LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Pa imite moun ki pa fidèl
Lè Kore, Datan ak Abiram te rebele kont dispozisyon Jewova te mete anplas, yo te montre yo pa t fidèl avè l. Jewova te detwi rebèl yo ansanm ak tout moun ki t ap soutni yo (Nb 16:26, 27, 31-33). Ki sitiyasyon ki ka teste fidelite nou anvè Jewova? Ki egzanp nan Bib la k ap ede n pa imite moun ki pa fidèl?
GADE VIDEYO KI GEN TIT PA IMITE MOUN KI PA FIDÈL, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki eprèv Nadia te rankontre, ki egzanp ki te sèvi l avètisman e ki te ede l ret fidèl?
Ki eprèv yon frè ki te desi te jwenn, ki egzanp ki te sèvi l avètisman e ki te ede l ret fidèl?
Ki eprèv Clarens te jwenn, ki egzanp ki te sèvi l avètisman e ki te ede l ret fidèl?
Ki eprèv yon frè te jwenn nan lekòl li, ki egzanp ki te sèvi l avètisman e ki te ede l ret fidèl?