Tanpri, koute konsèy nou jwenn nan kasèt videyo Egzanp pou ban nou leson nan tan pa nou an
Nou tout nou ka jwenn fòs pou nou kontinye rete entèg si nou koute konsèy nou jwenn nan dram biblik Egzanp pou ban nou leson nan tan pa nou an. Anvan nou gade kasèt videyo sa a, silvouplè, li Nonb chapit 25 ak sa yo di sou vèsè sa yo nan liv Étude perspicace des Écritures, volume 2, paj 302, § 4-6. Apre sa, chèche reponn kesyon sa yo : Kilès Mowabit yo te ye, e poukisa Jewova te di Moyiz pou l pa t fè lagè kont yo (Det. 2:9) ? Ki fason Balaram te panse sèvi ak Mowabit yo pou l detwi nasyon Izrayèl la ? Poukisa nou pa ta dwe bliye sa k te rive anpil Izrayelit ki te echwe nan yon gwo eprèv jis anvan yo antre nan Latè pwomiz la ? — 1 Kor. 10:11, 12.
Etan w ap gade kasèt videyo Egzanp pou ban nou leson nan tan pa nou an, reflechi sou kat domèn nan lavi a nou dwe veye sou yo anpil jodi a si nou vle rete fidèl e si nou vle Bondye fè nou favè. 1) Atitid nou : Nan ki sans nou ka di gen kèk Izrayelit ki te demontre yo te gen yon move atitid devan Jewova e devan dispozisyon li pran ? Olye pou nou ta imite yo, ki atitid nou ta dwe fè efò pou nou demontre ? 2) Moun n ap frekante : Poukisa Jewova pa t vle Izrayelit yo fè zanmi ak Mowabit yo (Egz. 34:12 ; Pwo. 13:20) ? Poukisa nou dwe pran prekosyon lè n ap chwazi zanmi nou ? 3) Moralite nou : Nan ki peche grav move frekantasyon te mennen anviwon 23 000 Izrayelit (1 Kor. 10:8) ? Jodi a, ki sa ki rale kèk sèvitè Bondye nan chemen imoralite, men, ki jan nou ka anpeche sa rive nou ? 4) Adorasyon n ap bay : Nan ki sans Izrayelit yo te jwenn eprèv konsènan adorasyon pwòp yo t ap bay Bondye a ? Nan ki fòm idolatri kèk moun ka tonbe jodi a, san yo pa menm rann yo kont ? Men, ki jan nou ka evite sa ? — Kol. 3:5.
Anndan dram nan, ki rekonpans Yamin te jwenn paske li te rete entèg ? Grasa kasèt videyo sa a, ki bèl envitasyon Kolèj santral la ap fè tout vrè kretyen yo ? Si w se yon chèf fanmi, sa k fè, dapre ou menm, li ta bon pou moun lakay ou gade kasèt videyo sa a detanzantan ?