Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
4-10 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 42-45
“Vrè adorasyon an vin jan l te ye anvan an!”
w99-F 1/3 8 § 3
“Byen suiv” tanp Bondye a!
Vizyon Ezekyèl te fè a te long anpil, li pran nèf chapit nan liv Ezekyèl la. Nan vizyon sa a, Jewova te fè yon pwomès ki te ranfòse lafwa moun Jide ki t al ann egzil yo. Vrè adorasyon an t ap vin jan l te ye anvan an. Plizyè syèk apre sa e menm jis jounen jodi a, vizyon sa a kontinye ankouraje tout moun ki renmen Jewova. Nan ki sans? Ann wè ki sa vizyon pwofèt Ezekyèl te fè a te vle di pou Izrayelit ki t al ann egzil yo. Li gen kat pati ladan l: tanp lan, fonksyon prèt la, chèf la ak peyi a.
it-2-F 1052 § 2
Tanp
Tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an. Nan ane 593 anvan epòk nou an, nan 14yèm ane apre yo te fin kraze vil Jerizalèm ak tanp Salomon an, pwofèt Ezekyèl e ki te prèt anmenmtan, te fè yon vizyon kote l te wè l sou yon tèt mòn men wotè kote l te ka wè tanp Jewova a tou (Eze 40:1, 2). Jewova te bay Ezekyèl lòd pou l fè “moun Izrayèl yo” konnen tout bagay nèt li wè nan tanp lan, yon fason pou Juif ki t al ann egzil yo te ka wont epi regrèt sa yo te fè yo. E se sèten, se te yon fason tou pou l konsole moun ki fidèl yo (Eze 40:4; 43:10, 11). Vizyon Ezekyèl te fè a te pèmèt li bay tout ti detay sou dimansyon tanp lan. Nan vizyon an, Ezekyèl te wè yo te itilize wozo pou mezire (wozo ki long lan te mezire 3,11 m) ak koude (koude ki long nan te mezire 51,8 cm) (Eze 40:5, nòt). Presizyon yo te bay anrapò ak dimansyon tanp lan te fè kèk moun panse tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an t ap sèvi kòm modèl pou tanp Zowobabèl te konstwi annapre a nan epòk Izrayelit yo te soti ann egzil. Sepandan, nou pa gen anyen ki pwouve sa.
w99-F 1/3 10 § 10
“Byen suiv” tanp Bondye a!
Se pa ti ankouraje pawòl sa yo dwe te ankouraje moun ki te ann egzil yo! Chak fanmi te jwenn asirans yo t ap jwenn yon eritaj nan peyi a (Konpare ak Miche 4:4.) Vrè adorasyon an t ap vin gen yon plas ki enpòtan anpil. E remake tou, vizyon an montre chèf la ak prèt yo t ap viv sou pòsyon tè pèp la te ba yo (Ezekyèl 45:16). Kidonk, nan peyi sa a ki te vin jan l te ye anvan an, pèp la te dwe patisipe nan travay moun Jewova met alatèt yo, e yo te dwe kolabore ansanm avèk yo nan fason yo suiv direksyon moun sa yo ap ba yo. Tout moun te ka wè jan peyi a te gen lòd, bonjan kolaborasyon ak sekirite.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 412 § 8
Non
Izrayelit yo te yon pèp ki pote non Bondye, men, etandone yo pa t rive viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis yo te sal non sa a (Eza 43:8; Am 2:7). Piske Izrayelit yo pa t ret fidèl anvè Bondye, li te oblije pini yo e sa tou te vin lakòz moun lòt nasyon pa gen respè pou non Bondye (konpare ak Sm 74:10, 18; Eza 52:5). Etandone nasyon sa yo pa t konnen se Bondye ki bay pinisyon an, yo te konprann se paske Jewova pa t ka pwoteje pèp Izrayèl la ki fè tout malè sa yo te tonbe sou pèp la. Men, yo te mal konprann. Se sa k fè, Jewova te oblije aji pou fè moun vin respekte non l, li te fè yon ti rès Izrayelit tounen nan peyi yo. — Eze 36:22-24.
it-2-F 87
Jistis
Kidonk, se avèk rezon Jewova atann pou tout moun ki vle jwenn favè l chèche konnen prensip li yo ki jis epi aplike yo (Eza 1:17, 18; 10:1, 2; Jr 7:5-7; 21:12; 22:3, 4; Eze 45:9, 10; Am 5:15; Mi 3:9-12; 6:8; Za 7:9-12).
11-17 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 46-48
“Benediksyon pèp Izrayèl la t ap jwenn lè l retounen nan peyi l”
w99-F 1/3 10 § 11-12
“Byen suiv” tanp Bondye a!
Èske Jewova t ap beni peyi yo a? Pwofesi a reponn kesyon sa a ak yon bèl imaj ki touche kè moun: Gen yon ti dlo k ap koule sot nan tanp lan ki vin pi gwo tank l ap koule, li vin tounen yon gwo rivyè distans pou l al tonbe nan Lanmè Mòt la. Lè dlo a rive nan lanmè a, dlo lanmè a geri e li vin bay yon pakèt pwason sou tout bò lanmè a. Sou toude bò rivyè a, gen tout kalite pyebwa k ap donnen, k ap bay moun manje e yo sèvi avèk yo kòm remèd. — Ezekyèl 47:1-12.
Pwomès sa a te fè moun ki t al ann egzil yo kwè yo t ap gen pou rebati peyi yo a toutbon jan pwofesi yo te gentan anonse sa, e yo te vrèman swaf sa. Plizyè fwa, pwofèt Jewova yo te pale de rekonstriksyon sa a tankou se te yon paradi e toujou nan menm sans lan, yo te di pèp Izrayèl la t ap gen pou yo vin anpil ankò. Mo dezè a parèt souvan nan pwofesi sa yo (Ezayi 35:1, 6, 7; 51:3; Ezekyèl 36:35; 37:1-14). Kidonk, pèp la te ka atann yo benediksyon Jewova bay yo t ap koule tankou rivyè k ap soti nan tanp ki tounen jan l te ye anvan an. Kidonk, yon nasyon ki te mouri nan yon sans espirityèl t ap retounen viv ankò. Bondye t ap beni moun ki te tounen nan peyi a, li t ap ba yo anpil gason ki renmen l toutbon, yon seri gason ki jis e ki djanm tankou pyebwa yo pale de yo nan vizyon an, anplis de sa gason sa yo t ap pran latèt nan zafè rekonstwi peyi a ki te fin depafini. Ezayi te pale tou konsènan “gwo pyebwa k ap donnen sa ki dwat” ki t ap “bati kote ki te fin kraze nan tan lontan yo”. — Ezayi 61:3, 4.
w99-F 1/3 10 § 10
“Byen suiv” tanp Bondye a!
Se pa ti ankouraje pawòl sa yo dwe te ankouraje moun ki te ann egzil yo! Chak fanmi te jwenn asirans yo t ap jwenn yon eritaj nan peyi a (Konpare ak Miche 4:4.) Vrè adorasyon an t ap vin gen yon plas ki enpòtan anpil. E remake tou, vizyon an montre chèf la ak prèt yo t ap viv sou pòsyon tè pèp la te ba yo (Ezekyèl 45:16). Kidonk, nan peyi sa a ki te vin jan l te ye anvan an, pèp la te dwe patisipe nan travay moun Jewova met alatèt yo, e yo te dwe kolabore ansanm avèk yo nan fason yo suiv direksyon moun sa yo ap ba yo. Tout moun te ka wè jan peyi a te gen lòd, bonjan kolaborasyon ak sekirite.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w99-F 1/3 11 § 14
“Byen suiv” tanp Bondye a!
Èske evènman sa yo se sèl akonplisman ki genyen pou vizyon Ezekyèl la? Non, te gen yon pi gwo akonplisman toujou. Pa egzanp: Yo pa t ap ka rebati tanp lan jan Ezekyèl te wè l nan vizyon an. Se vre, Juif yo te pran vizyon an oserye, yo te menm fè kèk bagay ki te parèt nan vizyon an. Men, tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an t ap twò gwo pou yo bati l sou Mòn Moriya, kote lòt tanp lan te ye a. Anplis de sa, Ezekyèl pa t wè tanp lan nan vil la, men li te wè l byen lwen sou yon lòt moso tè. Alòske tanp yo te genyen an te bati kote premye tanp lan te ye a, nan vil Jerizalèm (Esd 1:1, 2). Epitou, pa t janm gen rivyè ki soti nan tanp Jerizalèm nan. Donk, Izrayèl tan lontan an te sèlman wè kèk nan akonplisman pwofesi Ezekyèl la. Sa vle di te dwe gen yon pi gwo akonplisman pou vizyon sa a, yon akonplisman espirityèl.
it-1-F 903
Pitit lòm
Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, nou plis jwenn ekspresyon sa a nan liv Ezekyèl la. Pandan plis pase 90 fwa, Bondye te rele pwofèt la “pitit lòm”. (Eze 2:1, 3, 6, 8.) Sanble Jewova te rele pwofèt la konsa yon fason pou l te fè l sonje li se pousyè, konsa, li te montre aklè diferans ki genyen ant pwofèt la ki te yon pòtpawòl ak Moun ki te bay mesaj la, anpalan de Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. Nan Dànyèl 8:17, yo itilize menm ekspresyon an pou Dànyèl tou.
18-24 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DÀNYÈL 1-3
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 382
Mechak
Li pwobab pou gen twa rezon ki fè yo konsidere bon manje wa a te konn manje yo kòm bagay ki te ka “kontamine” yo: 1) Babilónyen yo te konn manje bèt Lalwa Moyiz la te konsidere kòm bèt ki pa t pwòp; 2) Yo pa t ap fè atansyon pou yo byen senyen bèt yo, e petèt yo te konn menm toufe kèk nan bèt sa yo; 3) byen souvan, payen yo te konn sakrifye bèt sa yo bay dye yo t ap sèvi yo anvan yo te fè lòt bagay avèk yo, donk, pou Dànyèl ak twa konpayon l yo, si yo te manje bèt sa yo se tankou yo t ap patisipe nan adorasyon fo dye sa yo. — Dn 1:8; Konpare ak 1Ko 10:18-20, 28.
w01-F 15/10 6 § 4
Sekrè pou gen yon monn kote tout moun ap viv ak kè kontan
Nou jwenn repons lan nan Dànyèl 2:44, men sa l di: “Nan jou wa sa yo [k ap dirije nan fen sistèm nan], Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E wayòm sa a pap vin anba men okenn lòt pèp. L ap kraze tout wayòm sa yo, l ap elimine yo [wayòm lèzòm yo], e se li menm sèl k ap rete pou toutan”. Poukisa Wayòm Bondye a pral “kraze” gouvènman sa yo? Paske gouvènman sa yo kontinye ap simaye etadespri Satan t ap fè pwopagann pou li nan jaden Edenn nan, etadespri pou moun kenbe tèt ak Bondye e pou se yo ki deside sa k bon pou tèt yo. Anplis de sa, moun sa yo pa vle sa k pi bon pou lèzòm, e etadespri y ap gaye a mete yo dozado ak Kreyatè a (Sòm 2:6-12; Revelasyon 16:14, 16). Se sa k fè, nou dwe mande tèt nou: ‘Èske nou pran pozisyon pou gouvènman Bondye a oubyen nou kont li?’
25 SEPTANM – 1YE OKTÒB
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DÀNYÈL 4-6
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w88-F 1/10 30 § 3-5
Kesyon lektè yo poze
Lè yo te resi mennen Dànyèl devan wa a, wa a te repete pwomès li te fè anvan sa a, li t ap abiye Dànyèl ak rad vyolèt, li t ap mete yon chèn lò nan kou l e l t ap fè l vin twazyèm moun k ap dirije nan wayòm li an. Lè sa a Dànyèl reponn li: “Ou mèt kenbe kado w yo e ou mèt bay lòt moun kado w yo. Men, m ap li sa ki ekri a pou ou, monwa, e m ap esplike w sa l vle di.” — Dànyèl 5:11-17
Kidonk, Dànyèl pa t bezwen wa a peye l pou l te ka li sa k te ekri a epi entèprete l pou li. Wa a te mèt kenbe kado l yo oubyen li te mèt bay yon lòt moun yo. Dànyèl pa t bezwen yon rekonpans pou esplikasyon li t apral bay la paske se Jewova, vrè Dye a, ki te ba l kapasite a, dayè, Jewova te gentan anonse wè pa wè Babilòn t ap tonbe.
Jan nou li sa nan Dànyèl 5:29, apre Danyèl fin entèprete pawòl la jan li te di l ap fè sa a wa a te bay lòd pou yo bay Dànyèl rekonpans yo kanmenm. Dànyèl li menm pa t met ni rad la ni chèn lò a sou li. Men wa Bèlchaza te bay lòd pou yo mete yo sou li. Men, pawòl sa yo pa depaman ak pawòl nou li nan Dànyèl 5:17 yo, lè pwofèt la te di wa a byen klè li pa t bezwen rekonpans nan men l pou entèprete li t apral entèprete pawòl yo.
dp-F 109 § 22
Kat mo ki chanje monn nan
Kidonk, yo te resi vin konprann sa tout moun pa t ka li a. Men, wa Bèlchaza te kenbe pwomès li aktout li te sezi aprann Babilòn t apral tonbe anba men Anpi Medi ak Pès. Li te fè moun ki t ap sèvi l yo met yon rad vyolèt sou Dànyèl ak yon chèn lò nan kou l epi li te fè l vin twazyèm moun ki pi enpòtan nan wayòm li an (Dànyèl 5:29). Danyèl te aksepte wa a onore l, paske li te rann li kont lè wa onore l li t ap onore Jewova tou paske Jewova merite sa. Anfèt, petèt Bèlchaza te espere lefètke li te onore pwofèt Jewova, Jewova t ap yon ti jan chanje bagay yo pou li. Si se sa l te espere, ebyen, li te gentan yon ti jan twò ta.