LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Fason travay predikasyon an te vin legalize o Kebèk
Pandan yo t ap jije Pòl, li te mande pou l al devan Seza. Lefètke l te sèvi ak dwa li genyen antanke yon sitwayen women, li kite yon egzanp pou nou jodi a. Gade videyo Fason travay predikasyon an te vin legalize o Kebèk, epi egzamine ki jan frè nou yo te sèvi ak yon dispozisyon legal pou yo te defann bon nouvèl la nan Kebèk. Apre sa, reponn kesyon ki vin apre yo:
Ki difikilte frè yo te jwenn nan Kebèk?
Ki feyè espesyal yo te distribye, e ki rezilta sa te bay?
Ki sa k te rive frè Aimé Boucher?
Ki jan Lakou siprèm peyi Kanada te jije ka frè Aimé Boucher a?
Ak ki dispozisyon legal yo pa itilize souvan frè yo te sèvi, e ki rezilta sa te bay?
Ki sa k te rive lè prèt yo te mande lapolis pou yo vin kanpe yon reyinyon frè ak sè yo t ap fè?