LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Chwazi zanmi w yo avèk sajès
Kretyen yo ka tire leson nan sa ki te rive Izrayelit yo nan plèn Mowab yo (1Ko 10:6, 8, 11). Izrayelit ki te kòmanse frekante medam peyi Mowab yo, ki te konn fè imoralite seksyèl e ki t ap adore zidòl, te tonbe nan fè sa ki mal. Sa te pote move konsekans pou yo (Nb 25:9). Nou gen kòlèg travay, kamarad lekòl, vwazen, fanmi ak lòt moun nou konnen ki pap sèvi Jewova. Ki sa n ka aprann nan istwa ki nan Bib la sou danje ki genyen lè nou fè zanmi ak moun sa yo?
GADE VIDEYO KI GEN TIT EGZANP MOUN KI SÈVI AVÈTISMAN POU NOU JODI A — YON PATI NAN VIDEYO A, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki move panse Zimri ak kèk lòt Izrayelit te genyen e yo te fè Jamin konn sa?
Ki jan Fineyas te ede Jamin wè bagay yo byen?
Ki diferans ki genyen ant amikal ak yon moun ki pa kwayan ak zanmi l?
Poukisa nou bezwen veye lè n ap chwazi bon zanmi nou yo menm nan kongregasyon an?
Poukisa nou pa dwe antre nan gwoup sou rezo sosyal ak moun nou pa konnen?