Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
11-17 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 20-21
“Jewova mete pèp li a apa”
it-1-F 1106
Eritaj
Se yon byen yo pase bay yon moun antanke eritye lè mèt byen an mouri oswa yo pase l bay moun ki gen dwa ki pi pwòch moun ki mouri a; se nenpòt bagay moun resevwa nan men paran yo oswa moun ki te la anvan yo, se tankou bagay la pase de moun an moun. Ann ebre, prensipal vèb yo itilize a se nachal (non an se nachala). Li gen sans resevwa oswa bay yon eritaj oubyen yon byen nan fanmi. An jeneral, se fanmi ki vin apre a yo bay li (Nb 26:55; Eze 46:18). Pafwa, yo itilize vèb yarach pou pale de moun “k ap eritye”, men pi souvan, yo itilize l pou pale de moun “ki pral posede”, non pa antanke moun ki vin apre nan yon fanmi (Jen 15:3; Le 20:24). Li gen sans “pran; mete deyò”, lè se yon lame ki fè aksyon an (Dt 2:12; 31:3). Mo grèk yo konn itilize pou pale de eritaj prèske gen menm sans ak klewòs, yon mo ki te vle di “osò” an jeneral, men ki te vin gen sans “sèvis pa” oswa “eritaj”. — Mt 27:35; Tr 1:17; 26:18.
it-2-F 438 § 5
Zwazo
Apre delij la, Noye te ofri “bèt ki konn vole ki pwòp” ak lòt bèt ankò kòm sakrifis (Jen 8:18-20). Annapre, Jewova te pèmèt lèzòm manje zwazo, akondisyon yo pa t manje san an (Jen 9:1-4; konpare ak Le 7:26; 17:13). Nan epòk sa a, si te gen kèk zwazo yo te di ki “pwòp” sandout se paske Bondye te di yo te kapab sèvi avèk yo pou fè sakrifis. Selon Bib la, nan kesyon manje pa gen okenn zwazo Jewova te fè konnen ki “pa pwòp” anvan l te bay Lwa Moyiz la (Le 11:13-19, 46, 47; 20:25; Dt 14:11-20). Bib la pa di byen klè sou ki baz yo te deside ki zwazo ki “pa t pwòp” pou yo sèvi avèk yo sou Lalwa. Pa egzanp, anpil nan zwazo sa yo se te zwazo ki konn chase oswa ki konn manje kadav, men se pa yo tout (Gade HUPPE). Bondye te leve entèdiksyon sa a apre l te fin mete nouvo alyans lan sou pye, jan l te fè Pyè konprann sa nan yon vizyon. — Tr 10:9-15.
Trezò espirityèl
it-1-F 1180
Filange kò
Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te di byen klè moun pa dwe filange kò yo akoz moun pa yo ki mouri (Le 19:28; 21:5; Dt 14:1). Paske, Izrayelit yo te yon pèp Jewova mete apa, yon byen espesyal (Dt 14:2). Antanke yon pèp ki sen e yon byen espesyal, Izrayelit yo te dwe rete lwen tout koutim ki gen rapò ak idolatri. Epitou, fason egzajere moun te konn montre yo nan lapenn pou moun ki mouri lè yo kòche pwòp kò yo te yon move bagay, sitou pou pèp Izrayèl la ki te byen konnen nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye ak esperans rezirèksyon an (Dn 12:13; Eb 11:19). Anplis de sa, lefètke Lalwa te entèdi Izrayelit yo filange kò yo, sa t ap fè yo gen plis respè pou kò yo, ki se yon bagay Bondye kreye.
18-24 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 22-23
“Siyifikasyon fèt Izrayelit yo te gen nan chak epòk yo gen pou nou”
it-1-F 884
Fèt Pen san ledven
Premye jou Fèt Pen san ledven an se te yon rasanbleman espesyal e se te yon saba tou. Nan dezyèm jou a, sa vle di 16 Nizan, yo te pote yon pake nan premye danre lòj yo rekòlte yo ansanm ak premye danre ki bon nan Palestin yo bay prèt la. Anvan fèt sa a, yo pa t ka manje okenn grenn ki fèk rekòlte, ni pen ni grenn griye. Yon fason senbolik, prèt la te ofri premye danre sa yo bay Jewova, lè l te balanse yon pake grenn devan Jewova, pandan yo t ap ofri yon mal mouton ki prèske gen ennan kòm sakrifis yo boule nèt ansanm ak yon ofrann manje angren ki melanje ak luil e ak yon ofrann bwason (Le 23:6-14). Pa t gen okenn lwa ki te mande pou yo boule manje angren oswa farin sou lotèl la, jan prèt yo te konn fè sa annapre. Se pa sèlman yon ofrann premye danre yo te konn fè an piblik oswa pou tout pèp la ki te genyen, men tou, yo te pran dispozisyon pou chak fanmi, e pou chak grenn moun ki te gen byen ann Izrayèl bay sakrifis pou remèsye Bondye pandan peryòd fèt sa a. — Eg 23:19; Dt 26:1, 2; gade PRÉMICES.
Siyifikasyon. Nan moman sa a, yo te manje pen san ledven yo selon enstriksyon Jewova te bay Moyiz ki rapòte nan Egzòd 12:14-20 yo. Nan vèsè 19 la, nou jwenn lòd byen klè sa a: “Pandan sèt jou, pa dwe gen pat ki gen ledven lakay nou.” Nan Detewonòm 16:3, yo rele pen san ledven yo “pen soufrans lan”. Chak ane, sa te fè Juif yo sonje lè yo t ap kouri kite peyi Ejip (lè yo pa t gen tan pou yo mete ledven nan pat yo [Eg 12:34]). Epitou, sa te fè yo sonje jan Bondye te delivre yo anba soufrans ak esklavaj nan peyi Ejip, selon pawòl Jewova te di yo: “Pou nou toujou sonje jou nou te kite peyi Ejip la”. Lefètke yo te vin gen libète antanke yon nasyon e yo te vin konnen se Jewova ki Sovè yo, sa te sèvi kòm yon bon baz pou yo fè fèt sa a, ki se premye nan twa gwo fèt yo te konn fè chak ane yo. — Dt 16:16
it-2-F 527 § 1
Pannkòt
Yo te dwe ofri premye rekòt ble a yon fason ki diferan ak premye rekòt lòj la. Yo te dwe sèvi ak de dizyèm efa farin ble bon kalite (4,4 l) ansanm ak ledven, e yo kuit yo pou yo fè de pen. Yo te dwe pote yo “sot lakay yo”, sa vle di yo te dwe menm jan ak pen yo konn manje lakay yo chak jou, se pa t pen tankou sa yo te konn fè pou sèvis sakre yo (Le 23:17). Yo te konn ofri sakrifis yo boule nèt ak yon sakrifis pou peche avèk pen sa yo, e ansanm ak de ti mal mouton kòm sakrifis kominyon. Prèt la te balanse pen yo ak mouton yo devan Jewova, li te mete pen yo ak moso mouton yo sou men l pou l balanse yo devan Jewova, sa vle di li te prezante yo devan Jewova. Apre prèt la te fin ofri pen yo ak mouton yo, yo te vin pou li pou l manje yo antanke yon sakrifis kominyon. — Le 23:18-20.
25-31 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 24-25
“Ane Liberasyon an ak libète nou pral genyen alavni an”
it-2-F 137
Libète
Bondye libète a. Jewova se Bondye libète a. Li te libere nasyon Izrayèl la anba esklavaj nan peyi Ejip. Li te di yo toutotan yo obeyi kòmandman l yo, yo pa t ap nan nesesite (Dt 15:4, 5). David te di moun ki abite nan fòtrès Jerizalèm yo “santi yo an sekirite”. (Sm 122:6, 7.) Sepandan, nan ka yon moun ki te vin pòv, Lalwa te prevwa moun sa a ka vann tèt li kòm esklav pou l ka jwenn sa l bezwen e pou l ka bay fanmi l sa yo bezwen. Men, Lalwa te di y ap rebay moun sa a ki te yon Ebre libète l nan setyèm ane a (Eg 21:2). Nan ane Liberasyon an (sa ki rive chak 50 an), yo te fè tout moun k ap viv nan peyi a konnen yo gen libète. Tout Ebre ki te esklav te vin lib e chak gason te retounen sou tè li te resevwa kòm eritaj la. — Le 25:10-19.
it-1-F 1107 § 7
Eritaj
Piske yon tè te dwe rete nan menm fanmi an jenerasyon apre jenerasyon, yo pa t ka vann li pou toutan. Lè yo te vann yon tè, an reyalite, se lwe yo te lwe tè a pou valè rekòt li te ka pwodui. Yo te kalkile pri tè a ka vann selon kantite ane ki rete anvan pwochen ane Liberasyon an rive. Se te ane kote tout moun ki te mèt tè yo te rejwenn tè yo te resevwa kòm eritaj yo si yo pa t gentan reyachte yo anvan ane Liberasyon an rive (Le 25:13, 15, 23, 24). Lwa sa a te aplikab tou pou kay ki te nan vil ki pa t gen miray, yo te wè kay sa yo tankou kay ki nan savann. Pou kay ki te nan vil ki gen miray yo, dwa pou moun reyachte yo a te dire sèlman ennan soti nan lè li te vann yo a, apre dat sa a kay yo vin pwopriyete moun ki achte yo a. Pou kay ki te nan vil ki te pou Levit yo, dwa pou yo reyachte a te kontinye pou toutan, paske Levit yo pa t resevwa tè kòm eritaj. — Le 25:29-34.
it-2-F 70
Ane Liberasyon an
Lè yo te obeyi lwa sou ane Liberasyon an, sa te evite nasyon an plonje nan eta tris n ap obsève jodi a nan anpil peyi, kote se prèske de klas sosyal sèlman ki genyen, youn ki rich anpil e lòt la ki pòv anpil. Byenfè chak moun te jwenn te bay nasyon an fòs, paske okenn nan yo pa t vin pòv e yo pa t rete san fè anyen akoz pwoblèm ekonomik, men yo tout te kapab sèvi ak talan yo e kapasite yo pou byennèt nasyon an. Lefètke Jewova te beni sa tè a te pwodui e l te bay nasyon Izrayèl la enstriksyon, toutpandan nasyon an t ap obeyi l, yo t ap gen yon gouvènman pafè e bagay yo t ap byen mache pou yo, paske se sèlman lè Bondye ap dirije, moun yo kapab jwenn bagay sa yo. — Eza 33:22.
1-7 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 26-27
“Fason pou n jwenn benediksyon Bondye”
it-2-F 753 § 2
Lakrentif
Akoz fason Jewova te sèvi ak Moyiz e l te boule avè l, Moyiz te demontre yon kokenn pisans (ann ebre, mora) devan je pèp Bondye a (Dt 34:10, 12; Eg 19:9). Moun nan pèp la ki te gen lafwa yo te demontre krent ak respè pou otorite Moyiz. Yo te konprann Bondye te pale avèk yo pa mwayen Moyiz. Izrayelit yo te dwe demontre respè tou pou tanp Jewova a (Le 19:30; 26:2). Sa te vle di yo te dwe demontre gwo respè pou tanp lan, lè yo adore Jewova fason l te mande a e yo viv ann amoni ak tout kòmandman l yo.
w91-F 1/3 17 § 10
Kite “lapè Bondye” pwoteje kè w
10 Jewova te di nasyon an: “Si nou kontinye mache selon lwa ak kòmandman m yo, e si nou obeyi yo, m ap fè anpil lapli tonbe pou nou nan lè pou l tonbe. Tè a ap bay rekòt e pyebwa ki nan jaden yo ap donnen. M ap mete lapè nan peyi a e n ap kouche san pèsonn pa fè nou tranble. M ap retire bèt sovaj yo nan peyi a e okenn ènmi pap atake peyi a ak epe yo. M ap mache nan mitan nou, m ap Bondye nou, e nou menm bò kote pa nou, n ap pèp mwen.” (Levitik 26:3, 4, 6, 12). Izrayèl te kapab viv nan lapè paske yo te an sekirite bò kote ènmi yo, yo te gen anpil bagay materyèl e yo te gen yon relasyon sere sere ak Jewova. Toutfwa, pou yo te pwofite tout byenfè sa yo, yo te dwe obeyi Lwa Jewova te bay la. — Sòm 119:165.
