BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr24 novanm p. 1-10
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a — 2024
  • Soutit
  • 4-10 NOVANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 105
  • “Li sonje alyans li te fè a pou toutan”
  • w23.04 28 § 11-12
  • Fason n ka gen plis lafwa nan pwomès Jewova fè pou gen yon monn nouvo
  • it-2 493 § 3
  • Pawòl (la)
  • Trezò espirityèl
  • w86 1/11 19 § 15
  • Jèn, ou fè pati yon fanmi ki gen kè kontan e ki gen tèt ansanm
  • 11-17 NOVANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 106
  • “Yo te bliye Bondye, Sovè yo a”
  • w18.07 20 § 13
  • “Kiyès ki pou Jewova?”
  • Trezò espirityèl
  • w06 15/7 13 § 9
  • Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Twazyèm ak katriyèm liv
  • 18-24 NOVANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 107-108
  • “Di Jewova mèsi paske li bon”
  • w07 1/5 8 § 2
  • Se pou kongregasyon an louwe Jewova
  • w15 15/1 9 § 4
  • Di Jewova mèsi e w ap jwenn benediksyon
  • Trezò espirityèl
  • it-2 303 § 5
  • Mowab
  • 25 NOVANM–1 DESANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 109-112
  • Ann soutni Jezi, Wa nou an!
  • w06 1/9 18 § 6
  • Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Senkyèm liv
  • w00 1/4 18 § 3
  • Moun k ap goumen kont Bondye yo pap pot laviktwa!
  • be 76 § 2
  • Kontinye fè pwogrè
  • Trezò espirityèl
  • it-1 80 § 4
  • Alyans
  • 2-8 DESANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 113-118
  • Ki sa n ka bay Jewova?
  • w01 1/1 11 § 13
  • Annou kite lanmou bati nou
  • w09 15/7 29 § 4-5
  • Annou aksepte sa yo ban nou avèk rekonesans e annou bay ak tout kè nou
  • w19.11 22-23 § 9-11
  • Leson nou ka aprann nan liv Levitik la
  • Trezò espirityèl
  • w12 15/5 22 § 1-2
  • Kesyon lektè yo poze
  • 9-15 DESANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 119:1-56
  • “Ki jan yon jèn gason ka mennen yon vi ki pwòp?”
  • w87 1/11 18 § 10
  • Èske w fè efò pou w rete pwòp nan tout domèn?
  • w06 1/7 17 § 1
  • “Rapèl ou yo se ak sa m atache”
  • w10 15/4 20 § 2
  • Pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen!
  • Trezò espirityèl
  • w05 1/5 7 § 2
  • Annou mete konfyans nou nan Pawòl Jewova
  • 16-22 DESANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 119:57-120
  • Fason pou n andire lè n jwenn pwoblèm
  • w06 1/7 12 § 2
  • “Ala renmen mwen renmen lwa w!”
  • w00 1/12 14 § 3
  • Èske nou renmen rapèl Jewova yo anpil anpil?
  • w06 1/9 19 § 3
  • Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Senkyèm liv
  • w17.07 13 § 3, 5
  • “Kriye ak moun k ap kriye”
  • Trezò espirityèl
  • w06 1/9 19 § 4
  • Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Senkyèm liv
  • 23-29 DESANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 119:121-176
  • Fason nou ka evite tristès ki pa nesesè
  • w18.06 17 § 5-6
  • Ann kite lwa ak prensip Bondye yo fòme konsyans nou
  • w93 15/4 17 § 12
  • Jèn, dèyè ki sa w ap kouri?
  • Trezò espirityèl
  • w23.01 2 § 2
  • Se pou n gen konviksyon ‘pawòl Bondye se laverite’
  • 30 DESANM–5 JANVYE
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 120-126
  • Yo te simen ak dlo nan je, men, yo te rekòlte ak kè kontan
  • w04 1/6 26 § 10
  • Moun ki bay Bondye glwa yo beni
  • w21.11 24 § 17
  • Èske lafwa w ap djanm?
  • w01 15/7 18-19 § 13-14
  • Se pou n chofe nan travay rekòt la!
  • Trezò espirityèl
  • cl 86 § 15
  • Pisans pou l pwoteje: “Se Bondye ki tout pwoteksyon nou”
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a — 2024
mwbr24 novanm p. 1-10

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

© 2024 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

4-10 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 105

“Li sonje alyans li te fè a pou toutan”

w23.04 28 § 11-12

Fason n ka gen plis lafwa nan pwomès Jewova fè pou gen yon monn nouvo

11 Ann wè kèk nan bagay ki te parèt enposib Jewova te pwomèt pèp li a nan tan lontan. Li te di Abraram ak Sara yo t ap gen yon pitit gason, alòske yo te gentan fin granmoun (Jen. 17:15-17). Epitou, li te di Abraram li t ap bay desandans li peyi Kanaran. Pandan plizyè ane desandan Abraram yo, anpalan de Izrayelit yo, te fè ap viv kòm esklav nan peyi Ejip, sa dwe te parèt kòmsi pwomès sa a pa t ap janm reyalize. Men, li te reyalize. Annapre, Jewova te di Elizabèt, ki te fin granmoun, li t apral gen yon pitit. Epitou, li te di Mari, ki te vyèj, li t ap gen pou l fè pwòp Pitit Gason L lan, yon bagay Jewova te gentan anonse plizyè milye ane anvan sa nan jaden Edenn, yon lòt pwomès Jewova te fè ki te reyalize. — Jen. 3:15.

12 Lè n reflechi sou tout pwomès Jewova te fè ak fason l te reyalize yo, nou vin konprann Jewova gen yon pouvwa ki vrèman estrawòdinè. Epitou, sa ap ede n pou n vin gen plis lafwa nan pwomès li fè pou gen yon monn nouvo. (Li Jozye 23:14; Ezayi 55:10, 11.) E lè n vin gen plis lafwa, sa ede n pi byen prepare n pou n ede lòt moun kwè pwomès pou n viv nan monn nouvo a pa yon rèv, l ap reyalize toutbon. Men sa Jewova fè konnen konsènan syèl tounèf ak tè tounèf la: “Pawòl sa yo fidèl e yo se laverite.” — Rev. 21:1, 5.

it-2 493 § 3

Pawòl (la)

Tout sa ki nan kreyasyon an, sa ki gen vi ladan yo ak sa ki pa gen vi ladan yo, egziste grasa pawòl Bondye, e Bondye ka sèvi avèk yo pou l reyalize objektif li (Sm 103:20; 148:8). Nou ka fè pawòl Bondye konfyans, epitou, lè Bondye fè yon pwomès li pap bliye reyalize l (Dt 9:5; Sm 105:42-45). Jan l te di sa, pawòl li “la pou toutan“; li pap janm retounen vin jwenn li san l pa reyalize objektif li. — Eza 40:8; 55:10, 11; 1P 1:25.

Trezò espirityèl

w86 1/11 19 § 15

Jèn, ou fè pati yon fanmi ki gen kè kontan e ki gen tèt ansanm

15 “Yo te mete chenn nan pye l, e yo te mete kou l nan chenn. Se pawòl Jewova a ki te fè l vin bon nèt jiskaske lè a te rive pou sa Bondye te di a reyalize.” (Sòm 105:17-19). Pandan 13 an, Jozèf te soufri antanke esklav e antanke prizonye jiskaske pwomès Jewova te fè a te reyalize. Eksperyans sa a te fè Jozèf vin bon nèt. Se vre, se pa Jewova ki lakòz pwoblèm yo, men, li pèmèt yo rive pou yon rezon. Èske Jozèf t ap kontinye gen espwa nan “pawòl Jewova a” malgre l te nan gwo pwoblèm? Èske sa t ap fè kalite l yo parèt pi klè, fè l devlope pasyans li t ap bezwen, imilite, fòs nan domèn espirityèl ak detèminasyon pou l akonpli yon asiyasyon ki difisil? Bon, Jozèf te soti tankou lò ki rafine anba dife, li te vin pi pwòp e l te menm vin gen plis valè pou Bondye ki te vin byen sèvi avè l annapre. — Jenèz 41:14, 38-41, 46; 42:6, 9.

11-17 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 106

“Yo te bliye Bondye, Sovè yo a”

w18.07 20 § 13

“Kiyès ki pou Jewova?”

13 Izrayelit yo te pran tranble lè yo te wè nyaj tou nwa a, kout zèklè yo ansanm ak lòt mirak estrawòdinè Bondye te fè yo. Jan yo te mande sa, Moyiz te dakò sèvi kòm pòtpawòl yo pou tout sa yo te gen pou yo di Jewova sou Mòn Sinayi (Egz. 20:18-21). Moyiz te fè anpil tan sou mòn nan. Kounye a, èske Izrayelit yo te santi yo lage poukont yo nan dezè a san chèf yo te fè konfyans lan? Sanble lafwa pèp la te depann twòp de prezans Moyiz. Yo te vin ap enkyete e yo te di Arawon: “Fè yon dye pou dirije nou, paske, kanta pou nonm yo rele Moyiz la, ki te fè nou soti nan peyi Ejip la, nou pa konn sa k rive l.” — Egz. 32:1, 2.

Trezò espirityèl

w06 15/7 13 § 9

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Twazyèm ak katriyèm liv

106:36, 37. Vèsè sa yo makònen adorasyon zidòl ansanm ak sakrifis yo fè pou demon. Sa montre yon moun k ap sèvi ak zidòl ka vin anba enfliyans demon. Men sa Bib la ankouraje nou fè: “Veye kò nou ak zidòl.” — 1 Jan 5:21.

18-24 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 107-108

“Di Jewova mèsi paske li bon”

w07 1/5 8 § 2

Se pou kongregasyon an louwe Jewova

2 Kongregasyon an se pa yon senp gwoup zanmi. Se pa yon asosyasyon ki nan yon kominote e se pa yon asosyasyon kote kèk moun ki gen menm edikasyon ak menm koutim oswa menm enterè nan yon spò oswa nan yon lòt pastan reyini ansanm. Men, depreferans, kongregasyon an se yon dispozisyon ki la toudabò pou louwe Jewova Dye. Selon liv Sòm nan, se konsa sa te ye depi nan tan lontan. Men sa nou li nan Sòm 35:18: “M ap louwe w nan gran kongregasyon an. Nan mitan anpil moun m ap ba w louwanj.” Nan menm sans lan, men ki ankourajman Sòm 107:31, 32 bay: “O! se pou yo di Jewova mèsi pou bonte ki plen lanmou li genyen e pou travay estrawòdinè li fè pou pitit gason lèzòm yo. E se pou yo egzalte l nan asanble pèp la.”

w15 15/1 9 § 4

Di Jewova mèsi e w ap jwenn benediksyon

4 Si n vle vin gen yon kè ki rekonesan epi pou n kontinye demontre rekonesans, nou dwe konnen benediksyon nou resevwa nan men Jewova yo, nou dwe medite avèk rekonesans sou yo epi n dwe pran san n pou n chèche konnen aksyon Jewova fè ki montre l gen bonte ki plen lanmou. Lè salmis la te fè sa, li te sezi pou l wè kantite bèl bagay Jewova fè. — Li Sòm 40:5; 107:43.

Trezò espirityèl

it-2 303 § 5

Mowab

Annapre, lè David li menm te vin wa, te gen lagè tou ant Izrayèl ak Mowab. David te pot laviktwa sou moun Mowab yo e l te fè yo peye taks. Ta sanble nan fen batay la, yo te touye de tyè nan mesye ki te konn fè lagè ki te moun Mowab yo. Sanble, David te fè yo kouche atè pa ranje pou l te ka mezire de tyè li t ap touye yo ak yon tyè li t ap kite vivan yo (2Sa 8:2, 11, 12; 1Kw 18:2, 11). Petèt, se pandan batay sa a Benaya, pitit gason Jewoyada a, “te touye de pitit gason Ariyèl, yon moun Mowab”. (2Sa 23:20; 1Kw 11:22.) Gwo viktwa David te pote sou moun Mowab yo se akonplisman pwofesi Balaam te bay 400 ane anvan sa kote l te di: “Yon zetwal ap soti nan Jakòb, yon baton wa ap soti nan Izrayèl. Wè pa wè, l ap fann fontenn tèt Mowab de bò, e l ap kraze zo tèt tout gason k ap kraze brize yo.” (Nb 24:17). Epitou, sanble se de viktwa sa a salmis la t ap pale lè l te di Mowab se “kivèt” Bondye. — Sm 60:8; 108:9.

25 NOVANM–1 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 109-112

Ann soutni Jezi, Wa nou an!

w06 1/9 18 § 6

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Senkyèm liv

110:1, 2 — Ki sa Jezi Kris, “Seyè [David]”, t ap fè pandan li te chita adwat Bondye? Apre Jezi fin resisite e li monte nan syèl, li te rete adwat Bondye, li te tann jis an 1914 pou l kòmanse dirije antanke Wa. Diran tan sa a, Jezi te dirije disip wen li yo, li t ap gide yo nan travay predikasyon an ak nan travay fè disip la, e li t ap prepare yo tou pou yo dirije avèk li nan Wayòm li an. — Matye 24:14; 28:18-20; Lik 22:28-30.

w00 1/4 18 § 3

Moun k ap goumen kont Bondye yo pap pot laviktwa!

3 Depi nan kòmansman 20yèm syèk la, y ap atake pèp Bondye a. Nan anpil peyi, moun ki gen move entansyon ap eseye fè yo sispann preche bon nouvèI Wayòm Bondye a. Se pi gwo advèsè nou an, Dyab la, ki pouse yo fè sa. L “ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun”. (1 Pyè 5:8.) Lè “tan ki fikse pou nasyon yo” te fini nan ane 1914, Bondye te mete Pitit Gason l lan kòm nouvo Wa latè a, e men lòd li te ba li: “Al domine nan mitan ènmi w yo.” (Lik 21:24; Sòm 110:2). Lè Kris te kòmanse dirije, li te mete Satan deyò nan syèl la e l te lage l sou tè a. Piske Dyab la konnen li pa ret anpil tan, l ap pase kòlè l sou kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ansanm ak konpayon yo (Revelasyon 12:9, 17). Ki rezilta atak y ap plede fè kont Bondye yo bay?

be 76 § 2

Kontinye fè pwogrè

Ankourajman yo ban nou pou n sèvi ak don nou resevwa a mande pou n pran inisyativ. Èske w pran inisyativ pou w preche ak lòt moun? Èske w chèche okazyon pou w ede lòt manm nan kongregasyon an ki nouvo, ki jèn oswa ki malad? Èske w ofri tèt ou kòm volontè pou w netwaye Sal Wayòm nan oswa pou w bay èd ou divès fason nan kongrè yo ak nan asanble yo? Èske w ka pran sèvis pyonye oksilyè detanzantan? Èske w ka pran sèvis pyonye pèmanan oswa èske w ka al ede yon kongregasyon kote yo bezwen plis pwoklamatè? Si w se yon frè, èske w chèche kalifye pou w ranpli kondisyon Labib mande yo pou w ka vin asistan ministeryèl oswa ansyen? Si w dispoze bay èd ou e ou dispoze aksepte responsablite yo konfye w se yon prèv ki montre w ap pwogrese. — Sòm 110:3.

Trezò espirityèl

it-1 80 § 4

Alyans

Alyans pou l vin yon prèt menm jan ak Mèlkisedèk. Alyans sa a parèt nan Sòm 110:4, epi moun ki ekri lèt Ebre a te aplike l ak Jezi nan Ebre 7:1-3, 15-17. Se yon alyans Jewova te fè ak Jezi Kris sèlman. Sanble, Jezi te fè referans ak alyans sa a lè l t ap fè yon alyans pou yon wayòm ak disip li yo (Lk 22:29). Jan Jewova te fè sèman an, Jezi Kris, Pitit Gason l lan ki nan syèl la, t ap vin yon prèt menm jan ak Mèlkisedèk. Mèkisedèk te alafwa wa e prèt pou Bondye sou tè a. Jezi Kris pa t ap vin alafwa Wa e Gran Prèt sou tè a, men nan syèl la. Jewova te mete Jezi nan pozisyon sa a pou toutan apre l te fin monte nan syèl la (Eb 6:20; 7:26, 28; 8:1). Alyans sa a ap la pou toutan piske Jezi ap travay anba direksyon Jewova antanke Wa e Gran Prèt pou toutan. — Eb 7:3.

2-8 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 113-118

Ki sa n ka bay Jewova?

w01 1/1 11 § 13

Annou kite lanmou bati nou

13 Jan Jezi te di sa a, li klè, sa k pi enpòtan an se pou nou renmen Jewova. Men, nou pa t tou fèt ak gwo lanmou nan kè nou pou Jewova. Se yon kalite nou dwe chèche genyen. Premye fwa n te tande pale de li, sa n te tande yo te atire nou vin jwenn li. Tikras pa tikras, nou te aprann fason l te prepare tè a pou lèzòm (Jenèz 2:5-23). Nou te aprann fason l te boule ak lèzòm, li pa t voye nou jete lè peche te vin parèt, men li te pran dispozisyon pou l rachte nou (Jenèz 3:1-5, 15). Li te aji avèk bonte ak moun ki fidèl yo, e li te menm bay sèl Pitit Gason li an pou nou te ka jwenn padon pou peche nou yo (Jan 3:16, 36). Tank n ap gen plis konesans sou Jewova, se tank nou vin gen plis rekonesans pou li (Ezayi 25:1). Wa David te di li renmen Jewova paske L te pran swen l avèk lanmou (Sòm 116:1-9). Jodi a, Jewova pran swen nou, li gide nou, li ban nou fòs e li ankouraje nou. Plis n ap aprann konnen Jewova, se plis lanmou nou gen pou li ap grandi. — Sòm 31:23; Sofoni 3:17; Women 8:28.

w09 15/7 29 § 4-5

Annou aksepte sa yo ban nou avèk rekonesans e annou bay ak tout kè nou

Gen yon salmis ki te mande tèt li: “Kisa m’a fè pou Senyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?” (Sòm 116:12). Ki byen Jewova te fè pou li? Jewova te soutni l nan yon peryòd kote l te gen ‘kè kase, e li te nan gwo lapenn’. Anplis, Jewova te “delivre [l] anba lanmò”. Donk, li te vle “fè” yon bagay pou Jewova. Ki sa salmis la te ka fè? Men sa l te di: “M’a fè sa m te pwomèt li a.” (Sòm 116:3, 4, 8, 10-14). Li te pran rezolisyon pou l kenbe pwomès li te fè Jewova yo e pou l ranpli tout obligasyon li te gen anvè l.

Ou ka fè menm bagay la tou. Ki jan? Lè w viv yon fason ki toujou konfòm ak lwa Bondye yo e ak prensip li yo. Se sa k fè ou dwe toujou veye aske sa k pi enpòtan nan lavi w se adorasyon w ap bay Jewova a, e ou dwe kite lespri Bondye dirije w nan tout sa w ap fè (Ekl. 12:13; Gal. 5:16-18). An reyalite, ou pap janm ka fè anyen pou w remèt Jewova tout sa l fè pou ou vre. Men, lè Jewova wè ou bay tout ou menm nan sèvis li, sa pa ka pa “fè kè [l] kontan”. (Pwo. 27:11.) Ala yon bèl privilèj sa ye pou nou fè kè Jewova kontan!

w19.11 22-23 § 9-11

Leson nou ka aprann nan liv Levitik la

9 Dezyèm leson: Nou sèvi Jewova paske nou genyen l rekonesans. Pou nou wè sa, annou reflechi sou sakrifis kominyon Izrayelit yo te konn fè, ki te yon lòt aspè enpòtan nan vrè adorasyon an. Nan liv Levitik la, nou aprann yon Izrayelit te ka fè yon sakrifis kominyon “pou l di Bondye mèsi”. (Lev. 7:11-13, 16-18.) Li pa t fè ofrann sa a paske li te oblije fè l, men paske l te vle fè l. Konsa, se te yon ofrann kè moun nan te pouse l fè paske l renmen Jewova, Bondye l la. Ni moun ki t ap fè ofrann nan, ni fanmi l ansanm ak prèt yo te konn manje vyann bèt yo te ofri kòm sakrifis la. Men, gen kèk pati nan bèt yo te ofri kòm sakrifis la se Jewova sèlman yo te ofri l. Ki pati sa yo?

10 Twazyèm leson: Nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an paske nou renmen l. Jewova te konsidere grès ki nan yon bèt kòm pati ki pi bon nan bèt la. Li te di gen kèk pati nan bèt la, tankou grenn vant yo, ki te enpòtan anpil. (Li Levitik 3:6, 12, 14-16.) Donk, Jewova te kontan anpil lè kè yon Izrayelit te pouse l ofri l pati ki enpòtan anpil nan bèt la ansanm ak grès la. Yon Izrayelit ki te fè yon ofrann konsa te demontre volonte l genyen pou l ofri Bondye sa l genyen ki pi bon an. Menm jan an tou, Jezi te dispoze ofri Jewova sa l genyen ki pi bon an lefètke l te sèvi L ak tout nanm li paske l te renmen L (Jan 14:31). Jezi te pran plezi fè volonte Bondye. Li te renmen lwa Bondye yo anpil (Sòm 40:8). Se pa ti kontan Jewova dwe te kontan lè l wè Jezi ki dispoze sèvi l ak tout kè l!

11 Menm jan ak sakrifis kominyon sa yo, sèvis n ap bay Jewova a montre jan nou renmen l. Nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an, e nou fè sa paske nou renmen l ak tout kè nou. Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l wè plizyè milyon moun k ap adore l dispoze sèvi l paske yo renmen l anpil e yo renmen fason l ap dirije! Sa konsole nou lè n sonje Jewova wè nonsèlman sa nou fè yo, men tou, sa ki pouse nou aji konsa e li bay sa valè. Pa egzanp, si w granmoun anpil e w vin pa ka fè sa w ta renmen fè, ou mèt gen asirans Jewova konprann ou. Ou ka santi pa gen anpil bagay ou ka fè pou Jewova, men Jewova wè lanmou w gen pou li nan kè w ki pouse w fè sa w kapab. Li kontan aksepte pi bon bagay ou kapab ba li a.

Trezò espirityèl

w12 15/5 22 § 1-2

Kesyon lektè yo poze

Men sa yon salmis te di nan yon chante Bondye te pouse l ekri: “Lanmò moun ki fidèl ak Jewova yo gen valè nan je l.” (Sòm 116:15, NW). Lavi chak moun k ap sèvi Jewova gen anpil valè nan je Jewova. Sepandan, pawòl nou jwenn nan Sòm 116 la pa gen rapò sèlman ak lanmò yon moun k ap sèvi Jewova.

Lè yon kretyen mouri, moun k ap bay diskou antèman an pa dwe aplike Sòm 116:15 lan pou kretyen ki mouri an menmsi l t ap sèvi Jewova fidèlman. Poukisa? Se paske sa salmis la te ekri yo pa konsène yon sèl moun. Pawòl li yo vle di tout moun k ap sèvi Jewova fidèlman yo tèlman gen valè nan je Jewova, sa t ap fè Jewova twò mal pou l ta kite yo touye yo tout. — Gade Sòm 72:14; 116:8.

9-15 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 119:1-56

“Ki jan yon jèn gason ka mennen yon vi ki pwòp?”

w87 1/11 18 § 10

Èske w fè efò pou w rete pwòp nan tout domèn?

10 Men ki avètisman apot Pòl te bay nan Efeyen 5:5: “Paske, nou konn sa, nou rekonèt sa nou menm, ni moun k ap fè imoralite seksyèl, ni moun ki nan salte, ni moun ki ava, sa vle di yon moun ki nan idolatri, pap gen eritaj nan Wayòm ki pou Kris ak Bondye a.” Epoutan, chak ane, plizyè milye frè ak sè jwenn reprimann oswa eskominye pou imoralite seksyèl ki se yon ‘peche kont kò a’. (1 Korentyen 6:18.) Byen souvan, sa rive tou senpleman paske yo pa “veye pou [yo] aji dapre pawòl [Bondye]”. (Sòm 119:9.) Pa egzanp, anpil frè ak sè bese vijilans yo lè yo an vakans. Yo neglije reyinyon yo e yo fè zanmi ak moun nan monn nan ki an vakans tou. Gen kèk kretyen ki di moun sa yo se ‘bon moun’, yo menm patisipe ansanm avèk yo nan kèk aktivite ki ka fè moun gen dout sou yo. Menm jan an tou, gen lòt kretyen ki nan twòp zanmitay ak moun k ap travay menm kote avèk yo. Gen yon frè, ki te yon ansyen, ki te tèlman atache ak yon dam nan travay li, li menm abandone fanmi l pou l al viv ak dam nan! Kòm rezilta, li te vin eskominye. Vrèmanvre, pawòl Bib la di ki annapre yo se laverite: “Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” — 1 Korentyen 15:33.

w06 1/7 17 § 1

“Rapèl ou yo se ak sa m atache”

JEWOVA fè sèvitè l yo rapèl nan objektif pou l ede yo fè fas ak presyon y ap sibi nan tan difisil sa yo. Nou jwenn kèk nan rapèl sa yo lè n ap li Labib pèsonèlman, e nou jwenn kèk lòt nan diskou oswa nan kòmantè ki fèt nan reyinyon yo. Gen anpil bagay nan sa nou li oswa nan sa nou tande nan moman sa yo ki pa nouvo pou nou. Sandout, nou te deja egzamine enfòmasyon konsa anvan. Men, kòm nou gen tandans bliye, nou toujou bezwen rafrechi memwa nou nan sa ki konsène objektif Jewova yo, lwa l yo ak enstriksyon li bay. Nou ta dwe gen rekonesans pou rapèl Bondye yo. Yo renouvle espri nou etan yo ede nou toujou sonje rezon ki te pouse nou chwazi mennen yon vi ki fè Bondye plezi. Se poutèt sa, salmis la te di Jewova nan yon chante: “Rapèl ou yo se ak sa m atache.” — Sòm 119:24.

w10 15/4 20 § 2

Pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen!

2 Sepandan, sa nou gade kapab gen move efè sou nou. Je nou tèlman gen enfliyans sou sèvo nou, sa nou wè kapab fè nou vin gen anbisyon, yo kapab mete yon seri dezi nan kè nou oswa yo kapab fè anbisyon ak dezi nou genyen yo vin pi fò. Mete sou sa, piske n ap viv nan yon monn ki deprave, yon monn Satan Ledyab ap dirije, kote moun yo viv pou yo satisfè pwòp dezi egoyis yo, monn nan bonbade nou ak imaj ak pwopagann ki kapab fè nou abandone lafwa fasilman, menmsi se tonbe je nou tonbe sou yo an pasan (1 Jan 5:19). Se sa k fè sa pa etonan lefètke gen yon salmis ki te sipliye Bondye konsa: “Fè je m pase san l pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen. Fè m rete vivan nan chemen w lan.” — Sòm 119:37.

Trezò espirityèl

w05 1/5 7 § 2

Annou mete konfyans nou nan Pawòl Jewova

2 Yon pwen fondamantal ki gen nan Sòm 119 la, se enpòtans pawòl Bondye oswa mesaj Bondye genyen. Petèt pou ede moun sonje chan an, li fè l sou fòm yon akwostich. San swasannsèz vèsè li genyen yo prezante nan lòd alfabetik, selon alfabè ebre a. Nan ebre orijinal la, chak stwòf nan 22 stwòf yo gen uit liy ki kòmanse ak menm lèt la. Sòm sa a fè referans ak pawòl Bondye, lwa li, rapèl li, chemen li, lòd li, règ li, kòmandman li, desizyon jidisyè li, deklarasyon li ak dekrè li. Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral pale de Sòm 119 la selon yon tradiksyon ki fidèl ak tèks ebre a. Lè nou medite sou eksperyans sèvitè Jewova te fè nan tan lontan ak nan epòk pa nou an, sa dwe fè nou pi byen konprann chan enspire sa a ki vini de Bondye e sa dwe ogmante rekonesans nou pou Labib, Pawòl Bondye fè ekri a.

16-22 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 119:57-120

Fason pou n andire lè n jwenn pwoblèm

w06 1/7 12 § 2

“Ala renmen mwen renmen lwa w!”

2 Ou ka ap mande tèt ou: “Ki jan lwa Bondye a te kapab yon sous ankourajman ak rekonfò pou salmis la?” Se paske salmis la te gen konfyans Jewova enterese nan li, e sa te soutni l. Etandone salmis la te konnen tout dispozisyon chaje lanmou ki gen nan lwa sa a, sa te fè kè l kontan, malgre tout difikilte li t ap rankontre akoz opozan l yo. Li te rekonèt Jewova te byen boule avè l. Anplis de sa, lefètke li te suiv direksyon lwa Bondye a te bay, sa te fè l vin pi saj pase ènmi l yo, e sa te menm prezève lavi l. Lefètke li te obeyi lwa a, sa te ba l lapè ak yon bon konsyans. — Sòm 119:1, 9, 65, 93, 98, 165.

w00 1/12 14 § 3

Èske nou renmen rapèl Jewova yo anpil anpil?

3 Rapèl Jewova yo te tèlman gen anpil valè pou salmis la, sa te pouse l ekri pawòl sa yo nan yon chante: “Mwen fè vit, mwen pa pran tan pou m obeyi kòmandman w yo. Kòd mechan yo antoure m, men mwen pa bliye lwa w yo.” (Sòm 119:60, 61). Rapèl Jewova yo ede nou andire pèsekisyon paske nou gen konfyans Papa nou ki nan syèl la kapab kase kòd ènmi yo itilize pou mare nou. Nan bon moman an, l ap libere nou anba kalite eprèv sa yo yon fason pou n ka kontinye fè travay Wayòm nan. — Mak 13:10.

w06 1/9 19 § 3

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Senkyèm liv

119:71 — Ki avantaj ki ka genyen nan afliksyon? Difikilte ka aprann nou konte sou Jewova plis toujou, pou nou priye l avèk plis senserite, e pou nou pi dilijan nan etidye Labib e nan aplike sa li di. Anplis de sa, reyaksyon nou devan pwoblèm ka revele enpèfeksyon nou ka korije nan pèsonalite nou. Soufrans pap fè nou vin akaryat si nou kite l rafine nou.

w17.07 13 § 3, 5

“Kriye ak moun k ap kriye”

3 Pa gen dout nan sa, Jewova, Papa nou ki nan syèl la ki gen konpasyon, se prensipal sous konsolasyon an. (Li 2 Korentyen 1:3, 4.) Men ki asirans Jewova, Sila a ki bay pi gwo egzanp antanke moun ki konn mete l nan plas lòt moun, bay pèp li a: “Se mwen menm k ap konsole nou.” — Eza. 51:12; Sòm 119:50, 52, 76.

5 Nou ka gen bonjan konfyans Jewova ap aji an favè n. Se sa k fè n pa dwe ezite ouvri kè n ba li nan lapriyè konsènan soufrans n ap andire yo. Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan lefètke n konnen Jewova konprann doulè nou e l ban nou konsolasyon nou tèlman bezwen an! Men, ki jan l fè sa?

Trezò espirityèl

w06 1/9 19 § 4

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Senkyèm liv

119:96 — Ki sa ekspresyon ‘yon fen nan tout pèfeksyon’ an siyifi? Salmis la ap pale konsènan pèfeksyon selon pwennvi lèzòm. Petèt li te vle di konsepsyon lòm genyen sou pèfeksyon limite. Yon lòt bò, kòmandman Bondye yo pa gen limit sa a. Konsèy li yo aplikab nan tout aspè lavi a. Men sa nou li nan yon tradiksyon biblik ki pote non Ford Porter: ‘Mwen te wè yon fen nan tout pèfeksyon: men kòmandman ou laj depase.’

23-29 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 119:121-176

Fason nou ka evite tristès ki pa nesesè

w18.06 17 § 5-6

Ann kite lwa ak prensip Bondye yo fòme konsyans nou

5 Pou n jwenn byenfè nan lwa Bondye yo, nou bezwen fè plis pase annik li yo oswa annik konnen yo. Nou dwe gen anpil lanmou ak respè pou yo. Pawòl Bondye a di: “Rayi sa ki mal e renmen sa ki byen.” (Amòs 5:15). Men, ki jan n ka rive fè sa? Yon bagay enpòtan nou dwe fè se aprann wè bagay yo jan Jewova wè yo. Ann pran yon egzanp pou n esplike sa: Imajine w gen difikilte pou w dòmi byen. Doktè w mande w pou w suiv yon rejim, pou w fè spò e pou w chanje fason w ap viv. Apre w fin eseye fè sa l di w la, ou wè sa mache! Se sèten w ap gen anpil rekonesans pou doktè w la ki ede w amelyore kalite lavi w.

6 Menm jan an tou, Kreyatè nou an ban nou yon seri lwa ki ka pwoteje n kont move efè peche genyen, e konsa, n ap amelyore lavi nou. Fè yon ti reflechi sou byenfè nou jwenn lè n suiv lwa Bib la bay konsènan manti, konplo, vòlè, imoralite seksyèl, vyolans ak bagay ki gen rapò ak movèzespri. (Li Pwovèb 6:16-19; Rev. 21:8.) Lè n wè pakèt benediksyon nou jwenn paske n aji jan Jewova vle l la, se tou natirèlman n ap vin gen plis lanmou ak rekonesans nan kè n pou li e pou lwa l yo.

w93 15/4 17 § 12

Jèn, dèyè ki sa w ap kouri?

12 Sa k pi enpòtan an, ou dwe aprann rayi epi gen degoutans pou sa ki mal (Sòm 97:10). Ki jan w ka rayi yon bagay ki parèt amizan oswa ki gen plezi ladan l? Se lè w reflechi ak konsekans yo! “Pa twonpe tèt nou: moun pa ka pase Bondye nan jwèt. Paske, kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou. Paske, yon moun ki simen pou chè li, chè li ap fè l rekòlte destriksyon.” (Galat 6:7, 8). Lè w jwenn tantasyon pou w kite dezi seksyèl mennen w, reflechi ak pi gwo konsekans sa ka genyen an: jan sa t ap fè Jewova, Bondye nou an, mal. (Konpare ak Sòm 78:41.) Reflechi tou ak posiblite pou w vin ansent san w pa t vle, oswa pou w ta pran yon maladi trapan tankou SIDA. Panse ak dega emosyonèl sa ka lakòz e ak soufrans sa bay lè w pèdi respè tèt ou. Epitou, konsekans yo ka dire lontan. Men sa yon sè te admèt: “Mari m avè m te gentan konn fè sèks anvan nou te rankontre youn lòt. Byenke nou toude kretyen kounye a, lefètke nou te konn gen relasyon seksyèl anvan, sa se yon sous pwoblèm ak jalouzi nan maryaj nou.” Lòt bagay ki ka rive, ou ka pèdi privilèj ou nan òganizasyon an oswa menm eskominye nan kongregasyon an! (1 Korentyen 5:9-13.) Èske sa vo lapèn pou w peye chè konsa pou yon ti moman plezi?

Trezò espirityèl

w23.01 2 § 2

Se pou n gen konviksyon ‘pawòl Bondye se laverite’

2 Antanke sèvitè Jewova nou gen konviksyon li se “Bondye verite a” e li toujou vle sa ki pi bon an pou nou (Sòm 31:5; Eza. 48:17). Nou konnen nou kapab fè sa nou li nan Bib la konfyans, nou kwè “se tout pawòl [Bondye] nèt ki laverite”. (Li Sòm 119:160.) Nou dakò ak pawòl yon biblis te ekri ki di: “Pa gen anyen Bondye di ki pa laverite oswa ki pap janm pa reyalize. Pèp Bondye a kapab kwè sa l di paske yo fè Dye ki di l la konfyans.”

30 DESANM–5 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A SÒM 120-126

Yo te simen ak dlo nan je, men, yo te rekòlte ak kè kontan

w04 1/6 26 § 10

Moun ki bay Bondye glwa yo beni

10 Lè nou mete jouk Jezi ban nou an antanke disip li, se lite n ap lite kont Satan. Men pwomès Jak 4:7 fè nou: “Kenbe tèt ak Dyab la, e l ap kouri kite nou.” Sa pa vle di se yon bagay ki fasil. Sèvi Bondye mande anpil efò (Lik 13:24). Men, Labib fè nou pwomès sa a nan Sòm 126:5, li di: “Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak yon rèl kè kontan.” Wi, nou pap adore yon Dye ki engra. Se li menm ki “rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre” yo e ki beni moun k ap ba l glwa yo. — Ebre 11:6.

w21.11 24 § 17

Èske lafwa w ap djanm?

17 Èske w nan lapenn akoz yon moun pa w ki mouri? Pran tan pou w ranfòse lafwa w nan rezirèksyon an lè w li istwa yon seri moun nan Bib la Bondye te resisite. Èske w nan lapenn akoz ou gen yon moun nan fanmi w ki eskominye? Fè rechèch pou w ka konvenk tèt ou fason Bondye bay disiplin nan toujou pi bon. Kèlkeswa pwoblèm ou genyen, sèvi avè l kòm yon okazyon w genyen pou w fòtifye lafwa w. Di Jewova egzakteman ki jan w santi w. Pa met kò w apa, okontrè, rete pwòch frè w ak sè w yo (Pwo. 18:1). Patisipe nan aktivite k ap ede w andire, menmsi se ak dlo nan je ou oblije fè sa (Sòm 126:5, 6). Kontinye al nan reyinyon, kontinye preche epi li Labib. Ret konsantre sou gwo benediksyon Jewova pwomèt l ap ba ou alavni. Lè w wè jan Jewova ede w, w ap vin gen plis lafwa nan li.

w01 15/7 18-19 § 13-14

Se pou n chofe nan travay rekòt la!

13 Pawòl ki nan Sòm 126:5, 6 yo se yon gwo rekonfò pou moun k ap patisipe nan travay rekòt Bondye a, sitou pou moun ki soufri akoz pèsekisyon. Men sa yo di: “Moun ki simen semans li ak dlo nan je, l ap rele byen fò ak kè kontan lè l ap rekòlte. Moun ki soti ak yon sak semans, menmsi l ap kriye, se sèten l ap rele byen fò ak kè kontan lè l ap retounen lakay li ak sa l rekòlte.” Pawòl salmis la te di ki gen rapò ak simen e ak rekòlte a montre fason Jewova te pran swen moun ki te sot ann egzil nan Babilòn tan lontan an ak fason l te beni yo. Yo te kontan anpil lè yo te libere yo a, men petèt, yo te kriye lè yo t ap simen nan tè sèk yo pa t travay pandan 70 an yo te ann egzil la. Men, moun ki te patisipe nan simen ak nan travay konstriksyon yo, te kontan rekòlte sa yo te plante yo e yo te jwenn satisfaksyon nan travay yo.

14 Nou ka kriye lè nou jwenn eprèv oubyen lè nou menm oswa kwayan parèy nou ap soufri akoz enjistis (1 Pyè 3:14). Nan travay rekòt nou an, okòmansman nou ka santi travay la di paske sa ka sanble nou pa jwenn okenn rezilta pou tout travay di nou fè nan travay predikasyon an. Men, si nou kontinye simen e n kontinye wouze, Bondye ap fè yo grandi, e byen souvan, li fè plis pase sa nou atann (1 Korentyen 3:6). Sa parèt byen klè lè nou wè kantite Bib ak piblikasyon ki baze sou Bib la nou pibliye.

Trezò espirityèl

cl 86 § 15

Pisans pou l pwoteje: “Se Bondye ki tout pwoteksyon nou”

15 Premyèman, ann egzamine jan Jewova pwoteje nou fizikman. Antanke sèvitè Jewova, nou kapab atann pou nou jwenn pwoteksyon nan men Bondye antanke gwoup. San pwoteksyon Bondye, li t ap fasil pou Satan elimine nou. Fè yon ti reflechi sou sa: Pa gen anyen Satan, “chèf monn nan”, ta pi renmen pase elimine vrè adorasyon an (Jan 12:31; Revelasyon 12:17). Gen kèk nan gouvènman ki pi pisan sou tè a ki te entèdi travay predikasyon nou an e ki te eseye elimine nou nèt. Sepandan, pèp Jewova a te rete djanm e yo pa t sispann preche. Ki sa k te fè nasyon sa yo, ki pisan, pa t ka rive kanpe travay yon ti gwoup kretyen ki te parèt san defans t ap fè? Rezon an se paske nou te jwenn pwoteksyon anba zèl pisan Jewova yo! — Sòm 17:7, 8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje