Nou dwe respekte otorite Jewova
Kora, Datàn, Abiram. A ki sa non moun sa yo, ki t ap viv nan tan lontan, fè w panse ? Ak rebelyon ! Rebelyon kont ki sa ? Kont otorite Bondye etabli. Nan Nonb chapit 16, nou jwenn detay sou trajedi ki te rive nan lavi moun sa yo, e, nan La Tour de Garde 1ye out 2002, te gen yon atik, “ Soumettons-nous fidèlement à l’autorité établie par Dieu ”, ki fè yon panche sou kesyon an. Li ta bon pou w li referans sa yo, e apre sa, pou w gade kasèt videyo Respect Jehovah’s Authority, ki montre sa ki te pase a yon fason ki pou fè nou reflechi. Nan videyo sa a, yo montre mezantant ki te vin genyen ant pitit gason Kora yo, ki te fidèl, ak papa yo, ki te rebèl e ki te vin an konfli ak Souvren linivè a (Nonb 26:9-11). Dram sa a, ki baze sou yon istwa ki vrè, ta sipoze ede nou tout nan efò n ap fè pou nou vin pi fidèl toujou anvè Jewova.
Pandan w ap gade videyo sa a, chèche wè ki jan Kora ak rebèl parèy li yo te echwe nan tès fidelite a nan sis domèn esansyèl : 1) Ki jan yo te manke respè pou otorite Bondye etabli ? 2) Ki jan yo te kite ògèy, anbisyon ak jalouzi anpare yo ? 3) Ki sa k montre se sèlman sou feblès moun Jewova etabli yo mesye sa yo te gade ? 4) Ki mantalite moun ki renmen plenyen mesye sa yo te devlope lakay yo ? 5) Pou ki rezon yo te vin pa satisfè ak travay yo te gen privilèj akonpli ? 6) Nan ki sans yo te bay zanmi yo ak fanmi yo plis enpòtans pase fidelite yo anvè Bondye ?
Egzamine ki jan leson nou tire nan dram biblik sa a ka gen efè sou pwennvi nou genyen pèsonèlman sou otorite Bondye etabli jodi a : 1) Ki jan nou fèt pou nou reyaji devan desizyon ansyen yo pran nan kongregasyon an, e poukisa ? 2) Ki jan nou ka konbat nenpòt ki move tandans nou gen lakay nou ? 3) Ki jan nou ta dwe reyaji devan enpèfeksyon ki lakay frè k ap dirije yo ? 4) Ki sa pou nou fè si nou wè tandans pou nou plenyen kòmanse ap devlope nan kè nou ? 5) Ki jan nou fèt pou nou konsidere kèlkeswa privilèj nou resevwa ? 6) Ki moun ki pa dwe janm gen priyorite sou fidelite nou anvè Bondye, e nan ki ka sa ta ka yon eprèv difisil pou nou ?
Lè yo fin egzamine enfòmasyon sa yo nan kongregasyon an, ou pa panse l ta bon pou w regade kasèt sa a ankò ? Kite l grave pi fon nan tèt ou rezon ki fè nou dwe toujou respekte otorite Jewova ! — Sòm 18:25 ; 37:28.