Trezò espirityèl
it-2-F 564
Epidemi
Konsekans sa bay lè moun abandone Lwa Bondye. Bondye te avèti nasyon Izrayèl la si yo pa respekte alyans li te fè avèk yo a, kòm rezilta l ap ‘voye tout kalite maladi nan mitan yo’. (Le 26:14-16, 23-25; Dt 28:15, 21, 22.) Nan tout Bib la, yo asosye sante fizik oswa sante espirityèl ak benediksyon Bondye bay (Dt 7:12, 15; Sm 103:1-3; Pw 3:1, 2, 7, 8; 4:21, 22; Re 21:1-4), tandiske yo asosye maladi ak peche epi enpèfeksyon (Eg 15:26; Dt 28:58-61; Eza 53:4, 5; Mt 9:2-6, 12; Jan 5:14). Donk, se vre nan kèk ka Jewova Dye te voye maladi dirèkteman e bridsoukou sou kèk moun, tankou lè l te voye lèp sou Miryam, Ozyas ak Geyazi a (Nb 12:10; 2Kw 26:16-21; 2Wa 5:25-27), men tou, sa rive nan anpil ka kote epidemi ak maladi se rezilta move konduit kèk moun oswa kèk nasyon, yon seri rezilta yo pa ka evite. Yo tou senpleman rekòlte sa yo te simen; kò yo sibi konsekans move konduit yo genyen an (Ga 6:7, 8). Konsènan moun ki lage kò yo nan imoralite seksyèl ki bay degoutans, apot la di Bondye “kite yo lage kò yo nan konduit ki pa pwòp, dekwa pou yo ka dezonore pwòp kò yo, [...] yo resevwa yon pinisyon total pou move konduit yo genyen an”. — Wm 1:24-27.
8-14 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NONB 1-2
“Jewova òganize pèp li a”
w94-F 1/12 9 § 4
Plas adorasyon Jewova a dwe gen nan lavi nou
4 Si w ta fè yon ti koudèy sou kan Izrayèl la nan dezè a, ki sa w t ap wè? Yon kantite tant ki byen òdone, ki gen petèt twa milyon moun oswa plis k ap viv ladan yo, ki te ranje an gwoup twa tribi nan nò, nan sid, nan lès ak nan lwès. Lè w gade pi pre, ou ta kapab wè tou yon lòt gwoup tribi ki pi pre mitan kan an. Se te fanmi nan tribi Levi a ki te abite nan kat ti gwoup tant sa yo. Nan mitan kan an menm, nan yon zòn ki separe ak yon rido tankou se te yon miray, te gen yon konstriksyon yo te fè ki te espesyal. Se te “tant reyinyon an” oswa tabènak la. Se yon seri Izrayelit “ki te fò nan travay yo t ap fè yo” ki te konstwi l selon plan Jewova te bay la. — Nonb 1:52, 53; 2:3, 10,17, 18, 25; Egzòd 35:10.
it-1-F 385 § 7
Kan
Kan Izrayèl la te gwo anpil. Kantite moun yo te anrejistre yo te pale de yo pi wo a se te yon total 603 550 gason ki ka al nan lagè, san konte fi ak timoun, moun ki aje ak moun andikape. Epi, te gen 22 000 Levit ak “anpil lòt moun ki pa Izrayelit”, ki te etranje. Petèt tout moun sa yo met ansanm te 3 000 000 moun oswa plis (Eg 12:38, 44; Nb 3:21-34, 39). Yo pa fin konnen ki kantite espas kan an te pran; estimasyon yo fè yo diferan anpil. Lè kan an te anfas Jeriko nan plèn mowab la, yo te di l te “soti Bètjechimòt rive jis Abèlsitim”. — Nb 33:49.
Trezò espirityèl
it-1-F 767
Anrejistreman
An jeneral, yo te fè yon anrejistreman selon non ak desandans moun yo, e dapre tribi ak fanmi yo te soti. Se te plis pase yon senp resansman oswa konte kantite moun ki te genyen. Bib la pale de anrejistreman yo te konn fè nan nasyon an pou plizyè rezon tankou, pou resevwa enpo, pou sèvis nan lame oswa pou fè sèvis nan kote ki sakre a (Levit yo te ladan yo tou).
