BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 novanm p. 7
  • Konsèy sou fason pou n fè reyinyon predikasyon ki efikas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Konsèy sou fason pou n fè reyinyon predikasyon ki efikas
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Reyinyon predikasyon ki atenn objektif yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Tire pwofi omaksimòm nan reyinyon predikasyon yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Reyinyon predikasyon yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 novanm p. 7
Foto ki ansanm: 1. Yon frè k ap prepare l pou l al fè soti predikasyon an. Foto a montre plizyè kalite feyè, yon mesye k ap bay nouvèl, e moun yo rankontre a refize pran yon feyè. 2. Frè a k ap fè soti predikasyon an nan demen ki gen yon feyè ak yon Bib nan men l.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Konsèy sou fason pou n fè reyinyon predikasyon ki efikas

Menm jan ak tout reyinyon kongregasyon an, reyinyon predikasyon yo se yon dispozisyon Jewova pran pou pouse youn lòt gen lanmou epi fè bèl aksyon (Eb 10:24, 25). Yo ta dwe dire ant 5 a 7 minit, sa gen ladan l òganize gwoup yo, fè asiyasyon tèritwa yo, epi fè yon priyè. (Lè yo fè reyinyon sa a apre reyinyon kongregasyon an, li dwe pi kout toujou.) Moun k ap kondui reyinyon an ta dwe prepare yon sijè k ap pwofitab pou tout moun k ap patisipe nan predikasyon jou sa a. Pa egzanp, anpil moun ki soti nan predikasyon jou samdi pa preche pandan semèn nan, se sa k fè, li ka itil pou kondiktè a senpleman pale sou sa pou yo di. Ki lòt sijè ki ta ka itil pou nou pale sou yo?

  • Yon modèl konvèsasyon ki soti nan Reyinyon lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri a

  • Fason nou ka sèvi ak yon bagay ki te pase oubyen yon nouvèl pou nou kòmanse yon konvèsasyon

  • Fason pou n fè fas ak yon objeksyon nou abitye jwenn

  • Fason nou ka reponn yon moun ki pa kwè nan Bondye, yon moun ki kwè nan evolisyon, yon moun ki pale yon lòt lang, oswa yon moun ki nan yon relijyon nou pa abitye nan tèritwa nou an

  • Fason nou ka sèvi ak sit jw.org la, aplikasyon JW Library® a, oswa Bib la

  • Fason nou ka sèvi ak youn nan zouti ki nan Bwat zouti pou anseye a

  • Fason nou ka aprann yon aspè byen presi nan travay predikasyon an tankou preche nan telefòn, ekri lèt, temwayaj an piblik, fè nouvèl vizit oswa etid biblik

  • Bay kèk rapèl sou sekirite, fason pou nou fleksib, pou nou byen konpòte nou ak lòt moun, pou nou gen yon atitid pozitif oswa lòt sijè menm jan an

  • Yon leson oswa yon videyo nan bwochi Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay la

  • Fason w ka ede epi ankouraje patnè predikasyon w lan

  • Yon vèsè ki gen rapò ak travay predikasyon an oswa yon bèl eksperyans nou te fè nan tèritwa a

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje