BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr24 mas p. 1-11
  • Referans pou “Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou “Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a”
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a — 2024
  • Soutit
  • 4-10 MAS
  • 11-17 MAS
  • 18-24 MAS
  • 25-31 MAS
  • 1-7 AVRIL
  • 8-14 AVRIL
  • 15-21 AVRIL
  • 22-28 AVRIL
  • 29 AVRIL–5 ME
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a — 2024
mwbr24 mas p. 1-11

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

© 2023 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

4-10 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 16-17

‘Jewova se sous tout bon bagay mwen genyen’

w18.12 26 § 11

Jèn, ou ka gen kè kontan nan lavi w

CHÈCHE GEN BON ZANMI

11 Li Sòm 16:3. David te konnen sekrè pou moun jwenn bon zanmi. Lè li te ansanm ak moun ki renmen Jewova, sa te ba l “gwo kè kontan”. Li pale de moun sa yo kòm “moun ki sen”, ki pwòp nan domèn moral e ki jis. Gen yon lòt moun ki te patisipe nan ekri Sòm yo ki te wè bagay yo menm jan an nan kesyon chwazi zanmi. Men sa l te ekri: “Mwen se zanmi tout moun ki gen lakrentif pou ou ak moun ki obeyi lòd ou yo.” (Sòm 119:63). Jan nou te wè sa nan atik anvan an, nou menm tou nou ka jwenn anpil bon zanmi pami moun ki gen lakrentif pou Jewova e ki obeyi l. Nòmalman, nou ka jwenn zanmi tout laj pami moun sa yo.

w14 15/2 29 § 4

Annou “kontanple cham Jewova”

Men sa David te di nan yon chante: “Senyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m tou sa m merite. Lavi m nan men ou.” (Sòm 16:5, 6). David te kontan gen “byen” sa a, sètadi privilèj li te genyen pou Jewova aksepte l kòm zanmi l ak privilèj li te genyen pou l sèvi Jewova. Menm jan ak David, nou kapab ap fè fas ak sitiyasyon ki fè nou soufri, men, Jewova beni nou anpil. Se sa k fè, annou kontinye pran plezi nan vrè adorasyon an epi, annou toujou ‘chèche gen apresyasyon’ pou tanp espirityèl Jewova a.

w08 15/2 3 § 2-3

Mete Jewova devan w toutan

2 Nou tout ka aprann anpil bagay nan eksperyans kèk moun yo pale de yo nan Bib la te fè, tankou Abraram, Sara, Moyiz, Rit, David, Estè, apot Pòl ak lòt moun ankò. Sepandan, nou ka tire pwofi tou nan istwa yo rakonte sou moun yo pa pale anpil de yo. Lè nou medite sou istwa biblik yo, sa kapab ede nou aji menm jan ak salmis la ki te di: “Mwen mete Jewova devan m toutan. Piske li adwat mwen, mwen pap kilbite.” (Sòm 16:8). Ki sa pawòl sa yo vle di?

3 An jeneral, yon sòlda te konn itilize epe l ak men dwat li e li te konn pote boukliye l ak men goch li. Sa fè bò dwat li te san pwoteksyon. Sepandan, li te jwenn pwoteksyon si l te gen yon zanmi l toupre, sou bò dwat li, k ap batay bò kote l. Si nou toujou ap panse ak Jewova e nou fè volonte l, l ap pwoteje nou. Kidonk, annou wè ki jan istwa biblik yo ka fòtifye lafwa nou yon fason pou nou “toujou mete Seyè a devan je [nou]”. — Bib la.

Trezò espirityèl

it-2 697

Gla je

Lè yo itilize mo ebre ichon an (Dt 32:10; Pw 7:2) ansanm ak mo ayin nan (je), li vle di mo pou mo “ti tonton ki nan je a”; menm jan an tou, yo sèvi ak mo bat (pitit fi) nan Lamantasyon 2:18 pou bay ide “ti pitit fi ki nan je a”, toude ekspresyon sa yo fè referans ak gla je a. Yo itilize de mo sa yo ansanm nan Sòm 17:8 (ichon bat ayin) pou yo mete aksan mo pou mo sou “ti tonton, ti pitit fi ki nan je a” (“gla je”, NW). Sa klè, ekspresyon sa a gen rapò ak ti imaj tèt nou ki parèt nan je moun ki anfas nou an.

Je a frajil anpil e li sansib; je a reyaji byen vit lè yon ti branch cheve oswa yon ti grenn pousyè tonbe ladan l. Nou dwe toujou pwoteje e pran swen pati transparan je a (blan je a) ki kouvri gla je a, paske si pati sa a ta vin andomaje oswa li ta vin twoub akoz yon maladi, sa ka lakòz nou pa wè byen oswa nou vin avèg. Se avèk rezon, Bib la sèvi ak ekspresyon “gla je a” pou l montre enpòtans pou nou pwoteje je a epi pran swen l. Se menm bagay la nou dwe fè pou lwa Bondye a (Pw 7:2). Anpalan de fason Bondye te pran swen nasyon Izrayèl la tankou yon papa, Detewonòm 32:10 di Bondye te pwoteje nasyon an “tankou gla je l”. David te priye Bondye pou l pwoteje l epi pran swen l tankou “gla je l”. (Sm17:8.) Li te swete pou Jewova reyaji vit pou l vin sove l lè ènmi atake l. (Konpare ak Za 2:8; kote yo itilize mo ebre bavat ayin, ki vle di “gla je”.) — Gade ŒIL.

11-17 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 18

“Jewova [...] se Sila a ki sove m nan”

w09 1/5 14 § 4-5

Lajwa Jewova bay la se fòs nou

Epitou, Bib la konpare Jewova ak bagay ki pa gen vi ladan yo. Li dekri l antanke “Wòch Izrayèl la”, yon “mas wòch” ak yon “fòtrès”. (2 Samyèl 23:3; Sòm 18:2; Detewonòm 32:4.) Ki resanblans ki genyen nan ekspresyon sa yo? Menm jan yon gwo mas wòch solid pa ka deplase, se konsa tou, Jewova Dye ka vin yon sous sekirite ki solid pou ou.

5 Liv Sòm nan chaje ak yon pakèt bèl imaj ki dekri divès aspè nan pèsonalite Jewova. Pa egzanp, Sòm 84:11 di Jewova se “yon solèy e li se yon boukliye”, paske se li ki bay limyè, lavi, enèji ak pwoteksyon. Yon lòt bò, Sòm 121:5 di: “Jewova se lonbray ki sou bò dwat ou.” Menm jan yon kote ki gen lonbray pwoteje w kont chalè solèy la, Jewova ka pwoteje moun k ap sèvi l yo anba chalè kalamite yo, li ba yo pwoteksyon l ki tankou yon lonbray anba “men” l oswa “zèl” li. — Ezayi 51:16; Sòm 17:8; 36:7.

it-2 1168 § 6

Vwa

Bondye tande vwa sèvitè l yo. Moun k ap sèvi Bondye ak lespri ak laverite yo ka gen konfyans lè yo rele Bondye, l ap koute vwa yo kèlkeswa lang yo pale a. Sepandan, menmsi moun nan pa pale awotvwa, sa vle di li ta priye an silans, Bondye ki konnen sa ki nan kè tout moun “tande” oswa koute priyè moun nan kanmenm (Sm 66:19; 86:6; 116:1; 1Sa 1:13; Ne 2:4). Bondye tande priyè moun ki nan lapenn k ap rele pou mande l èd, epitou, li tande e li konn entansyon moun ki opoze avè l yo e k ap fè konplo kont sèvitè l yo. — Jen 21:17; Sm 55:18, 19; 69:33; 94:9-11; Jr 23:25.

w22.04 3 § 1

Fason n ka rive fè fas ak tètchaje

2. Reflechi. Lè w ap panse ak lavi w, èske w ka sonje yon seri eprèv ou te rive andire paske Jewova te ede w? Lè n reflechi ak jan Jewova te ede n ak jan l te ede sèvitè l yo nan tan lontan, nou vin gen plis fòs e nou vin gen plis konfyans nan li (Sòm 18:17-19). Men sa yon ansyen ki rele Joshua di: “Mwen gen yon lis priyè m te fè Jewova te reponn. Sa ede m sonje moman kote m te mande Jewova yon bagay e l te ban m egzakteman sa m te bezwen an.” Vrèmanvre, lè n reflechi sou sa Jewova deja fè pou nou, nou vin gen plis fòs pou n fè fas ak tètchaje.

Trezò espirityèl

it-1 437 § 2

Cheriben

Estati sa yo pa t sanble ak imaj gwo mons ki gen zèl nasyon ozalantou yo ki t ap adore fo dye te fè, jan kèk moun te panse sa. Selon tout prèv yo jwenn nan tradisyon Juif tan lontan an (Bib la pa di anyen sou sa), cheriben sa yo te gen fòm moun. Se te yon seri travay atis te fè ki reprezante zanj yo ki bèl anpil, yo te fè yo “selon modèl” Jewova te bay Moyiz la nan tout ti detay (Eg 25:9). Anpalan de yo, apot Pòl te di “cheriben yo [...] gen glwa, e lonbray yo te kouvri kouvèti Lach la”. (Eg 9:5.) Cheriben sa yo te senbolize prezans Jewova: “Se sou tèt kouvèti a m ap vin pale avè w. Se nan mitan de cheriben yo ki sou lach alyans lan.” (Eg 25:22; Nb 7:89). Se sa k fè Bib la di Jewova “chita sou twòn li anlè [oswa nan mitan] cheriben yo”. (1Sa 4:4; 2Sa 6:2; 2Wa 19:15; 1Kw 13:6; Sm 80:1; 99:1; Eza 37:16.) Cheriben yo se te “reprezantasyon charyo” Jewova monte sou li a (1Kw 28:18), e zèl cheriben yo bay pwoteksyon e yo fè vwayaj la fèt pi rapid. Se sa k fè, nan yon chante ki se yon pwezi, David te fè konnen Jewova te aji byen rapid pou l vin ede l, se kòmsi Jewova “te monte sou yon cheriben e li t ap vole pou l vini”, oswa menm “sou zèl yon espri”. — 2Sa 22:11; Sm 18:10.

18-24 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 19-21

“Syèl la fè konnen glwa Bondye genyen”

w04 1/1 19 § 1-2

Se pou nou tout pwoklame glwa Jewova

DAVID, pitit gason Jese a, se te yon jèn ti gadyen mouton ki te grandi nan zòn Betleyèm. Nou pa bezwen mande konbyen fwa li dwe te kontanple yon bèl syèl ki chaje ak etwal nan yon nuit byen pezib pandan l ap siveye twoupo papa l yo nan patiraj izole sa yo! Siman se bèl imaj frapan sa yo ki t ap pase nan tèt David lè li te konpoze bèl chante ki nan Sòm 19 la anba enspirasyon lespri sen Bondye. Men pawòl li te chante: “Syèl la ap pwoklame laglwa Bondye, e lespas la ap anonse travay men li yo. Sou tout tè a kòd pou l mezire a soti, e jis nan dènye bout tè k ap pwodui a, pawòl li rive.” — Sòm 19:1, 4.

2 Jou apre jou, nuit apre nuit, san di yon mo, san okenn vwa, syèl estrawòdinè Jewova kreye a ap pwoklame laglwa l. Kreyasyon an pa janm sispann pwoklame laglwa Bondye, e sa fè yon moun santi l piti lè l ap reflechi sou temwayaj kreyasyon an bay an silans, yon temwayaj ki parèt sou “tout tè a” pou tout moun k ap viv sou li ka wè. Sepandan, temwayaj kreyasyon an ap bay an silans lan pa sifi. Moun ki fidèl yo jwenn egzòtasyon pou yo patisipe nan temwayaj sa a avèk pawòl nan bouch yo. Yon salmis yo pa site non l te ekri pawòl enspire sa yo pou sèvitè Bondye ki fidèl yo, men sa l di: “Bay Jewova glwa, rekonèt se li menm ki gen fòs. Bay Jewova glwa ki pou non l.” (Sòm 96:7, 8). Tout moun ki gen bon relasyon ak Jewova kontan aji jan egzòtasyon an mande l la. Men, pou yon moun bay Bondye glwa, ki sa sa enplike?

w04 1/6 21 § 8-10

Kreyasyon an ap pwoklame glwa Bondye

8 Apre sa, David dekri lòt mèvèy ki gen nan kreyasyon Jewova a. Men sa l di: “Ladan l [nan syèl la], li monte yon tant pou solèy la, e li menm, li tankou yon lemarye k ap soti nan chanm maryaj li. L ap rejwi tankou yon nonm pisan k ap kouri nan yon wout. Li soti nan yon bout nan syèl la, e l al fini tou a nan lòt bout la. E pa gen anyen ki kache devan chalè l.” — Sòm 19:4-6.

9 Lè w konpare solèy la ak lòt etwal yo, ou wè li se yon etwal mwayen. Toutfwa, li se yon etwal estrawòdinè ki fè planèt ki nan òbit li yo parèt tou zuit devan l. Selon sa yon ouvraj fè remake, mas solèy la se “2 milya milya milya tòn”, sa vle di, 99,9 pousan mas sistèm solè a. Efè gravitasyon solèy la fè tè a rete nan òbit solèy la nan yon distans 150 milyon kilomèt san l pa ale pi lwen solèy la ni solèy la pa anglouti l. Se sèlman yon vyepti kras nan enèji solèy la degaje ki rive sou tè a, men tikras sa a sifi pou kenbe lavi.

10 Salmis la pale de solèy la nan yon langaj senbolik. Li prezante l tankou “yon nonm pisan” k ap kouri sot nan yon orizon al nan yon lòt pandan lajounen, epi lannuit, li antre anba “yon tant” al repoze l. Lè etwal pisan sa a plonje nan orizon an, pou yon moun ki sou tè a k ap gade, se tankou li antre anba “yon tant” al repoze l. Epi nan maten, se kòmsi li reparèt yon sèl kou, li briye, “tankou yon lemarye k ap soti nan chanm maryaj li”. Antanke bèje, David konn sa yo rele bonjan fredi lannuit (Jenèz 31:40). Li sonje kòman reyon solèy la konn chofe ni li menm ni peyi kote l ye a byen rapid. Donk, solèy la pa faya akoz “vwayaj” li fè chak jou soti nan lès al nan lwès, men li pare, tankou “yon nonm pisan”, pou l refè vwayaj la.

g95 8/11 7 § 3

Atis moun plis pa rekonèt nan epòk nou an

Lè n fè efò pou n gen plis rekonesans pou bèl bagay ki gen nan lanati yo, sa ka ede n konnen Kreyatè nou an, li menm ki fè tout sa ki toutotou nou yo. Yon lè, Jezi te di disip li yo pou yo pran tan pou yo gade flè ki pouse nan savann Galile yo. Li te di: “Gade flè ki nan savann yo, jan y ap pouse. Yo pa ni travay di, ni koud rad. Poutan, m ap di nou sa: Menm Salomon, nan tout glwa li, pa t konn abiye tankou youn nan yo.” (Matye 6:28, 29). Lè n wè jan flè ki nan savann yo ki pa menm gen anpil valè bèl, sa ede n sonje Bondye pa fèmen je sou sa lèzòm gen bezwen.

Trezò espirityèl

it-1 1093

Ebre, II

Epi, gen yon fòm pwezi ki sentetik (fòmèl oswa konstriktif) kote dezyèm pati a pa sèlman repete ide ki nan premye pati a oswa kontredi l. Okontrè, li bay plis detay e li ajoute nouvo ide. Sòm 19:7-9 se yon egzanp ki montre sa:

Lwa Jewova yo bon nèt,

yo rebay fòs.

Rapèl Jewova yo merite pou yo fè yo konfyans,

yo fè moun ki pa gen eksperyans yo vin saj.

Lòd Jewova yo jis,

yo fè kè moun kontan.

Kòmandman Jewova yo bon,

yo louvri je moun.

Lakrentif pou Jewova se yon bon bagay,

l ap la pou toutan.

Jijman Jewova yo se laverite,

yo jis.

Nou ka remake dezyèm pati chak fraz oswa deklarasyon konplete ide a; sepandan, tout vèsè a se yon sentèz, sa vle di se de ide yo mete ansanm. Se sèlman grasa dezyèm ide yo, tankou “yo rebay fòs” ak “yo fè moun ki pa gen eksperyans yo vin saj”, lektè a ap vin aprann fason ‘lwa Jewova yo bon nèt’ ak fason “rapèl Jewova yo merite pou yo fè yo konfyans”. Nan kalite pwezi sa yo, separasyon ki gen ant premye pati a ak dezyèm pati a kreye yon poz ki gen yon rit ladan l. Se poutèt sa, tank y ap devlope ide yo, vèsè yo kenbe fòm yon pwezi, yon pwezi ki gen de pati. Se pou rezon sa a, pafwa yo rele kalite pwezi sa a pwezi fòmèl oswa pwezi konstriktif.

25-31 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 22

Yo te anonse divès bagay ki gen rapò ak lanmò Jezi

w11 15/8 15 § 16

Yo jwenn Kris la!

16 Mesi a t ap sanble yon moun Bondye abandone. (Li Sòm 22:1.) Selon sa Mak rapòte, nan nevyèm èdtan an [ozanviwon twazè nan aprèmidi], Jezi rele byen fò, li di: “ ‘Eli, Eli, lama sabaktani?’, ki vle di: ‘Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa w abandone m?’ ” (Mak 15:34). Lè Jezi te di Bondye te abandone l la, se pa t lafwa li te pèdi nan Papa l. Li te konnen Bondye pa t ap pwoteje l kont ènmi l yo nan moman li t apral mouri a. Eprèv sa a te bay Jezi posiblite pou l montre li t ap toujou rete fidèl ak Bondye. Lè l te di byen fò “Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa w abandone m”, pwofesi ki nan Sòm 22:1 an te akonpli.

w11 15/8 15 § 13

Yo jwenn Kris la!

13 David te pwofetize moun yo t ap pase Mesi a nan rizib. (Li Sòm 22:7, 8.) Moun yo te pase Jezi nan rizib pandan li t ap soufri sou poto a. Men sa Matye di: “Moun k ap pase te kòmanse ap manke l dega, yo t ap souke tèt yo, yo t ap di: ‘O, ou menm ki te vle kraze tanp lan pou w bati l nan twa jou, sove tèt ou! Si w se yon pitit Bondye, desann sou poto a!’ ” Prèt an chèf yo, espè nan Lalwa yo ansanm ak ansyen yo t ap pran plezi sou li e yo t ap di: “Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt li! Se Wa Izrayèl li ye, se pou l desann poto a kounye a, epi n a kwè nan li. Li met konfyans li nan Bondye, se pou Li delivre l kounye a si Li vle l, paske l te di: ‘Mwen se Pitit Bondye.’ ” (Mat. 27:39-43). Jezi te soufri, men, toutpandan li t ap soufri a, li te ret trankil e li pa t janm di anyen ki mal. Li se yon bonjan egzanp pou nou.

w11 15/8 15 § 14

Yo jwenn Kris la!

14 Yo t ap fè tiraj osò pou yo konnen kiyès ki t ap genyen rad Mesi a. Men sa David te ekri: “Y’ap separe rad mwen ant yo menm, y’ap tire osò pou rad mwen an.” (Sòm 22:18). Se egzakteman sa k te rive! Bib la di, apre sòlda women yo te fin met Jezi sou poto a, yo te fè tiraj osò pou yo te separe rad li yo antre yo. — Mat. 27:35; Li Jan 19:23, 24.

Trezò espirityèl

w06 1/11 29 § 7

Annou demontre respè pou rasanbleman sakre nou yo

7 Gen fason klè nou ka demontre respè pou rasanbleman nou yo. Youn nan fason sa yo se lè nou prezan nan moman y ap chante kantik Wayòm yo. Pawòl ki nan anpil nan kantik nou yo tankou priyè. Donk, nou dwe chante yo yon fason ki demontre respè. Apot Pòl te site Sòm 22 kòm yon pawòl Jezi te pwononse, men sa l te di: “M ap pwoklame non w bay frè mwen yo. Nan mitan kongregasyon an, m ap louwe w ak chan.” (Ebre 2:12). Se poutèt sa, nou dwe pran abitid chita nan plas nou anvan frè k ap prezide a anonse kantik la, epi ansuit pou nou konsantre nou sou sans pawòl yo pandan n ap chante. Se pou fason n ap chante reflete santiman salmis la ki te ekri pawòl sa yo: “M ap louwe Jewova ak tout kè m nan gwoup entim moun ki dwat yo e nan asanble a.” (Sòm 111:1). Wi, chante louwanj pou Jewova se youn nan bonjan rezon nou genyen pou nou rive bonè nan reyinyon nou yo e pou nou rete jiskaske yo fini.

w03 1/9 20 § 1

Fè louwanj pou Jewova “nan mitan kongregasyon an”

Jodi a, menm jan ak nan tan lontan, yo pran dispozisyon pou moun ki kwayan yo eksprime lafwa yo “nan mitan kongregasyon an”. Youn nan posiblite nou tout genyen se bay kòmantè lè yo poze moun ki nan oditwa a kesyon nan reyinyon kongregasyon an. Pa janm minimize gwo efè sa kapab genyen. Pa egzanp, kòmantè ki montre fason nou ka jere oswa evite yon pwoblèm bay frè ak sè yo plis detèminasyon pou yo suiv prensip ki nan Bib la. Kòmantè ki bay esplikasyon sou vèsè yo pa site yo, oubyen kòmantè ki gen panse nou jwenn nan rechèch pèsonèl nou, ka ankouraje lòt moun pran abitid pou yo pi byen etidye.

1-7 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 23-25

“Jewova se Bèje m”

w11 1/5 31 § 3

“Jewova se Bèje m”

Jewova gide mouton l yo. Mouton ki san bèje gen tandans pèdi. Menm jan an tou, nou bezwen èd pou n jwenn wout nou nan lavi a (Jeremi 10:23). David di Jewova mennen pèp li a kote “ki gen anpil zèb” e “ki gen anpil dlo pou [yo] ka repoze”. Li gide yo “nan chemen ladwati”. (Vèsè 2, 3.) Imaj sa yo ki montre fason bèje yo pran swen mouton yo fè n gen asirans nou ka fè Bondye konfyans. Lè nou suiv direksyon lespri sen Bondye ban nou pa mwayen Bib la, nou ka vin viv yon fason ki fè n jwenn satisfaksyon, konsolasyon, ak sekirite.

w11 1/5 31 § 4

“Jewova se Bèje m”

Jewova pwoteje mouton l yo. San bèje yo, mouton yo pè e yo pa ka defann tèt yo. Jewova di moun nan pèp li a yo pa bezwen pè menm lè y ap “mache nan vale fènwa pwès la”, sa vle di lè y ap viv moman ki difisil anpil nan lavi yo (vèsè 4). Jewova ap voye je sou yo, e l ap toujou pare pou l ede yo. Li ka bay sèvitè l yo sajès ak fòs yo bezwen pou yo andire anba eprèv. — Filipyen 4:13; Jak 1:2-5.

w11 1/5 31 § 5

“Jewova se Bèje m”

Jewova bay mouton l yo manje. Mouton yo depann de bèje yo pou yo jwenn manje. Se sèl Bondye ki ka ede nou konble bezwen espirityèl nou genyen (Matye 5:3). Erezman, Jewova renmen bay e li mete anpil manje devan sèvitè l yo sou yon tab (vèsè 5). Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la, tankou peryodik w ap li la a, gen manje espirityèl ki satisfè bezwen nou genyen pou n konprann sans lavi a ak objektif Bondye gen pou nou.

Trezò espirityèl

w11 15/2 24 § 1-3

Renmen sa ki jis ak tout kè w

JEWOVA dirije pèp li a nan “chemen dwat” la pa mwayen Pawòl li ak lespri sen l (Sòm 23:3). Men, piske nou enpafè, nou gen tandans kite chemen dwat sa a. Lè sa a, pou nou ka retounen fè sa ki dwat ankò, sa mande pou nou fè bonjan efò. Ki sa k ap ede nou retounen fè sa ki dwat? Pou nou fè sa, menm jan ak Jezi, nou dwe renmen sa ki dwat. — Li Sòm 45:7.

2 Ki sa “chemen dwat” la ye? Yon chemen se yon ti wout yon moun suiv. Se Jewova ki montre nou ki “chemen” nou dwe suiv grasa prensip li mete devan nou yo ki jis. Nan lang ebre ak lang grèk, mo “jistis” la gen sans yon bagay ki “dwat” e ki makònen ak prensip moral yo. Piske Jewova “li menm [...] se kote jistis abite” a, moun k ap sèvi l yo kontan depann de li pou yo deside ki chemen ki dwat nan domèn moral yo dwe suiv. — Jer. 50:7, NW.

3 Se sèlman lè nou fè tout sa n kapab ak tout kè nou pou nou obeyi prensip Bondye yo ki jis n ap rive fè l plezi toutbonvre (Det. 32:4). Pou kòmanse, nou bezwen aprann tout sa nou kapab sou Jewova Dye nan Pawòl li a, Labib. Plis nou aprann konnen l e plis nou pwoche pi pre l chak jou, se plis n ap vin renmen jistis li gen lakay li (Jak 4:8). Yon lòt bò, lè nou gen gwo desizyon pou nou pran nan lavi nou, nou dwe aksepte direksyon nou jwenn nan Pawòl Bondye a ki enspire.

8-14 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 26-28

Fason David te ranfòse detèminasyon l genyen pou l rete fidèl ak Jewova

w04 1/12 14 § 8-9

Kontinye mache nan chemen entegrite a

8 Men sa David te di nan yon priyè: “Egzamine m, o Jewova, e mete m aleprèv, rafine ren m yo ansanm ak kè m.” (Sòm 26:2). Nou jwenn ren yo yon kote ki fon nan kò a. Nan sans figire, ren yo reprezante panse ak santiman pwofon nou yo. E kè senbolik la se tout sa moun nan ye pa anndan tankou motivasyon l, santiman l ak entèlijans li. Lè David te mande Jewova egzamine l la, li te vle mande pou Jewova egzamine panse ak santiman ki pi pwofon li te genyen e pou l analize yo

9 David te priye pou yo rafine ren l yo ansanm ak kè l. Ki jan Jewova rafine moun nou ye pa anndan an? David te di nan yon chante: “M ap beni Jewova, li menm ki ban m konsèy. Wi, pandan lannuit, ren m yo korije m.” (Sòm 16:7). Ki sa sa vle di? Sa vle di konsèy Bondye bay yo te touche David nan tout anndan li, e yo te rete la pou yo korije panse ak santiman pwofon li genyen yo. Konsa, menm bagay la ka rive pou nou tou, si nou reflechi avèk rekonesans sou konsèy nou resevwa ki soti swa nan Pawòl Bondye a swa nan men reprezantan l yo oswa nan men òganizasyon l lan. Epi apre sa, se pou nou kite konsèy sa yo chita byen fon nan nou menm. Lè nou priye Jewova regilyèman pou l rafine nou nan fason sa a, sa ap ede nou mache nan chemen entegrite a.

w04 1/12 15 § 12-13

Kontinye mache nan chemen entegrite a

12 Pou David pale de lòt bagay ki te ranfòse entegrite l li di pawòl sa yo: “Mwen pa chita ansanm ak moun ki nan manti e mwen pa antre ansanm ak moun k ap kache sa yo ye. Mwen rayi kongregasyon moun k ap fè mal, e avèk mechan yo mwen pa chita.” (Sòm 26:4, 5). David pa t menm vle chita ak moun ki mechan. Li te rayi move frekantasyon.

