20-26 ME
SÒM 40-41
Kantik 102 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)
1. Poukisa nou ede lòt moun?
(10 min.)
Lè nou ede lòt moun, sa fè nou kontan (Sm 41:1; w18.08 22 § 16-18)
Jewova ede moun ki renmen ede lòt moun (Sm 41:2-4; w15 15/12 24 § 7)
Nou fè louwanj pou Jewova lè nou ede lòt moun (Sm 41:13; Pw 14:31; w17.09 12 § 17)
MANDE TÈT OU: ‘Èske gen yon moun nan kongregasyon m nan ki ka bezwen yon ti èd pou l aprann sèvi ak aplikasyon JW Library a?’
2. Trezò espirityèl
(10 min.)
Sm 40:5-10 — Ki sa nou aprann sou enpòtans pou n rekonèt pozisyon Jewova antanke Souvren nan priyè David te fè a? (it-1 1261)
Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?
3. Lekti Labib
(4 min.) Sm 40:1-17 (th leson 12)
4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon
(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Kòmanse yon konvèsasyon ak yon moun ki parèt gen kè kontan. (lmd leson 2 pwen 3)
5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon
(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Kòmanse yon konvèsasyon ak yon moun ki parèt tris. (lmd leson 3 pwen 5)
6. Fason pou w fè disip
(5 min.) lff leson 14 pwen 6. Fè yon ti pale sou yon pwen nan atik “Fè louwanj pou Jewova nan kongregasyon an” ki nan seksyon “Aprann plis” la ak yon etidyan ki yon ti jan renka pou l patisipe nan reyinyon yo. (th leson 19)
Kantik 138
7. Annou fè byen ak moun ki aje yo
(15 min.) Konvèsasyon.
Jewova bay tout travay frè ak sè ki aje e ki fidèl nan kongregasyon an fè anpil valè, e nou bay sa anpil valè tou (Eb 6:10). Nan ane ki sot pase yo, yo te fè anpil efò pou yo anseye kwayan parèy yo, ba yo fòmasyon epi ankouraje yo. Siman, ou sonje fason frè ak sè aje sa yo te ede w. Ki jan w ka montre rekonesans ou pou tout travay yo fè e y ap kontinye fè nan kongregasyon an?
Pase VIDEYO ‘Annou fè byen ak frè ak sè nou yo’, apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:
Ki sa Jiwoun te aprann nan egzanp frè Tomas?
Ki sa w apresye lakay frè ak sè aje nan kongregasyon w lan?
Ki leson nou ka aprann nan egzanp bon Samariten an?
Sa k fè w panse se yon bon ide lefètke Jiwoun te mande lòt moun al ede frè Tomas ansanm avè l?
Lè nou byen reflechi sou sa frè ak sè ki aje nan kongregasyon nou yo bezwen, n ap jwenn anpil okazyon pou n ede yo. Si nou wè yon frè oswa sè aje bezwen yon bagay, chèche wè fason nou ka ede l. — Jak 2:15, 16.
Li Galat 6:10. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:
Ki jan w ka “fè byen ak” frè ak sè ki aje nan kongregasyon w lan?
8. Etid biblik kongregasyon an
(30 min.) bt chap. 10 § 1-4, kare ki nan paj 79