louwe l”. (Sm 149:1.) Nan reyinyon yo, nou jwenn enstriksyon sou fason pou n fè volonte Bondye (Sm 143:10). An jeneral, moun ki enterese ak moun ki etidyan Labib yo fè plis pwogrè lè yo kòmanse asiste reyinyon yo.
FASON POU NOU FÈ L:
Bay yon envitasyon depi sa posib. Ou pa bezwen tann jis lè yon etid biblik fin byen etabli. — Re 22:17
Esplike moun ki enterese a ki sa l ap ka jwenn nan pwochen reyinyon k ap genyen an e sou ki sa y ap pale. Nan sans sa a, men lòt bagay ki ka ede w: Fich envitasyon pou reyinyon kongregasyon an, videyo Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? nan epi leson 5 ak 7 nan bwochi Volonte Jewova a
Ofri l èd. Èske moun ki enterese a bezwen yon woulib oswa li bezwen yo ede l chwazi rad ki apwopriye pou okazyon an? Chita bò kote l pandan reyinyon an, epi suiv avè l nan liv ou. Fè l fè konesans ak lòt moun