13 E nou menm? Èske nou refize chita avèk moun ki nan manti yo pa mwayen pwogram televizyon, kasèt videyo, sinema, Entènèt oswa lòt fason ankò? Èske nou pran distans nou ak moun k ap kache sa yo ye? Gen kèk moun kote nou lekòl oswa kote n ap travay ki kapab ap pran pòz yo zanmi nou, nan objektif pou twonpe nou. Èske reyèlman nou ta renmen devlope relasyon sere kole ak moun ki pap mache nan laverite? Aposta yo pran pòz yo sensè, e yo ka sèvi ak sa pou yo kache entansyon yo genyen pou yo fè nou sispann sèvi Jewova. Ki sa pou nou fè si gen kèk kretyen nan kongregasyon an k ap mennen yon vi doub? Yo menm tou yo kache sa yo ye. Jayson, k ap sèvi jodi a antanke asistan ministeryèl, te gen kèk zanmi konsa lè l te jèn. Men sa l di: “Yon jou youn nan yo te di konsa: ‘Sa n ap fè kounye a pa gen okenn enpòtans paske lè nouvo sistèm nan vini, se jis mouri n ap mouri. Nou pap menm konnen si nou te rate yon bagay.’ Jan de pawòl sa yo te fè m pran konsyans. Mwen pa vle pou lè nouvo sistèm nan vini mwen gentan mouri.” Avèk sajès, Jayson te sispann frekante moun sa yo. Men avètisman apot Pòl ban nou: “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon detwi abitid ki pwofitab.” (1 Korentyen 15:33). Se sa k fè li trèzenpòtan pou nou evite move frekantasyon.

w04 1/12 25 § 17-18

Kontinye mache nan chemen entegrite a

17 Tabènak la ki te gen otèl la ladan l se te sant adorasyon Jewova ann Izrayèl. Men sa David te di nan yon priyè pou l montre kontantman l te genyen pou kote sa a: “Jewova, mwen renmen kote kay ou ye a e mwen renmen kote glwa w rezide a.” — Sòm 26:8.

18 Èske nou renmen reyini kote n ap aprann konnen Jewova? Nan chak Sal Wayòm k ap sèvi kòm sant vrè adorasyon an, nan zòn kote l ye a, gen yon pwogram enstriksyon espirityèl regilye. Anplis de sa, chak ane, nou gen kongrè distri, asanble sikonskripsyon ak jounen asanble espesyal. Nan tout reyinyon sa yo, yo pale de “rapèl” Jewova yo. Si nou aprann “renmen yo anpil anpil”, n ap santi nou enpasyan pou n asiste reyinyon yo e n ap koute avèk atansyon pandan nou ladan yo (Sòm 119:167). Ala agreyab sa agreyab pou nou ansanm avèk kwayan parèy nou ki vle wè byen pou nou, e k ap ede nou rete nan chemen entegrite a! — Ebre 10:24, 25.

Trezò espirityèl

w06 1/8 21 § 15

Jewova delivre moun ki aflije a

15 Salmis David te di nan yon chante: “Si sa ta rive pou papa m ak manman m kite m, Jewova li menm t ap ranmase m.” (Sòm 27:10). Ala rekonfòtan sa rekonfòtan lè nou konnen lanmou Jewova depase lanmou nenpòt paran! Kèlkeswa jan w ta soufri poutèt paran w rejte w, maltrete w oubyen abandone w, sa pa afekte degre Jewova gen sousi pou ou (Women 8:38, 39). Sonje Bondye atire moun li renmen (Jan 3:16; 6:44). Kèlkeswa jan moun te konn trete w, Papa w ki nan syèl la renmen w!

15-21 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 29-31

Disiplin — Yon fason Bondye montre li renmen nou

it-1 863 § 10

Figi

Ekspresyon ‘vire figi a’ gen plizyè sans, selon sikonstans lan. Byen souvan, lè Jewova vire figi l, sa vle di li retire favè l oswa pisans li. Li ka fè sa akoz dezobeyisans yon moun oswa yon gwoup moun, tankou nasyon Izrayèl la (Jòb 34:29; Sm 30:5-8; Eza 54:8; 59:2). Nan kèk ka, li ka gen sans Jewova chwazi pa fè konnen kiyès li ye lè l pa aji oswa li pa reponn toutpandan l ap tann moman li fikse a (Sm 13:1-3). Lè David te mande Bondye pou l ‘vire figi l pou l pa gade peche l yo’, se mande li t ap mande l pou l padone l, oubyen pou l voye peche l yo byen lwen. — Sm 51:9; konpare ak Sm 10:11.

w07 1/3 19 § 1

Ret tann Jewova ak kè kontan

Nou ka konpare fason nou jwenn byenfè nan disiplin Jewova bay la ak fason yon fwi grandi pou l vin mi. Men sa Bib la di anrapò ak disiplin Bondye bay la: “Pi devan, moun li fòme yo pral mennen yon vi dwat nan lapè.” (Ebre 12:11). Menm jan yon fwi bezwen tan pou l mi, nou bezwen tan tou pou n chanje atitid nou lè Bondye ap ban nou fòmasyon. Pa egzanp, si nou pèdi privilèj nou nan kongregasyon an akoz yon move konduit nou te genyen, lè nou dispoze tann Bondye, sa ede n pou n pa dekouraje e pou n pa bay vag. Nan sitiyasyon sa yo, pawòl Bondye te pouse David ekri yo ap ankouraje nou: “Lè [Bondye] an kòlè kont yon moun, se pou yon ti tan, men lè yon moun gen favè l, se pou lavi. Sa ka rive nou kriye nan aswè, men, nan maten, n ap rele ak kè kontan.” (Sòm 30:5). Si nou dispoze ret tann e nou suiv konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a ak òganizasyon l lan, tan pou n “rele ak kè kontan” an ap rive.

w21.10 6 § 18

Ki lè yon moun repanti toutbon?

18 Yon moun ki eskominye ap montre li repanti toutbon si l asiste reyinyon yo regilyèman e li suiv konsèy ansyen yo ba li pou l priye e pou l etidye regilyèman. Epitou, l ap fè anpil efò pou l evite sitiyasyon ki te fè l tonbe nan peche a. Si l fè tout sa l kapab pou l vin gen bon relasyon ak Jewova ankò, l ap ka gen asirans Jewova ap padone l nèt e ansyen yo ap ede l pou l vin fè pati kongregasyon an ankò. Nòmalman, ansyen yo konnen tout ka pa menm, se sa k fè yo pa kouri pran yon desizyon lè y ap chèche wè si yon moun ki te fè yon peche grav repanti toutbon.

Trezò espirityèl

w06 1/6 9 § 13

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Premye liv

31:23 — Ki jan yon moun ki ògeye jwenn sa l merite depase limit? Sa l merite y ap pale la a se pinisyon. Yon moun ki jis jwenn sa l merite sou fòm disiplin nan men Jewova pou fot li fè san l pa fè espre. Etandone yon moun ki ògeye pa kite move fason l ap viv la, li resevwa sa l merite depase limit sou fòm pinisyon ki sevè. — Pwovèb 11:31; 1 Pyè 4:18.

22-28 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 32-33

Poukisa nou dwe konfese yon peche grav?

w93 15/3 9 § 7

Mizèrikòd Jewova ap ede n pou n pa dekouraje

7 Si nou peche grav kont lwa Bondye yo, li ka difisil pou n konfese peche nou yo, menm bay Jewova. Ki konsekans sa ta ka genyen? Nan Sòm 32, David te admèt: “Lè m te kache peche m nan [olye m te konfese l], m te santi m t ap deperi. Mwen te konn ap plenn tout lajounen. Paske, lajounen kou lannuit, se kòmsi w t ap peze m ak men w [men Jewova]. Mwen te pèdi fòs, mwen te tankou dlo k ap seche nan sezon chalè.” (Vèsè 3, 4). Lè David t ap eseye kache peche l e konsyans li t ap kale l, David te santi li t ap deperi. Li te tèlman ap enkyete l, li te tankou yon pyebwa ki seche e ki pa gen vi ladan l ankò. An reyalite, sanble sa te fè l malad mantalman ak fizikman. Rive yon lè, li te pèdi jwa l. Si youn nan nou ta nan yon sitiyasyon konsa, ki sa n ta dwe fè?

cl 314 § 8

Bondye “dispoze padone” nou

8 Men sa David, yon moun ki te repanti, te di: “Peche mwen an, finalman mwen te konfese l ba ou, e fot mwen an, mwen pa t kache l. [...] E ou menm, ou te padone fot peche m yo.” (Sòm 32:5). Mo ebre lè yo tradui l yo mete “padone” pou li a vle di mo pou mo “leve” oswa “pote”. Lè yo sèvi ak mo sa a la a, li vle di retire “peche, transgresyon ak santiman moun konn genyen ki fè yo santi yo koupab”. Donk, Jewova te leve peche David yo e l te pote yo ale lwen David. Lè Jewova te fè sa, sandout, santiman David te genyen ki te fè l santi l koupab la pa t la ankò (Sòm 32:3). Nou menm tou, nou ka gen yon konfyans total, lè yon moun chèche jwenn padon nan men Jewova sou baz sakrifis ranson Jezi a, Jewova ap pote peche moun sa a ale lwen l. — Matye 20:28.

w01 1/6 30 § 1

Konfesyon mennen nan gerizon

Apre David te fin konfese peche l, li pa t santi l pa vo anyen ankò. Pawòl li te ekri nan sòm yo anrapò ak konfesyon montre soulajman li te jwenn ak detèminasyon li te vin genyen pou l sèvi Bondye fidèlman. Pa egzanp, gade Sòm 32 a. Men sa nou li nan vèsè 1 an: “Byennere moun Bondye padone sa li fè ki mal, moun Bondye kouvri peche l.” Menmsi yon peche grav anpil, bagay yo ap byen fini si moun ki peche a repanti sensèman. Yon fason yon moun ka montre li sensè se lè l aksepte se li ki responsab pou tout aksyon l yo menm jan David te fè sa (2 Samyèl 12:13). David pa t eseye jistifye tèt li devan Jewova, oubyen lage chay la sou yon lòt moun. Men sa vèsè 5 lan di: “Finalman, mwen te fè w konnen peche m te fè a, mwen pa t kache erè m nan. Mwen te di: ‘M ap konfese peche m yo bay Jewova.’ E ou menm, ou te padone peche m yo.” Bonjan konfesyon pote soulajman, konsa, konsyans moun nan ap sispann kale l pou peche li te fè yo.

Trezò espirityèl

w06 1/6 10 § 1

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Premye liv

33:6; nòt anba paj — Ki sa “lespri”, oswa “souf”, ki soti nan bouch Jewova a ye? Lespri sa a se fòs aktif Bondye, sa vle di lespri sen li, e se avè l Bondye te sèvi pou l kreye syèl fizik la (Jenèz 1:1, 2). Yo rele l lespri bouch li paske, menm jan ak yon souf ki fò, li kapab voye l al akonpli bagay ki byen lwen.

29 AVRIL–5 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 34-35

“Toujou louwe Jewova”

w07 1/3 25 § 11

Annou egzalte non Jewova ansanm

11 “Se tout tan mwen vle beni Jewova. Louwanj li ap toujou nan bouch mwen.” (Sòm 34:1). Etandone David t ap viv kòm yon egzile, li dwe te gen anpil pwoblèm materyèl. Men, jan pawòl sa yo montre sa, bezwen kotidyen li te genyen pa t retire detèminasyon l pou l louwe Jewova. Ala yon bèl egzanp nou ka suiv lè n ap fè fas ak sitiyasyon difisil! Kit nou lekòl, kit nou nan travay, kit nou avèk kretyen menm jan avèk nou oswa nou nan ministè a, pi gwo dezi nou se ta dwe pou nou louwe Jewova. Annik fè yon ti reflechi sou pakèt rezon nou genyen pou nou fè sa! Pa egzanp, nou pap menm ka fin dekouvri mèvèy ki genyen nan kreyasyon Jewova a, alewè pou nou ta fin jwi yo. E konsidere sa li reyalize pa mwayen pati terès òganizasyon l lan! Jewova itilize moun ki fidèl yo anpil nan epòk pa nou an, malgre yo enpafè. Kòman travay Bondye yo ye lè nou konpare yo ak travay moun monn nan pran kòm idòl yo reyalize? Èske w pa dakò ak David, ki te ekri tou: “Pa gen pèsonn tankou w pami dye yo, o Jewova, pa gen travay nonplis tankou pa w yo”? — Sòm 86:8.

w07 1/3 26 § 13

Annou egzalte non Jewova ansanm

13 “Nan Jewova nanm mwen ap glorifye l. Moun ki enb yo ap tande e y ap nan lajwa.” (Sòm 34:2). David pa t ap glorifye tèt li la a pou okenn reyalizasyon pèsonèl. Pa egzanp, li pa t vante tèt li konsènan fason li te jwe wa Gat la. Li te rann li kont se Jewova ki te pwoteje l lè li te Gat, e li te rive chape grasa èd Jewova (Pwovèb 21:1). Se sa k fè, David te glorifye l, non pa nan tèt li, men nan Jewova. Se poutèt sa, moun ki enb yo te santi yo atire pou yo vin jwenn Jewova. Menm jan an tou, Jezi te mayifye non Jewova, e sa te fè moun ki enb ki dispoze aprann yo vin jwenn Jewova. Jodi a, moun enb ki nan tout nasyon santi yo atire pou yo vin nan kongregasyon entènasyonal kretyen wen yo ki gen Jezi alatèt yo (Kolosyen 1:18). Kè moun enb sa yo touche lè yo tande sèvitè enb Bondye yo ap glorifye non l e lè yo tande mesaj ki nan Bib la, mesaj lespri sen Bondye ede yo konprann. — Jan 6:44; Travay 16:14.

w07 1/3 26 § 15

Annou egzalte non Jewova ansanm

15 “Mwen kesyone Jewova, e li reponn mwen, li delivre m anba tout sa ki fè m pè.” (Sòm 34:4). Eksperyans sa a te enpòtan pou David. Se sa k fè li te di apre sa: “Aflije sa a te rele, e Jewova li menm te tande. E nan tout detrès li yo Li te sove l.” (Sòm 34:6). Lè nou reyini ak kwayan menm jan avèk nou, nou gen anpil okazyon pou nou rakonte eksperyans edifyan sou fason Jewova te ede nou andire sitiyasyon difisil. Sa fòtifye lafwa kwayan parèy nou yo, menm jan sa David te rakonte yo te fòtifye lafwa mesye ki te avè l yo. Nan ka David la, konpayon l yo “te gade nan direksyon [Jewova] e yo te vin briye, e vizaj yo pa ta ka vin wont”. (Sòm 34:5.) Malgre yo t ap kouri pou wa Sayil, yo pa t santi yo wont. Yo te gen konfyans Bondye t ap soutni David, e vizaj yo te briye. Nan menm sans lan, moun ki fèk enterese yo ansanm ak moun ki gen anpil tan depi yo se vrè kretyen gade nan direksyon Jewova pou li ede yo. Etandone yo jwenn èd li pèsonèlman, vizaj yo k ap briye reflete detèminasyon yo genyen pou yo rete fidèl.

Trezò espirityèl

w06 1/6 10 § 2

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Premye liv

35:19 — Ki sa David te vle di lè l te mande pou Bondye pa kite moun ki rayi l yo touye je yo sou li? Si ènmi David yo ta touye je yo, sa t ap endike kontantman yo genyen poutèt plan malveyan yo te genyen kont David yo reyisi. David te mande pou sa pa t rive.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje