Ou ka jwenn benediksyon pou toutan Bondye ki renmen n nan pral bay
Èske w anvi viv nan yon monn ki pa gen lagè, vyolans ak chirepit?
Èske w ta renmen pou pa gen maladi, soufrans ak lanmò ankò?
Èske w ta renmen pou pa gen tètchaje ak pwoblèm ankò?
Èske w anvi viv yon kote katastwòf natirèl pap ka ravaje ankò?
Bondye ki renmen nou an e ki kreye bèl tè n ap viv sou li a te pwomèt l ap beni lèzòm lè l fè yo viv nan lapè ak lajwa pou toutan. Sa se pa yon rèv.
Nan atik ki vin apre yo, nou pral wè:
Fason Kreyatè nou an montre l renmen nou
Sa Pawòl Bondye a fè nou konnen
Sa pwofèt Bondye yo te di konsènan bon bagay Bondye fè e li pral fè pou nou
Sa n kapab fè pou n gen kè kontan depi kounye a e pou n jwenn benediksyon pou toutan Bondye pral bay talè konsa
Ann kòmanse egzamine yon seri bagay ki montre Kreyatè a renmen lèzòm.