15-21 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NONB 3-4
“Travay Levit yo te konn fè”
it-2-F 655 § 1
Prèt
Sou alyans Lalwa a. Lè Izrayelit yo te nan esklavaj nan peyi Ejip, Jewova te fè tout premye pitit gason ki te nan pèp Izrayèl la vin sen pou li, lè l te touye tout premye pitit gason nan peyi Ejip ak dizyèm flewo a (Eg 12:29; Nb 3:13). Donk, tout premye pitit sa yo te pou Jewova e yo te la sèlman pou fè sèvis espesyal pou li. Bondye te ka chwazi tout premye pitit gason ann Izrayèl pou yo sèvi l antanke prèt e antanke moun k ap pran swen tabènak la. Olye de sa, ann amoni ak volonte l, li te pran gason ki soti nan tribi Levi a pou fè travay sa a. Se rezon sa a ki fè li te pèmèt nasyon an bay gason ki Levit yo nan plas premye pitit gason ki nan 12 lòt tribi yo (yo te konte desandan pitit gason Jozèf yo, Efrayim ak Manase, pou 2 tribi). Nan yon resansman yo te fè, yo te wè te gen 273 lòt premye pitit gason ki pa t Levit ki te gen yon mwa oswa plis pase kantite pitit gason ki levit yo, donk, Bondye te mande yon pri kòm ranson ki se senk chekèl (ki egal a $11)pou chak pitit gason nan 273 pitit gason sa yo. Yo te bay Arawon ak pitit gason l yo lajan sa a (Nb 3:11-16, 40-51). Anvan aranjman sa a, Jewova te gentan mete tout gason ki nan fanmi Arawon ki soti nan tribi Levi a apa pou sèvi kòm prèt ann Izrayèl. — Nb 1:1; 3:6-10.
it-2-F 133
Levit yo
Travay yo te konn fè. Levit yo te soti nan twa fanmi, ki soti nan pitit gason Levi: Gèchon (Gèchòm), Keyat ak Merari (Jen 46:11; 1Kw 6:1, 16). Yo te bay chak fanmi sa yo yon plas toupre tabènak la nan dezè a. Moun ki soti nan fanmi Keyat e ki pitit Arawon yo te kanpe devan tabènak la nan direksyon lès. Lòt moun ki soti nan fanmi Keyat yo te nan sid, Moun ki sot nan fanmi Gèchon yo te nan lwès e moun ki sot nan fanmi Merari yo te nan nò (Nb 3:23, 29, 35, 38). Travay Levit yo se te monte tabènak la, demonte l epi pote l. Lè se te moman pou Izrayelit yo te deplase, Arawon ak pitit gason l yo te desann rido ki separe Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an, epi yo te kouvri lach alyans lan, lotèl yo, lòt ekipman ak veso ki sakre yo. Apre sa, moun ki soti nan fanmi Keyat yo t ap pote bagay sa yo. Moun ki sot nan fanmi Gèchon yo te pote twal tant lan, sa ki te kouvri l yo, rido, rido ki bare lakou a ak kòd tant lan (nòmalman, kòd tabènak la te ladan l tou). Moun ki sot nan fanmi Merari yo t ap pran swen ankadreman ki soutni tabènak la, poto yo, sipò pou poto yo, pikèt tant lan genyen yo ansanm ak kòd yo (kòd ki te nan lakou ki antoure tabènak la). — Nb 1:50, 51; 3:25, 26, 30, 31, 36, 37; 4:4-33; 7:5-9.
it-2-F 133
Levit yo
Nan epòk Moyiz la, a 30 an, yon Levit te ranpli tout responsablite l, sa gen ladan l pote tabènak la ak tout ekipman l yo lè y ap deplase (Nb 4:46-49). Gen travay yo te ka fè lè yo gen 25 an, men sanble yo potko ka fè travay ki difisil, tankou pote tabènak la (Nb 8:24). Nan epòk wa David la, laj sa a te redui a 20 an. Rezon David te bay pou sa, sèke yo pa t ap gen pou yo pote tabènak la ankò (se tanp lan ki t apral ranplase l). Travay sa yo ki te obligatwa te fini a 50 an (Nb 8:25, 26; 1Kw 23:24-26; gade ÂGE). Levit yo te dwe byen konnen Lalwa, paske yo t ap gen pou yo li l an piblik epi pou yo anseye pèp la. — 1Kw 15:27; 2Kw 5:12; 17:7-9; Ne 8:7-9.
22-28 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NONB 5-6
“Ki jan w ka imite Nazireyen yo?”
it-2-F 381-382
Nazireyen
Moun ki te fè ve Nazireyen an te dwe respekte twa bagay prensipal: 1) yo pa t dwe bwè okenn bwason ki gen alkòl, ni manje okenn pwodui ki soti nan pye rezen, kit se rezen vèt, rezen mi oswa rezen sèk. Yo pa t dwe bwè ji ki fèt avè l, kit se lè yo fèk keyi l, kit se lè l tounen diven oswa vinèg. 2) yo pa t dwe koupe cheve yo, e 3) yo pa t dwe manyen yon kadav, menmsi se te fanmi ki pi pwòch yo a tankou papa, manman, frè oswa sè. — Nb 6:1-7.
Ve espesyal. Moun ki te fè ve espesyal sa a te dwe “viv antanke Nazireyen [sa vle di moun ki vwe, ki apa] pou Jewova”, li pa t fè sa pou moun ka apwouve l poutèt li t ap viv tankou yon asèt fanatik. Olye de sa, “pandan tout tan l ap viv antanke Nazireyen an, li sen pou Jewova.” — Nb 6:2, 8; konpare ak Jen 49:26.
Sa yo te mande Nazireyen yo fè yo te gen anpil enpòtans ak anpil sans nan adorasyon yo t ap bay Jewova a. Nazireyen yo te menm jan ak gran prèt la, akoz travay sakre l ap fè a, li pa t ka manyen yon kadav, menmsi se te kadav fanmi ki pi pwòch li a. Akoz gwo responsablite gran prèt la ak lòt prèt yo te genyen nan sèvis yo a, yo pa t gen dwa bwè ni diven ni bwason ki gen alkòl lè yo t ap fè travay sakre yo a devan Jewova. — Le 10:8-11; 21:10, 11.
Anplis de sa, Nazireyen an (ann ebre, nazi) “te dwe montre li sen lè li kite très cheve nan tèt li yo pouse”, se te yon siy klè ki te pèmèt tout moun ka rekonèt byen vit li sen e li se yon Nazireyen (Nb 6:5). Yo te itilize menm mo ebre nazi a pou yo pale de rezen ki “pa t taye yo” pandan ane saba a ak ane Liberasyon an ki sakre (Le 25:5, 11). Sa enteresan pou n konnen tou plak annò ki te devan gwo mouchwa gran prèt la te gen pawòl sa yo ekri sou li: “Jewova sen”. Yo te rele l “plak sakre [ann ebre, nezè, ki soti nan menm orijin ak mo nazi a]”. (Eg 39:30, 31.) Menm jan an tou, yo te itilize mo nezè a lè y ap pale de sa ki te sou tèt wa Bondye te chwazi ann Izrayèl yo, sa vle di kouwòn nan (2Sa 1:10; 2Wa 11:12; gade CONSÉCRATION; COURONNE). Nan kongregasyon kretyen an, apot la te di Bondye bay yon fi cheve long pou kouvri tèt li. Sa fè l sonje natirèlman li nan yon pozisyon ki diferan ak gason; Li dwe sonje li nan yon pozisyon kote l dwe gen soumisyon, selon dispozisyon Bondye mete a. Kidonk, egzijans sa yo, tankou pa koupe cheve (ki pa t natirèl pou yon gason), evite bwè diven, rete pwòp e san tach, te ede Nazireyen yo wè enpòtans pou yo pa viv pou tèt yo e pou yo soumèt yo nèt anba volonte Jewova. — 1Ko 11:2-16; gade CHEVEUX, POILS; COUVRIR LA TÊTE (SE); NATURE.
Trezò espirityèl
w05 15/1-F 30 § 2
Kesyon lektè yo poze
Men, Samson te Nazireyen nan yon lòt sans. Anvan Samson te fèt, zanj Jewova te di manman l: “Tande, ou pral vin ansent e w ap fè yon pitit gason. Ou pa dwe koupe cheve l, paske, l ap yon Nazireyen pou Bondye depi lè l fèt. L ap pran latèt pou l sove pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.” (Jij 13:5). Samson pa t fè ve Nazireyen yo konn fè a. Se Bondye ki te chwazi l pou l vin Nazireyen, e li te Nazireyen pou lavi. Entèdiksyon pa manyen kadav la pa t aplike avè l. Si sa te rive epi li te manyen yon kadav san l pa t fè espre, ki jan l t ap ka rekòmanse lavi l antanke Nazireyen, jan l te ye depi l te fèt la? Donk, li klè, sa yo te konn atann de moun ki Nazireyen pou lavi yo te diferan pafwa ak sa yo te atann de moun ki te chwazi fè ve Nazireyen an.