BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr18 no 12 p. 1-6
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
  • Soutit
  • 3-9 DESANM
  • 10-16 DESANM
  • 17-23 DESANM
  • 24-30 DESANM
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
mwbr18 no 12 p. 1-6

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

3-9 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 9-11

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Tr 10:6

Simon, yon bòs tanè: Yon bòs tanè se yon moun ki konn travay po bèt, bòs sa a konn itilize yon kalite likid ki fèt ak lacho pou l retire tout plim ki sou po bèt la, rès vyann ak grès ki rete sou po a. Lè l fini, li trete po bèt la ak yon likid ki fò anpil pou l ka sèvi ak po sa a pou l fè yon seri bagay an kui. Travay trete po bèt la te bay move sant e se pou rezon sa a tanè a te bezwen gen anpil dlo, donk nou konprann sa k fè Simon te rete bò lanmè, pa deyò vil Jope. Selon Lalwa Moyiz la, yo te konsidere yon moun ki te konn fè yon seri travay ak kadav bèt kòm yon moun ki pa pwòp pou l fè sèvis pou Bondye (Le 5:2; 11:39). Se sa k fè, anpil Juif te konn meprize tanè yo e yo te renka renka pou yo rete lakay yo. Annapre, Talmid la te mete travay tanè a pi ba pase travay ranmase poupou. Sepandan, Pyè pa t kite sa moun ka panse oswa sa moun ka di fè l pa desann lakay Simon. Lefètke Pyè pa t gen prejije nan ka sa a, sa te byen prepare l pou yon asiyasyon li t apral jwenn annapre, anpalan de ale lakay yon moun ki soti nan yon lòt nasyon. Gen kèk moun ki konn fè rechèch sou Bib la ki panse mo grèk lè yo tradui l yo mete “tanè” (biseyis) pou li a se yon lòt jan yo te konn rele Simon.

10-16 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 12-14

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Tr 13:9

Sòl, ki rele Pòl tou: Se apati vèsè sa a, yo itilize non Pòl lè y ap pale de Sòl. Apot la te fèt antanke Ebre, men li te yon sitwayen women anmenmtan (Tr 22:27, 28; Fp 3:5). Se sèten, li te gen toule de non sa yo depi lè l te timoun, anpalan de non Sòl la ki se yon non ebre, ak non Pòl la ki se yon non women. Alepòk, Juif yo te konn gen de non, sitou Juif ki pa t ap viv ann Izrayèl yo (Tr 12:12; 13:1). Manm fanmi Pòl yo te gen non women ak non grèk tou (Wm 16:7, 21). Antanke “apot nasyon yo”, Pòl te gen misyon pou l preche moun ki pa t Juif yo bon nouvèl la (Wm 11:13). Sanble, li te chwazi sèvi ak non women an, paske li dwe te panse li t ap pi bon pou l fè sa (Tr 9:15; Ga 2:7, 8). Gen kèk moun ki fè konprann li te chwazi sèvi ak non sa a pou l onore Sèjiyis Polis, men se pa t vre, piske li te kontinye sèvi ak non Pòl la menm apre l fin kite zile Chip. Gen lòt moun yo menm, ki fè konnen Pòl te evite itilize non ebre li te genyen an paske nan lang grèk, fason yo pwononse non an te sonnen menm jan ak yon mo grèk ki fè referans ak yon moun (oswa yon bèt) ki mache yon fason ki montre li gen asirans e ki bay tèt li enpòtans.

Pòl: Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se 157 fwa yo sèvi avèk non Paoulos la, Paoulous an laten, ki vle di “piti”, lè l gen rapò ak apot Pòl e yon fwa sèlman pou yo fè referans ak Sèjiyis Polis, gouvènè zile ki rele Chip la. — Tr 13:7.

17-23 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 15-16

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Tr 16:37

nou menm ki se Women: Sa vle di sitwayen women. Sanble Pòl ak Silas te sitwayen women. Selon lalwa women an, nenpòt sitwayen te toujou gen dwa pou yo jije l devan lajistis kòmsadwa e yo pa t dwe janm pini l an piblik san yo pa kondane l. Lè yon moun te sitwayen women, li te gen yon seri dwa ak privilèj kèlkeswa kote li te ale nan tèritwa Women yo. Yon sitwayen women te dwe soumèt anba lalwa women an, men, li pa t gen pou l soumèt anba lwa vil pwovens yo. Lè yo te akize l, li te gen dwa aksepte pou yo jije l selon lwa zòn kote l ye a, men, li te ka toujou mande pou se yon tribinal women ki jije l. Si yo te akize l pou yon krim ki merite lanmò, li te gen dwa mande pou l parèt devan anperè a. Apot Pòl te preche toupatou nan tèritwa Anpi women an. Nan Bib la, pandan twa fwa, yo montre li te sèvi ak dwa li te genyen antanke sitwayen women. Premye fwa a, se te nan vil Filip kote li te fè majistra yo nan vil la konnen yo pa t respekte dwa l lefètke yo te fè bat li.

24-30 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 17-18

“Ann imite apot Pòl nan fason n preche ak nan fason n anseye”

nwtsty nòt etid pou Tr 17:2, 3

rezone: Pòl pa t annik kontante l preche moun yo bon nouvèl la. Li te esplike yo li, e li te bay bonjan prèv ki baze sou Ekriti yo, anpalan de Liv ki te ekri ann ebre yo Bondye te fè ekri a. Li pa t annik li Ekriti yo, li te rezone sou yo e li te adapte rezònman l yo ak moun ki t ap koute l yo. Yo defini vèb grèk dyalegomayi a tankou “patisipe nan yon dyalòg, kominike, fè deba”. Sa vle di pale ak moun. Nou jwenn mo grèk sa a tou nan Tr 17:17; 18:4, 19; 19:8, 9; 20:7, 9.

sèvi ak pasaj nan Ekriti yo pou l pwouve: Mo grèk pou ekspresyon sa a vle di mo pou mo “mete akote (mete bò kote)”. Petèt, sa montre jan Pòl te pran san l pou l konpare pwofesi ki gen rapò ak Mesi a ki nan Liv ki te ekri ann ebre yo ak evènman ki te pase nan lavi Jezi, pou Pòl te montre jan Jezi te reyalize pwofesi sa yo.

nwtsty nòt etid pou Tr 17:17

plas piblik la: Plas piblik Atèn nan (an grèk agora) te nan zòn nòdwès Akwopòl la, e li te sou prèske 4 karo tè. Plas piblik la pa t yon senp kote moun te konn annik vin vann epi achte, se la tou ki te konn gen aktivite ki gen rapò ak ekonomi, politik ak kilti. Moun Atèn yo te renmen al nan zòn sa a pou yo pwofite aktivite sa yo pou yo ka patisipe nan yon seri gwo deba.

nwtsty nòt etid pou Tr 17:22, 23

Pou yon Dye nou pa konnen: Ekspresyon grèk Agnostoyi Teoyi a te nan yon tèks ki te ekri sou yon lotèl ki te Atèn. Moun Atèn yo te konn konstwi plizyè tanp ak lotèl, sa ki montre yo te gen lakrentif pou dye yo. Yo te konsidere Renome, Modesti, Fòs, Enfliyans ak Mizèrikòd kòm dye e yo te menm fè lotèl pou yo. Yo te menm fè yon lotèl pou ‘yon Dye yo pa konnen’, petèt paske yo te pè pou yo pa t bliye yon dye, epi pou dye sa a ta vin fache kont yo. Lotèl sa a se yon prèv ki te montre yo rekonèt gen yon Dye ki egziste yo pa konn anyen sou li. Pòl te byen sèvi ak lotèl sa a kòm baz pou l tou fè moun ki t ap koute l yo konnen Dye sa a yo potko janm tande pale de li anvan sa, anpalan de vrè Dye a.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Tr 18:21

Si Jewova vle: Ekspresyon sa a montre jan sa enpòtan pou yon moun pran volonte Bondye an konsiderasyon lè moun sa a ap fè yon bagay oswa anvizaje fè yon bagay. Apot Pòl te toujou gen prensip sa a nan lespri l (1Ko 4:19; 16:7; Eb 6:3). E disip Jak te ankouraje lektè l yo pou yo di: “Si Jewova vle, n ap viv, epi n ap fè sesi oswa n ap fè sela.” (Jk 4:15). Se pa yon ekspresyon yon moun dwe pran alalejè. Kèlkeswa moun ki di ak tout kè l “si Jewova vle”, li dwe eseye fè tout sa l kapab pou l aji ann amoni ak volonte Jewova. Yon moun pa oblije toujou di pawòl sa yo awotvwa, e byen souvan, moun te konn di sa nan kè yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje