BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb24 me p. 6-7
  • 27 me–2 jen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 27 me–2 jen
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2024
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2024
mwb24 me p. 6-7

27 ME–2 JEN

SÒM 42-44

Kantik 86 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Byen pwofite fòmasyon Bondye bay la

(10 min.)

Pwofite okazyon w jwenn pou w adore Jewova ansanm ak lòt moun, e fè sa an pèsòn depi sa posib (Sm 42:​4, 5; w06 1/7 9 § 4)

Anvan w etidye Pawòl Bondye a, priye (Sm 42:8; w12 15/1 15 § 2)

Kite verite ki nan Bib la gide w nan tout sa w ap fè (Sm 43:3)

Plizyè sè ki nan kongrè k ap koute ak anpil atansyon e k ap pran nòt.

Fòmasyon Bondye bay la ban nou fòs pou n jere pwoblèm yo e pou n viv ann amoni ak ve nou te fè a. — 1P 5:10; w16.09 5 § 11-12.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 44:19 — Ki sa ekspresyon “kote chen sovaj yo rete” a ka vle di? (it-1 417)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Sm 44:​1-26 (th leson 11)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(4 min.) KAY AN KAY. Ofri moun nan yon etid biblik. (lmd leson 5 pwen 5)

5. Pousuiv enterè moun yo

(5 min.) KAY AN KAY. Envite moun nan vin suiv diskou piblik la. Prezante videyo Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? nan. (lmd leson 7 pwen 5)

6. Diskou

(3 min.) lmd apendis A pwen 4 — Tèm: Tout moun pral gen yon sante ki pafè. (th leson 2)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 21

7. Pran bon desizyon anrapò ak travay ak edikasyon

(15 min.) Konvèsasyon.

Foto ki ansanm: Yon jèn frè k ap li Bib la e k ap medite sou sa l pral fè lè l fini lekòl. 1. L ap pale ak yon konseye nan domèn edikasyon. 2. L ap asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. 3. L ap preche nan yon peyi etranje.

Jèn, èske w deja konnen ki sa w pral fè lè w fin lekòl? Petèt, ou gentan panse ak yon travay ou ka fè k ap pèmèt ou sèvi kòm pyonye. Oubyen, petèt w ap panse ak yon fòmasyon ou ka al pran k ap pèmèt ou gen yon metye, yon sètifika oswa yon diplòm, k ap ede w jwenn travay sa a. Se yon bèl moman nan lavi w! Aktout sa, ou ka santi w pa konn sa pou w fè, oubyen ou anba presyon pou w pran yon desizyon k ap fè lòt moun plezi. Ki sa ki ka ede w pran bon desizyon?

Li Matye 6:​32, 33. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Poukisa li bon pou n deja fikse bonjan objektif espirityèl anvan nou pran gwo desizyon ki gen rapò ak travay ak edikasyon?

  • Ki jan paran yo kapab ede pitit yo suiv konsèy ki nan Matye 6:​32, 33 a? — Sm 78:​4-7

Veye pou w pa kite dezi pou w vin gen lajan oswa pou w vin gen gwo pozisyon enfliyanse desizyon w ap pran (1J 2:​15, 17). Sonje sa, lè yon moun gen anpil byen, sa ka fè l difisil pou l aksepte mesaj Wayòm nan (Lk 18:​24-27). Lè yon moun ap kouri dèyè bagay materyèl, sa ka fè l difisil pou l vin gen yon lafwa ki solid e pou l kontinye fè Jewova plezi. — Mt 6:24; Mk 8:36.

Pase VIDEYO Veye pou n pa met konfyans nou nan bagay ki pap dire! — Richès. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Ki jan Pwovèb 23:​4, 5 ka ede w pran bon desizyon?

KÈK KONSÈY

  • Fikse objektif espirityèl ou ka atenn nan yon tan tou kout ak objektif espirityèl ou ka pran plis tan pou w atenn

  • Asire w sa w ta renmen aprann yo ak travay ou ta renmen fè yo pa anpeche w atenn objektif espirityèl ou yo

  • Se pou w rezonab e se pou w fleksib. Si w deside pran yon fòmasyon anplis, asire w fòmasyon sa a ap pèmèt ou jwenn yon travay k ap ede w pran swen tèt ou.

8. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) bt chap. 10 § 5-12

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 47 ak priyè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje