BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb23 me p. 13
  • Èske w byen sèvi ak Bib sou fòma odyo a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w byen sèvi ak Bib sou fòma odyo a?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou nou sèvi ak anrejistreman odyo yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Fason moun ka tande e wè yon seri bagay pandan kongrè a
    Fason n itilize ofrann nou yo
  • Sit wèb ofisyèl nou an: Sèvi avè l pou n ede moun ki pale lòt lang
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Èske w konn mande tèt ou?
    Reveye n! — 2019
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
mwb23 me p. 13
Foto ki ansanm: Moun k ap koute Bib sou fòma odyo. 1. Yon frè ki sèvi ak yon kas pou l koute Bib la sou telefòn li pandan l deyò. 2. Yon manman ak ti pitit fi l k ap sèvi ak yon aparèy yo kòmande ak vwa pou yo koute Bib sou fòma odyo a pandan y ap suiv nan yon Bib enprime. 3. Yon sè sèvi ak yon kas pou l koute Bib sou fòma odyo a pandan l nan transpò piblik.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Èske w byen sèvi ak Bib sou fòma odyo a?

Ki sa Bib sou fòma odyo a ye? Bib sou fòma odyo a se anrejistreman vèsyon revize Tradiksyon monn nouvo a. Y ap pibliye yo sou Entènèt ofiramezi nan kantite lang sa posib. Youn nan aspè enpòtan Bib sou fòma odyo a genyen sèke yo itilize yon vwa diferan pou chak pèsonaj ki nan Bib la. Yo byen mete aksan ak emosyon sou mo yo pou yo transmèt mesaj ki nan Bib la yon fason ki egzak.

Ki jan kèk moun jwenn byenfè nan Bib sou fòma odyo a? Anpil moun ki koute Bib la sou fòma odyo renmen fason l fè Pawòl Bondye a vivan. Yo santi lè yo tande yon vwa diferan pou chak pèsonaj ki nan Bib la, yo ka pi byen imajine evènman biblik yo e yo ka pi byen konprann sa ki ekri a (Pw 4:5). Epitou, anpil moun twouve lè yo koute Bib la sou fòma odyo, sa kalme yo lè yo santi yo enkyè. — Sm 94:19.

Lè n tande y ap li Pawòl Bondye a awotvwa, sa ka gen gwo efè sou lavi nou (2Kw 34:19-21). Si Bib la disponib sou fòma odyo an pati oswa an antye nan yon lang ou ka konprann, èske w ta ka fè l fè pati woutin espirityèl ou lè w koute l regilyèman?

GADE VIDEYO KI GEN TIT FASON YO PWODUI BIB LA SOU FÒMA ODYO — YON PATI NAN VIDEYO A, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE A:

Ki sa ki enpresyone w anrapò ak fason y ap pwodui Bib la sou fòma odyo a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje