BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb23 janvye p. 11
  • Chèche konnen panse Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chèche konnen panse Bondye
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sou menm sijè a
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Pran desizyon k ap fè Jewova plezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Chèche gen sajès lè w li Bib la chak jou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Paran, anseye pitit ou ki jèn fason pou yo fè kè Bondye kontan
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
mwb23 janvye p. 11
Yon imaj ki soti nan videyo “Nou dwe ‘kouri avèk andirans’ — Manje manje ki gen vitamin.” Rebeka sèvi ak bwochi “Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie” a pou l fè rechèch.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chèche konnen panse Bondye

Nou vle fè Jewova plezi nan tout bagay (Pw 27:11). Pou n fè sa, nou bezwen pran desizyon ki reflete fason l panse menm lè pa gen yon lwa oswa yon kòmandman klè pou gide nou. Ki sa k ka ede nou fè sa?

Kenbe yon pwogram etid Labib ki regilye. Chak fwa nou li Bib la se kòmsi n ap pase tan ak Jewova. Nou ka aprann fason Jewova panse lè n obsève jan l te boule ak pèp li a e lè n egzamine egzanp moun ki te fè bon oswa move bagay nan je Jewova. Lè n bezwen pran yon desizyon, lespri sen ka fè n sonje leson ak prensip enpòtan nou te aprann nan pawòl Bondye a. — Jn 14:26.

Fè rechèch. Lè w gen pou w pran yon desizyon, mande tèt ou: ‘Ki vèsè oswa ki istwa nan Bib la ki ka ede m konprann fason Jewova santi l anrapò ak sitiyasyon an?’ Priye Jewova pou l ede w, epi sèvi ak zouti pou fè rechèch òganizasyon an ban nou ki disponib nan lang pa w la pou ede w jwenn epi aplike prensip biblik ki gen rapò ak sitiyasyon w lan. — Sm 25:4.

GADE VIDEYO KI GEN TIT NOU DWE “KOURI AVÈK ANDIRANS” — MANJE MANJE KI GEN VITAMIN, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ak ki presyon jèn sè nan videyo a t ap fè fas?

  • Ki jan w ka sèvi ak zouti pou w fè rechèch yo pou ede w jere presyon menm jan an?

  • Ki byenfè nou jwenn lè nou pran tan pou n fè rechèch ak bonjan etid pèsonèl ki ka ede nou pran bon desizyon? — Eb 5:13, 14

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje