Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
7-13 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 10-11
“Nou dwe renmen Jewova plis pase fanmi nou”
it-1-F 1203
Sa moun pa gen dwa fè oswa di
Dife ak lansan yo pa t gen dwa ofri. Nan Levitik 10:1, yo itilize mo ebre za (feminen, zara; ki vle di literalman etranje) anrapò ak dife pitit gason Arawon yo, Nadab ak Abiyou, te ofri “Jewova san yo pa t gen dwa, piske Bondye pa t ba yo lòd pou yo fè sa”, se sa k fè Jewova te touye yo ak dife (Le 10:2; Nb 3:4; 26:61). Apre sa, Jewova di Arawon: “Ni ou menm, ni pitit gason w yo pa dwe bwè diven oswa lòt bwason ki gen alkòl lè nou pral antre nan tant reyinyon an, yon fason pou nou pa mouri. Se yon kòmandman nou dwe toujou obeyi jenerasyon apre jenerasyon. Konsa, n ap kapab fè diferans ant bagay ki sakre ak bagay ki pa sakre, ant bagay ki pa pwòp ak bagay ki pwòp e n ap kapab anseye Izrayelit yo tout lwa Jewova te ba yo pa mwayen Moyiz yo.” (Le 10:8-11.) Sa montre petèt Nadab ak Abiyou te sou, se sa k te pouse yo ofri yon dife yo pa t gen dwa ofri. Sanble dife sa a pa t kòrèk parapò ak moman yo te ofri l la, kote yo te ofri l la oswa fason yo te ofri l la. Petèt tou fason yo te fè lansan an te diferan ak fason Jewova te mande pou yo fè l nou jwenn nan Egzòd 30:34, 35 lan. Sou yo te sou a pa t yon eskiz pou peche yo a.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-1-F 124 § 6
Bèt
Entèdiksyon sa yo Bondye te bay anrapò ak sa moun pa gen dwa manje te la sèlman pou moun ki te anba Lwa Moyiz la. Men sa Levitik 11:8 di: “Nou dwe konsidere yo kòm bèt ki pa pwòp”, sa vle di pou Izrayelit yo. Piske Lalwa te aboli grasa lanmò Kris Jezi a, ki se yon sakrifis, entèdiksyon sa yo te anile, epi yon lòt fwa ankò, lèzòm te kapab konsidere yo anba menm dispozisyon ki laj Jewova te pran anrapò ak Noye apre delij la. — Kl 2:13-17; Jen 9:3, 4.
14-20 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 12-13
it-2-F 128 § 2
Lèp
Nan rad yo ak nan kay yo. Lèp te kapab kontamine rad ki fèt ak twal lenn oubyen twal len, oubyen yon bagay ki fèt ak po. Maladi lèp la te kapab disparèt lè yo lave sa ki te kontamine a, e te gen dispozisyon ki te pran pou yo mete l yon kote apa. Men, si kote ki jòn vèt la oswa ki yon jan wouj la pèsiste ladan l, li gen yon lèp ki grav, yo dwe boule l (Le 13:47-59). Si ti koulè jòn vèt la oswa ki yon jan wouj la parèt sou mi yon kay, prèt la ap mande pou yo mete kay la an karantèn. Li kapab nesesè pou yo retire wòch ki kontamine yo epi y ap byen grate tout anndan kay la. Y ap jete wòch yo ak mòtye yo te retire kote yo te grate a pa deyò vil la nan yon kote ki pa pwòp. Si maladi lèp la retounen, y ap fè konnen kay la pa pwòp, y ap kraze l e y ap jete materyo yo nan yon kote ki pa pwòp. Men, pou kay yo fè konnen ki pwòp la gen dispozisyon ki pran pou yo pirifye l (Le 14:33-57). Gen moun ki fè konnen lèp ki kontamine rad yo oubyen kay yo se yon kalite pichon oswa mwezi; sepandan, yo pa fin sèten.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
21-27 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 14-15
“Vrè adorasyon an mande pou n pwòp”
it-1-F 258
Benyen
Nòmalman, jan Lalwa te mande sa, Izrayelit yo te dwe benyen pou plizyè rezon. Yon moun ki te geri anba lèp, yon moun ki touche yon bagay moun ki gen “ekoulman” te touche, yon gason ki te ejakile, yon fi ki te fin gen règ li oswa ki te gen emoraji oubyen moun ki te fè sèks te vin “pa pwòp” e yo te dwe benyen (Le 14:8, 9; 15:4-27). Yon moun ki nan menm tant ak yon moun ki mouri oswa ki touche l te vin “pa pwòp” e li te dwe pirifye tèt li avèk dlo pou pirifye a. Si yon moun derefize respekte lwa sa a, “yo dwe retire moun sa a nan kongregasyon an, paske li pa montre respè pou tant Jewova a”. (Nb 19:20.) Donk, li bon pou yo itilize lave a nan sans senbolik pou yo pale de yon moun ki pwòp devan Jewova (Sm 26:6; 73:13; Eza 1:16; Eze 16:9). Lè yon moun lave ak pawòl Jewova a, ki se laverite, ki se dlo nan yon sans, li gen posiblite pou l vin pwòp. — Ef 5:26.
it-2-F 753 § 7
Lè yon fi gen règ li
Epitou, yo te konsidere yon fi pa pwòp lè l gen yon san k ap koule sou li yon fason ki pa nòmal oubyen “si règ li ret sou li pandan plis jou pase kantite jou li konn genyen l lan”. Nan moman sa yo, li fè kèk bagay li kouche sou yo oswa l chita sou yo ansanm ak moun ki touche bagay sa yo vin pa pwòp. Lè san ki t ap koule sou li yon fason ki pa nòmal la kanpe, li te dwe konte sèt jou, e apre sa, li t ap vin pwòp. Sou uityèm jou a, fi a t ap bay prèt k ap mande padon pou peche l la de toutrèl oswa de jenn pijon, pou prèt la prezante youn bay Jewova kòm sakrifis pou peche e lòt la kòm sakrifis yo boule nèt. — Le 15:19-30; gade PUR, PURETÉ.
it-2-F 141
Kote ki sen an
2. Tant reyinyon an, e annapre, tanp lan. Tout dispozisyon sa yo, sa gen ladan l lakou tabènak la ak lakou tanp lan te genyen yo, se te kote ki sakre (Eg 38:24; 2Kw 29:5; Tr 21:28). Premye bagay ki te nan lakou a se lotèl pou sakrifis yo ak basen an kuiv la. Se te bagay ki te sakre. Se sèlman moun sa yo ki te pwòp selon Lalwa ki te ka antre nan lakou tabènak la nenpòt lè. Menm jan an tou, pa gen okenn moun ki te ka antre nan lakou tanp lan te genyen yo pandan l pa t pwòp. Pa egzanp, yon fi ki pa t pwòp pa t ka touche okenn bagay ki sakre oubyen antre nan kote ki sakre a (Le 12:2-4). Sanble menm lè Izrayelit yo pa t pwòp pou yon bon bout tan, Bondye te konsidere yo pa t montre respè pou tabènak la (Le 15:31). Moun ki te bay ofrann paske yo te vin pwòp e yo pa t gen lèp ankò te pote sakrifis yo a byen lwen devan antre lakou a (Le 14:11). Pa gen yon moun ki pa pwòp ki te ka manje nan sakrifis kominyon an nan tabènak la oswa nan tanp lan, paske yo t ap touye l. — Le 7:20, 21.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 453 § 5
Zòrèy
Lè yo t ap mete prèt yo nan fonksyon yo ann Izrayèl, Moyiz te resevwa lòd pou l pran san mouton ki la pou sa a, pou l met enpe sou pwent zòrèy dwat Arawon ak sou pwent zòrèy dwat chak pitit gason l yo. Yo t ap mete san an tou sou men dwat ak pye dwat yo, sa ki montre yo te konprann sa ki t ap fèt la ta dwe gen efè dirèk sou sa yo t ap koute, travay yo t ap fè ak fason yo t ap viv (Le 8:22-24). Menm jan an tou, lè yo t ap pirifye yon moun ki gen lèp, Lalwa te di prèt la t ap mete enpe nan san bèt moun k ap pirifye tèt li a ofri kòm sakrifis ki montre li koupab la ansanm ak enpe nan luil yo ofri a sou zòrèy dwat moun ki gen lèp la (Le 14:14, 17, 25, 28). Yo te pran yon dispozisyon menm jan ak sa a, lè yon moun te deside rete esklav mèt li pou toutan. Nan ka sa a, yo te mennen esklav la nan chanbrann pòt la, mèt li te dwe pèse zòrèy li ak yon pik. Mak sa a tout moun te ka wè nan zòrèy li a te reprezante anvi esklav sa a genyen pou l kontinye koute mèt li avèk obeyisans. — Egz 21:5, 6.
g-F 1/06 14, kare
Mwezi — Zanmi oubyen Ènmi!
KI SA MWEZI NAN TAN BIBLIK YO TE YE?
Bib la pale de lè “maladi lèp tonbe sou yon kay”, sa vle di sou konstriksyon an menm (Levitik 14:34-48). Moun yo panse fenomèn sa a, yo rele “lèp ki grav” tou, se yon kalite pichon oswa mwezi, men yo pa fin sèten si se sa l te ye vre. Antouka, Lwa Bondye a te mande pou mèt kay la retire wòch ki te kontamine yo e pou l grate tout anndan kay la nèt, epi voye tout sa ki parèt kontamine yo deyò vil la “kote yo jete bagay ki pa pwòp yo”. Si maladi a retounen nan kay la, yo dwe deklare kay la pa pwòp, kraze l epi jete tout debri yo. Enstriksyon ki byen detaye Jewova te bay yo montre gwo lanmou l te gen pou moun ki t ap sèvi l yo e yo montre sousi l te gen pou sante yo.
28 DESANM–3 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 16-17
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-1-F 242 § 3
Azazèl
Jan apot Pòl te esplike sa, lè Jezi te bay lavi pafè l la kòm sakrifis pou peche lèzòm, li te fè plis pase sa “san towo bèf ak san kabrit” yo te fè a (Eb 10:4, 11, 12). Sepandan, li te sèvi tankou “kabrit ki pou Azazèl” la lè ‘li te pote maladi nou yo’ e li te tounen sila a “yo te kraze pou peche nou yo”. (Eza 53:4, 5; Mt 8:17; 1P 2:24.) Li te ‘pote’ tout peche moun ki mete lafwa nan valè sakrifis li a ale. Li te montre Bondye pran dispozisyon pou l efase peche nèt. Nan sans sa a, kabrit “Azazèl” la reprezante sakrifis Jezi Kris la.