BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr25 me p. 1-11
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a — 2025
  • Soutit
  • 5-11 ME
  • 12-18 ME
  • 19-25 ME
  • 26 ME–1 JEN
  • 2-8 JEN
  • 9-15 JEN
  • 16-22 JEN
  • 23-29 JEN
  • 30 JEN–6 JIYÈ
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a — 2025
mwbr25 me p. 1-11

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

© 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

5-11 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 12

Lè w travay di, w ap jwenn rekonpans

w16.06 30 § 6

Yon bèl kalite ki gen plis valè pase dyaman

Li ka difisil anpil pou kèk sèvitè Jewova rive jwenn ase lajan pou yo achte sa yo bezwen pou yo viv. Sepandan, olye yo chèche yon mwayen ki pi rapid e ki malonèt, yo pito travay di e yo fè tout sa yo kapab. Lè yo fè sa, yo montre bèl kalite Bondye yo, tankou onètete, pi enpòtan pase nenpòt byen materyèl. — Pwovèb 12:24; Efezyen 4:28.

w15 1/2 5 § 4-6

Fason pou w renmen travay di

L ap bon pou n reflechi sitou sou dènye kesyon an paske pifò satisfaksyon ki gen nan travay se lè nou wè jan sa pwofitab pou lòt moun. Men sa Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Travay 20:35). Anplis de kliyan yo ak patwon yo ki benefisye dirèkteman sèvis nou bay yo, gen lòt moun ankò ki jwenn byenfè nan travay di nou fè yo. Pami moun sa yo gen moun lakay nou ak moun ki nan nesesite yo.

Moun lakay nou. Lè yon chèf fanmi travay di pou l bay moun lakay li sa yo gen bezwen, li fè fanmi l jwenn byenfè nan omwen de fason. Premyèman, li asire l yo gen bagay ki nesesè pou yo viv nan domèn fizik tankou manje, rad ak yon kote pou yo rete. Konsa, li ranpli responsablite Bondye ba li pou l “bay moun ki sou kont li sa yo gen bezwen”. (1 Timote 5:8.) Dezyèmman, yon moun k ap pran swen fanmi l avèk dilijans anseye nan egzanp li enpòtans travay di genyen. Men sa Shane nou te site nan atik ki vin anvan an fè konnen: “Papa m se yon bèl egzanp konsènan moun ki gen yon bon pwennvi sou travay. Li se yon moun ki onèt ki travay di pandan tout vi l, pifò nan tan sa a li te travay kòm bòs chapant. Grasa egzanp li, mwen aprann enpòtans sa genyen pou yon moun travay ak men l, pou l konstwi bagay k ap itil lòt moun.”

Moun ki nan nesesite. Apot Pòl te konseye kretyen yo pou ‘yo travay di dekwa pou yo ka gen kichòy pou yo pataje ak moun ki nan nesesite’. (Efezyen 4:28.) Anfèt, lè nou travay di pou n pran swen tèt nou ak fanmi nou, nou ka vin nan pozisyon pou n ede moun ki defavorize yo (Pwovèb 3:27). Donk, travay di ka ede nou jwenn pi gwo kè kontan ki genyen lè yon moun bay la.

Trezò espirityèl

ijwyp atik 95 § 10-11

Ki jan m ka adapte m ak kèlkeswa chanjman an?

● Eseye wè pwoblèm yo jan yo ye a. Aprann fè diferans ant gwo pwoblèm ak ti pwoblèm. Men sa Bib la di: “Yon moun ki sòt montre l pa kontan lapoula, men, lè yo manke moun ki gen lespri a dega, li pase sou sa.” (Pwovèb 12:16). Pinga w kite nenpòt ti pwoblèm deranje w.

“Nan lekòl la, timoun yo plenyen pou ti krik ti krak e yo fè nenpòt ti pwoblèm vin tounen yon gwo pwoblèm. Apre sa, yo chèche konn sa zanmi yo panse sou rezo sosyal yo, sa ki fè bagay yo vin pi grav e sa anpeche yo wè pwoblèm yo jan yo ye a.” — Joanne.

12-18 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 13

Pa kite “lanp moun ki mechan yo” twonpe w

it-2 109 § 4-5

Lanp

Lòt sans senbolik. Yo sèvi ak lanp kòm senbòl bagay yon moun itilize pou l klere wout li. Se imaj sa a pwovèb la itilize pou l fè diferans ant moun ki dwat la ak moun ki mechan an lè l di: “Limyè moun ki dwat yo byen klere, men, lanp moun ki mechan yo ap etenn.” (Pw 13:9). Limyè moun ki dwat la kontinye ap vin pi klere, tandiske kèlkeswa jan lanp moun ki mechan an parèt ap klere e kèlkeswa jan zafè l parèt ap byen mache, Bondye ap asire l li tonbe nan fènwa kote pye l ap bite san mank. Se sa k ap rive moun k ap bay papa l ak manman l madichon. — Pw 20:20.

Epitou, ekspresyon ‘lanp yon moun ap etenn nan’ vle di pap gen avni pou moun sa a. Men sa yon lòt pwovèb di: “Pa gen okenn avni pou moun k ap fè sa ki mal. Lanp moun ki mechan yo ap etenn.” — Pw 24:20.

w12 15/7 12 § 3

Annou sèvi Bondye ki bay libète a

Si Satan te rive enfliyanse de moun ki te pafè ak anpil zanj pou fè yo vire do bay Bondye, se sèten li kapab fè nou sa tou. Satan kontinye itilize menm taktik yo. Li vle pou nou panse prensip Jewova yo pa rezonab e si nou sèvi Bondye, nou pap kapab pran plezi nou (1 Jan 5:3). Si nou toujou ap pran kontak ak moun ki panse konsa, sa kapab gen gwo enfliyans sou nou. Men sa yon sè ki gen 24 an kounye a, ki te tonbe nan fònikasyon, te di: “Gen kèk move zanmi mwen te genyen ki te gen move enfliyans sou mwen. Rezon an se sitou paske mwen te pè sa yo t ap panse si m pa t wè bagay yo menm jan ak yo.” Petèt sa konn rive w tou.

w04 15/7 31 § 6

“Moun ki gen lespri a aji ann amoni ak konesans”

Yon moun ki pridan e ki dwat ki aji ann amoni ak vrè konesans lan ap jwenn benediksyon. Men ki asirans Salomon ban nou: “Moun ki dwat la manje e vant li plen, men, vant moun ki mechan an vid.” (Pwovèb 13:25) Jewova konn sa ki bon pou nou nan kèlkeswa domèn nan lavi a, kit se nan kesyon fanmi, nan relasyon nou ak lòt moun, nan travay predikasyon an, oswa lè nou resevwa yon disiplin. Lè nou suiv konsèy ki nan Pawòl li a avèk sajès, pa gen dout, n ap viv pi bon fason an.

Trezò espirityèl

it-1 109 § 3

Lanmou

Yo ka demontre lanmou yon move fason. Pou rezon sa yo, li klè, yon moun ka demontre vrè lanmou an sèlman lè l chèche direksyon lespri sen Bondye e li suiv li ak lè l chèche gen konesans ki soti nan Pawòl Bondye a. Pa egzanp, yon paran ka gen afeksyon pou pitit li. Men, li ka demontre lanmou sa a yon fason ki pa natirèl oswa yon move fason lè l kite santiman l mennen l, sa vle di li bay timoun nan tout sa l mande e li pa refize l anyen. Li ka manke egzèse otorite l genyen antanke paran pou l bay disiplin e pafwa pou l kale timoun nan (Pw 22:15). An reyalite, swadizan lanmou sa a kapab yon fyète familyal, ki se yon fòm egoyis. Bib la di moun sa a pap demontre lanmou, men se lahèn l ap demontre, paske fason l ap aji a ap lakòz timoun nan pèdi lavi l. — Pw 13:24; 23:13, 14.

19-25 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 14

Byen reflechi sou sa w ap fè lè gen katastwòf

w23.02 23 § 10-12

Lavi se yon kado Bondye ban nou, ann ba l anpil valè

Pafwa, nou pa ka evite yon seri sitiyasyon ki ta ka met lavi nou an danje. Se kapab katastwòf natirèl, epidemi, ak konfli ki vyolan. Sepandan, lè malè konsa rive, nou ka eseye pwoteje tèt nou, epi evite danje, lè n respekte kouvrefe otorite yo bay, lè n obeyi lòd yo bay pou n kite yon zòn ak lòt enstriksyon ankò (Wom. 13:1, 5-7). Nou ka fè preparasyon alavans pou si ta vin gen pwoblèm, donk li ta bon pou n suiv tout enstriksyon otorite yo bay pou ede n prepare n lè pral gen yon katastwòf. Pa egzanp, li ka itil pou n konsève dlo ak manje ki pap gate e pou n gen yon kit premye sekou.

Ki sa n dwe fè si gen yon maladi trapan k ap gaye kote n ap viv la? Nou dwe obeyi enstriksyon otorite yo bay tankou lave men nou, kenbe distans ak lòt moun, mete kachnen, epi pa ret toupre lòt moun si nou malad. Lè n fè efò pou nou fè bagay sa yo nou montre jan n gen rekonesans pou lavi Bondye ban nou an.

Lè gen ijans, zanmi nou, vwazen nou ak medya yo ka ap gaye yon seri fo enfòmasyon. Olye n kwè “tout sa moun di”, li ta bon pou n koute enfòmasyon ki pi egzak otorite yo ak doktè yo ap bay. (Li Pwovèb 14:15.) Kolèj santral la ak biwo filyal yo fè anpil efò pou yo jwenn enfòmasyon ki egzak anvan yo bay kongregasyon yo enstriksyon anrapò ak reyinyon yo ak travay predikasyon an (Ebre 13:17). Lè n suiv enstriksyon sa yo, nou pwoteje tèt nou e nou pwoteje lòt moun kont danje. Epitou, sa ka fè Temwen Jewova yo vin gen pi bon repitasyon nan zòn kote y ap viv la. — 1 Pyè 2:12.

w24.07 5 § 11

Met kran sou ou menm jan ak Zadòk

Si yo ta mande n ede frè n ak sè n yo nan moman gen danje, ki jan nou kapab montre nou gen kran menm jan ak Zadòk? 1) Suiv enstriksyon yo ban nou. Nan moman sa yo li enpòtan pou n kontinye gen tèt ansanm. Nou bezwen suiv enstriksyon frè ki nan filyal peyi nou ye a ban nou (Ebre 13:17). Detanzantan, ansyen yo bezwen egzamine dispozisyon ki pran nan kongregasyon an pou fè preparasyon pou si ta vin gen yon katastwòf e yo bezwen suiv enstriksyon òganizasyon an bay sou sa pou yo fè lè gen yon katastwòf (1 Kor. 14:33, 40). 2) Met kran sou nou, men pran prekosyon (Pwo. 22:3). Reflechi anvan n aji. Pa pran risk ki pa nesesè. 3) Met konfyans nou nan Jewova. Sonje Jewova pa vle pou anyen mal rive ni ou menm ni frè ak sè yo. Li kapab montre w fason pou w ede yo san w pa met lavi w an danje.

Trezò espirityèl

it-1 398

Aprann reflechi

Men, yo ka vin rayi moun ki aprann reflechi toutbon an. Se petèt ide sa a ki parèt nan Pwovèb 14:17 ki di: “Yo rayi moun ki konn reflechi.” Byen souvan, moun ki pa konn reflechi yo pa byen wè moun ki sèvi ak kapasite yo genyen pou yo reflechi a. Epitou, an jeneral, yo rayi moun ki sèvi ak lespri yo pou yo fè volonte Bondye. Se sa k fè, Jezi Kris te di: “Kòm nou pa fè pati monn nan, e mwen chwazi nou nan monn nan, se pou rezon sa a monn nan rayi nou.” (Jan 15:19). Natirèlman, nan lang orijinal la, ekspresyon “konn reflechi” ki nan Pwovèb 14:17 la ka gen sans move panse. Se sa k fè, vèsè sa a kapab vle di tou yo rayi moun k ap planifye pou fè sa ki mal, e gen tradiksyon Labib ki mete: “E moun ki gen anpil riz la ap lakòz yo rayi l.” — Louis Segond.

26 ME–1 JEN

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 15

Ede lòt moun gen kè kontan

w10 15/11 31 § 16

Se pou nou mache nan entegrite nou!

Jòb te konn akeyi moun (Jòb 31:31, 32). Byenke nou ka pa rich, nou kapab “pran abitid akeyi moun”. (Wom. 12:13.) Nou kapab pataje yon ti manje ak lòt moun, paske, pa bliye: “Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou.” (Pwo. 15:17). Lè nou pataje yon ti manje ak frè ak sè nou yo nan yon anbyans kote gen lanmou, nou pran plezi nan sa e se sèten nou jwenn byenfè nan domèn espirityèl.

w18.04 23-24 § 16-18

Annou youn ankouraje lòt “plis toujou”

Nou t ap fè yon erè si n ta panse nou pa ka bay ankourajman paske n pa twò fò nan kominike ak lòt moun. Sa pa mande anpil bagay pou n ankouraje yon moun, petèt nou ka annik ba l yon bèl souri lè n ap salye l. Si moun nan pa souri avè n, sa ka vle di l gen yon pwoblèm, e si n jis koute l, sa ka fè l jwenn konsolasyon. — Jak 1:19.

Gen yon jèn frè ki rele Henri ki te tris anpil lè fanmi pwòch li, san wete papa l ki te yon ansyen moun te respekte, te kite laverite. Henri te jwenn ankourajman apre yon siveyan sikonskripsyon te mennen l yon kote pou yo bwè yon tas kafe e l te pèmèt li di sa k te nan kè l. Henri te rann li kont sèl fason pou l ede fanmi l retounen nan laverite se lè l kontinye ret fidèl. Li te jwenn bonjan konsolasyon lè l te li Sòm 46, Sofoni 3:17 ak Mak 10:29, 30.

Egzanp Mat ak Henri montre nou ka ankouraje yon frè oswa yon sè ki bezwen konsolasyon. Men sa wa Salomon te ekri: “Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon! Yon moun ki kontan wè w fè kè w kontan. Yon bon nouvèl bay moun fòs.” (Pwo. 15:23, 30). Anplis de sa, lè yon moun ki dekouraje li enfòmasyon ki nan Toudegad ak sou sit Entènèt nou an, sa ka ba l fòs. Pòl montre lè n chante yon kantik Wayòm ansanm sa ka ban nou ankourajman. Men sa l te ekri: “Se pou youn kontinye anseye lòt e se pou youn kontinye ankouraje lòt ak sòm, ak louwanj pou Bondye, ak chante espirityèl nou chante avèk rekonesans, se pou nou chante ak tout kè nou pou Jewova.” — Kol. 3:16; Tra. 16:25.

Trezò espirityèl

ijwbq atik 39 § 3

Èske yon kretyen kapab aksepte yon tretman medikal?

2. Èske m pa ta dwe mande yon dezyèm oswa yon twazyèm moun ki byen konnen domèn nan kèk konsèy? L ap bon pou w pran “konsèy nan men anpil moun” sitou si w gen gwo pwoblèm sante. — Pwovèb 15:22, Bib la.

2-8 JEN

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 16

Twa kesyon ki ka ede n pran bon desizyon

w14 15/1 19-20 § 11-12

Pran desizyon ki saj pandan w jèn

Se lè w sèvi Jewova w ap jwenn pi gwo kè kontan an (Pwo. 16:20). Sanble Bawouk, sekretè Jeremi an, te bliye sa. Pandan yon tan, Bawouk te sispann pran plezi nan sèvis Jewova a. Men sa Jewova te di l: “Ou kontinye ap chèche gwo bagay pou tèt ou. Pa kontinye chèche bagay sa yo. Paske mwen gen yon malè m ap voye sou tout kreyati [...] e mwen va ba ou nanm ou kòm yon byen, tout kote ou gen pou w ale.” (Jer. 45:3, 5, NW). Selon ou menm, ki sa k t ap fè kè Bawouk kontan? Èske se gwo bagay li t ap chèche yo oswa èske se chape anba destriksyon Jerizalèm nan antanke yon sèvitè fidèl Bondye? — Jak 1:12.

Men sa Ramiro, yon frè ki te kontan sèvi lòt moun fè konnen: “Mwen soti nan yon fanmi pòv k ap viv nan yon bouk nan mòn Lèzann yo. Kidonk, lè gran frè m nan te di m l ap peye inivèsite pou mwen, se te yon gwo opòtinite sa te ye. Men, mwen te apèn batize antanke Temwen Jewova, e yon pyonye te envite m pou m vin preche ansanm avè l nan yon ti vil. Mwen te ale vre, mwen te aprann fè cheve, epi mwen te ouvri yon salon kwafè pou m te ka pran swen tèt mwen. Etandone nou te ofri moun yo pou n anseye yo Ekriti yo, anpil nan yo te byen reyaji. Annapre, mwen te vin fè pati yon nouvo kongregasyon ki pale lang moun peyi a pale. Kounye a, mwen gen dizan depi m nan sèvis aplentan. Pa gen [anyen] ki te ka ban m plis jwa pase sa mwen jwenn pandan m ap ede moun yo konnen bon nouvèl la nan lang manman yo.”

w13 15/9 17 § 1-3

Èske w transfòme tèt ou?

EDIKASYON nou resevwa ak anviwònman nou grandi ladan l lan gen yon gwo enfliyans sou nou. Chak moun gen yon fason yo abiye, chak moun nou gen yon kalite manje yo renmen, e chak moun gen yon fason yo konpòte yo. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo se paske moun ki nan antouraj nou ak sikonstans lavi a gen enfliyans sou nou.

Sepandan, gen kèk bagay ki pi enpòtan lontan pase chwa n ap fè anrapò ak manje ak stil rad n ap mete. Pa egzanp, tank n ap grandi, gen kèk bagay n ap konsidere kòm bagay ki bon e ki akseptab, e gen lòt n ap konsidere kòm bagay ki pa bon e ki pa akseptab. Gen anpil nan bagay sa yo, se chak moun ki gen pwòp opinyon pa yo sou yo. Chwa nou fè yo kapab menm montre nan ki eta konsyans nou ye. Bib la fè n konnen, byen souvan, “moun ki nan nasyon yo ki pa gen lalwa fè sa ki nan lalwa tou natirèlman”. (Wom. 2:14.) Men, èske sa vle di depi Bondye pa bay yon lwa byen klè, nou ka annik aji selon fason yo te leve n oswa selon prensip moun kote n ap viv la ap suiv yo?

Gen omwen de rezon enpòtan ki fè kretyen yo pa dwe aji konsa. Premyèman, se paske Bib la di: “Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.” (Pwo. 16:25). Etandone nou enpafè, nou pa gen tout kapasite nou dwe genyen pou n detèmine ki sa ki vrèman bon pou nou e ki kapab ede nou byen dirije pa nou (Pwo. 28:26; Jer. 10:23). Dezyèmman, Bib la fè n konnen se Satan, “dye sistèm sa a”, ki gen kontwòl prensip ki nan monn nan e k ap pouse moun yo aji jan y ap aji a (2 Kor. 4:4; 1 Jan 5:19). Se sa k fè, si nou vle jwenn apwobasyon ak benediksyon Jewova, nou dwe koute konsèy nou jwenn nan Women 12:2 a. — Li vèsè a.

Trezò espirityèl

it-1 651

Disiplin

Rezilta sa bay lè n aksepte disiplin ak lè n pa koute disiplin. Mechan yo, moun ki sòt yo ak moun ki imoral yo montre yo rayi disiplin Jewova lè yo rejte l nèt (Sm 50:16, 17; Pw 1:7). Move rezilta yo jwenn pou kalite foli sa a sèvi yo disiplin, e souvan, se yon pinisyon ki rèd. Jan pwovèb la di sa a: “Se bagay moun sòt yo fè ki tou sèvi yo disiplin.” (Pw 16:22). Yo ka rale lamizè, lawont ak maladi sou yo e yo ka menm mouri anvan lè. Istwa pèp Izrayèl la montre jan konsekans yo kapab grav. Yo pa t aksepte disiplin lè pwofèt yo te konn reprann yo ak lè yo te korije yo. Yo pa t aksepte disiplin Jewova t ap ba yo lè l te retire pwoteksyon l ak benediksyon l sou yo. Finalman, yo te jwenn gwo disiplin yo te anonse yo t ap jwenn nan: Yo te pot laviktwa sou yo e yo te mennen yo ann egzil. — Jer 2:30; 5:3; 7:28; 17:23; 32:33; Oz 7:12-16; 10:10; Sof 3:2.

9-15 JEN

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 17

Se pou gen lapè nan maryaj ou

g 9/14 11 § 2

Fason pou n pa kenbe rankin

Egzamine tèt ou onètman. Bib la rekonèt gen moun ki “gen tandans fè kòlè” e ki “renmen fè gwo kòlè”. (Pwovèb 29:22.) Èske se konsa ou ye? Mande tèt ou: ‘Èske m gen tandans gen rankin malveyan? Èske m fache fasil? Èske m gen tandans fè nenpòt ti bagay tounen yon gwo pwoblèm?’ Bib la di: “Moun ki pa sispann repete yon bagay ki te pase ap met bon zanmi dozado.” (Pwovèb 17:9; Eklezyas 7:9). Sa ka rive ant de moun ki marye tou. Si w gen tandans kenbe rankin, mande tèt ou: ‘Èske m ka demontre plis pasyans ak moun mwen marye avè l la?’ — Prensip biblik: 1 Pyè 4:8.

w08 1/7 21 § 6–22 § 1

Fason pou n rezoud pwoblèm yo

1. Fikse yon lè pou n pale sou pwoblèm nan. “Gen yon lè pou chak bagay [...], lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale.” (Eklezyas 3:1, 7). Jan sa te parèt nan diskisyon ki nan kòmansman atik sa a, gen pwoblèm ki kapab fè moun eksite. Si sa ta rive w, ou bezwen metrize tèt ou pou w kanpe sou diskisyon an pandan yon ti moman, sa vle di ou bezwen “rete san pale”, anvan youn nan nou fè kòlè. Nou kapab anpeche relasyon nou deteryore si nou suiv konsèy Bib la bay ki di: “Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.” — Pwovèb 17:14.

Sepandan, gen yon lè tou ‘pou nou pale’. Menm jan ak move zèb, pwoblèm yo ogmante lè nou pa derasinen yo. Donk, pinga nou annik pase sou pwoblèm nan nan espwa l ap disparèt poukont li. Si w te kanpe sou yon diskisyon ou te genyen ak konjwen w, w ap montre respè pou li lè w chwazi ansanm avè l yon lè pou nou repale sou pwoblèm nan. Pwomès sa a ou fè l pou nou repale sou pwoblèm nan ap ede nou de a aplike konsèy Bib la bay pou nou “pa al dòmi ak kòlè nan kè nou”. (Efezyen 4:26.) Nòmalman, w ap bezwen kenbe pwomès ou.

Trezò espirityèl

it-2 432 § 8

Je

Siy yon moun fè ak je l montre santiman moun nan byen klè. Yo ka montre li gen pitye, oswa li san pitye (Dt 19:13); moun nan ka ‘touye je l’ oswa ‘bat je l’ pou l pase lòt moun nan rizib, oswa pou l aji yon fason ki ipokrit (Sm 35:19; Pw 6:13; 16:30). Pou yo pale de yon moun ki pa vle gade yon moun oswa ki pa vle fè yon bagay pou yon moun, yo konn di l ap fèmen je l oswa l ap kache je l (Mt 13:15; Pw 28:27). Yo konn di je moun ki sòt la “rive jis nan dènye bout tè a”, l ap pwonmennen pasipala san l pa gen yon objektif fiks, sa vle di panse l yo tout kote sof kote yo ta dwe ye a (Pw 17:24). Menm sante yon moun, fòs li, oswa kè kontan l parèt nan je l (1Sa 14:27-29; Dt 34:7; Jòb 17:7; Sm 6:7; 88:9). Men sa wa Jozafa te di Jewova: “Je nou fikse sou ou.” — 2Kw 20:12.

16-22 JEN

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 18

Pale yon fason pou w ankouraje moun ki gen pwoblèm sante

w22.10 22 § 17

Vrè sajès la ap rele byen fò

Reflechi anvan w pale. Si nou pa fè atansyon, pawòl nou di kapab fè gwo dega. Men sa Bib la di: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe, men, lang moun ki gen sajès la geri moun.” (Pwo. 12:18). Nou pwoteje bon relasyon nou gen ak lòt moun lè n evite fè tripotay sou yo (Pwo. 20:19). Nou dwe toujou li Pawòl Bondye a epi medite sou li yon fason pou pawòl nou di ka geri moun olye l blese yo (Lik 6:45). Lè nou medite sou sa Bib la di, pawòl nou ka vin tankou yon “sous sajès” k ap konsole lòt moun. — Pwo. 18:4.

mrt atik 11, kare

Fason w ka fè fas ak yon pwoblèm sante ki vin sanzatann

Pran tan pou w koute l. Youn nan pi bon fason pou w ede zanmi w lan se lè w koute l lè l vle pale. Pa panse w dwe reponn tout sa l di. Souvan, sa sifi pou n annik koute. Eseye koute l san w pa jije l. Pa panse w konnen jan zanmi w lan santi l, sitou si l pa sanble ak yon moun malad. — Pwovèb 11:2.

Pale avè l yon fason ki pozitif. Ou gendwa pa konn sa pou w di l, men lè w fè l konnen ou konprann sitiyasyon l lan pa fasil, sa ka rekonfòte l plis pase lè w pa di l anyen ditou. Si w pa konn sa pou w di l, eseye di yon bagay senp ki sot nan fon kè w. Pa egzanp, ou ka di yon bagay tankou: “Mwen vrèman pa konn sa pou m di w, men m vle w konnen mwen renmen w.” Evite itilize ekspresyon tankou: “Bagay yo te ka pi mal” oswa “Omwen w pa fè yon maladi ki pi grav.”

Ou ka montre w enterese nan zanmi w lan lè w chèche konn kèk bagay sou maladi li genyen an. Li ka apresye efò w fè pou w konprann sitiyasyon l lan, konsa lè w pale avè l kòmantè w yo ap fè plis sans (Pwovèb 18:13). Men, fè atansyon pou w pa ofri konsèy san se pa li ki mande w.

Ofri yon èd pratik. Olye w panse w konn ki jan pou w ede l, mande l sa w ka fè pito. Sonje zanmi w lan ka pa vle admèt li bezwen èd paske l pa vle vin yon chay. Si sa rive, eseye ofri yon èd ki pratik tankou al achte pou li, netwaye kay la pou li oswa yon lòt travay. — Galat 6:2.

Pa dekouraje. Toutpandan zanmi w lan ap fè fas ak maladi l la, li posib pou l pa fè kèk pwogram li te planifye avè w oswa li ka pa vle pale avè w. Montre w gen pasyans avè l e eseye konprann li. Kontinye soutni l. — Pwovèb 18:24.

wp23.1 14 § 3–15 § 1

Fason nou ka ede moun k ap goumen ak pwoblèm sante mantal

“Pale yon fason pou nou konsole moun.” — 1 TESALONISYEN 5:14.

Zanmi w lan ka enkyè, oswa li ka ap goumen ak santiman kòmkwa li pa vo anyen. Lè w ba l asirans ou renmen l, ou ka rekonfòte l e w ap ankouraje l, menmsi w pa konn egzakteman sa pou w di l.

“Yon bon zanmi demontre lanmou toutan.” — PWOVÈB 17:17.

Ofri èd pratik. Olye w fè konprann ou konnen fason pou w ede, mande pito ki sa w ka fè. Si zanmi w lan gen difikilte pou l fè konnen sa l bezwen, eseye pwopoze kèk bagay pratik nou ka fè ansanm, tankou al fè yon ti flannen. Oswa ou ta ka ofri l pou w al nan mache pou li, fè netwayaj, oswa fè kèk lòt bagay ankò. — Galat 6:2.

“Pran pasyans.” — 1 TESALONISYEN 5:14.

Zanmi w lan ka pa toujou dispoze pale. Bay zanmi w lan asirans w ap byen kontan koute l lè l santi l ka pale. Akoz maladi zanmi w lan, li ka di oswa li fè kèk bagay ki fè w fache. Li ka anile bagay nou te planifye ansanm oswa li vin enève. Pran pasyans epi eseye konprann li toutpandan w ap ofri l èd li bezwen yo. — Pwovèb 18:24.

Trezò espirityèl

it-2 1004

Tiraj osò, I

Tiraj osò te yon ansyen koutim ki te ede moun yo pran gwo desizyon. Pou yo fè tiraj osò, yo te konn mete yon seri ti wòch won, oswa moso bwa oswa moso wòch nan ke rad yon moun, oswa nan yon veso, epi yo souke yo. Sa yo pran an oswa sa k te tonbe a se li yo te konn chwazi. Menm jan ak lè yo te fè yon sèman, tiraj osò a te mache ak yon priyè. Yo te konn fè yon priyè swa nan moman an, oubyen fason tiraj la te fèt la montre yo te fè yon priyè. Konsa, yo te chèche direksyon nan men Jewova e yo t ap tann èd li. Nan lang orijinal la, (Ebre, goral), mo lè yo tradui l yo mete tiraj osò pou li a kapab vle di “pòsyon” oswa “eritaj”. — Joz 15:1; Sm 16:5; 125:3; Eza 57:6; Jr 13:25.

Itilizasyon. Pwovèb 16:33 di: “Moun mèt fè tiraj osò, men, se Jewova k ap pran tout desizyon yo.” Ann Izrayèl, yo te konn fè tiraj osò pou yo met fen nan yon diskisyon: “Lè yo fè tiraj osò, sa fè tout diskisyon fini, e sa met ola nan mitan gwo advèsè.” (Pw 18:18). Yo pa t konn fè tiraj osò pou spò, jwèt oswa jwèt aza. Pa t gen paryaj, moun pa t konn ni genyen ni pèdi. Yo pa t fè tiraj osò pou anrichi tanp lan oswa prèt yo, ni pou yo fè charite. Okontrè, sòlda women yo t ap chèche enterè nan move kondisyon lè yo te fè tiraj osò pou rad Jezi yo, jan Sòm 22:18 te anonse sa. — Mt 27:35.

23-29 JEN

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 19

Se pou w yon bon zanmi pou frè w ak sè w yo

w23.11 12 § 16-17

Ki jan nou ka kontinye gen anpil lanmou youn pou lòt?

Panse ak bèl kalite frè w ak sè w yo genyen, pa ret sou defo yo. Ann pran yon egzanp. Imajine ou nan yon ti fèt ak kèk frè ak sè. W ap pase yon bon moman, e lè fèt la fini ou fè yon foto an gwoup. Anfèt, ou pran de lòt foto pou si premye foto a pa ta byen soti. Kounye a ou gen twa foto. Men, nan youn ladan yo, ou remake gen yon frè ki parèt move. Ki sa w ap fè ak foto sa a? W ap efase l paske w gen de lòt foto kote tout moun nan gwoup la, san wete frè a, ap souri.

Ann konpare foto nou konsève yo ak souvni nou chwazi kenbe. An jeneral, moman nou pase ak frè n ak sè n yo kite bon souvni nan panse nou. Men, ann sipoze pandan youn nan moman sa yo, gen yon frè oswa yon sè ki di oswa fè yon bagay ki pa fè n plezi. Ki sa n ta dwe fè lè sa a? L ap bon pou n eseye efase souvni sa a, menm jan nou t ap efase youn nan foto yo (Pwo. 19:11; Efe. 4:32). Nou ka pase sou ti erè frè n nan oswa sè n nan te fè a paske bon moman nou te pase ansanm fè nou gen anpil bon souvni. Se souvni konsa nou bezwen kenbe e nou bezwen bay anpil valè.

w23.07 9-10 § 10-11

Ann kontinye fè efò pou n vin gen plis lanmou

Nou menm tou nou ka chèche fason pou n ede frè n ak sè n yo (Ebre 13:16). Ann reflechi sou egzanp Anna nou te pale de li nan atik anvan an. Apre yon gwo tanpèt te fin pase, li menm ak mari l t al wè yon fanmi ki Temwen e yo te wè tèt kay la kraze. Sa te vin fè fanmi an pa t gen rad pwòp pou yo mete. Men sa Anna di: “Nou te pran rad yo, nou te lave yo, e nou te pote yo tounen tou pase tou pliye. Pou nou menm se te yon ti jès, men sa te fè nou vin zanmi yo e zanmitay sa a ret byen djanm jis kounye a.” Piske Anna ak mari l renmen frè ak sè yo, sa te pouse yo ba yo èd yo te bezwen. — 1 Jan 3:17, 18.

Lè n montre lòt moun nou renmen yo e nou janti avè yo, byen souvan, yo wè efò n ap fè pou n panse menm jan ak Jewova e pou n aji menm jan avè l. Nou ka pa janm konnen jan yo apresye fason nou byen aji ak yo. Khanh, sè nou te pale de li pi wo a, pa janm bliye moun ki te ede l yo. Men sa l di: “Mwen gen tout sè m sa yo ki te konn mennen m nan predikasyon anpil rekonesans. Yo te konn vin chèche m, yo te konn envite m al manje yon ti bagay avèk yo, e yo te konn mennen m tounen lakay mwen. Se kounye a m rann mwen kont jan sa te mande anpil efò. E yo te kontan fè sa.” Sepandan, se pa tout moun k ap montre yo gen rekonesans pou sa nou fè pou yo. Men sa Khanh di konsènan moun ki te ede l yo: “Yo te tèlman byen aji avè m, mwen ta renmen kapab fè menm bagay la pou yo. Men, mwen pa konn ki kote yo tout ap viv kounye a. Men, Jewova konn kote yo ye, e m priye l pou l rekonpanse yo pou mwen.” Khanh gen rezon. Jewova wè tout bon aksyon nou fè pou lòt moun, menm sa ki pi piti yo. Li konsidere yo kòm yon sakrifis ki gen anpil valè e kòm yon dèt l ap gen pou l peye nou. — Li Pwovèb 19:17.

w21.11 9 § 6-7

Ann kontinye demontre lanmou fidèl youn pou lòt

Jodi a, nou ka di yon moun ki fè plizyè ane ap travay pou yon konpayi se yon anplwaye ki fidèl. Epoutan, pandan tout ane li fè ap travay pou konpayi a, li gendwa pa janm rankontre okenn nan direktè yo. Li ka pa toujou dakò ak fason konpayi a fonksyone, li ka pa renmen konpayi a, men, li kontan gen yon travay k ap peye l. L ap kontinye travay pou konpayi a jiskaske l pran retrèt li, sof si l ta jwenn yon pi bon djòb yon lòt kote.

Jan nou sot wè sa nan paragraf 6 la, diferans ki gen ant fidelite ak lanmou fidèl se rezon ki pouse yon moun demontre kalite sa a. Bib la pale de sèvitè Bondye ki te demontre lanmou fidèl, ki sa k te pouse yo fè sa? Se kè yo ki te pouse yo, men se pa paske yo te fòse yo. Ann pran egzanp David. Kè l te pouse l demontre lanmou fidèl pou Jonatan, bon zanmi l lan, menm lè papa Jonatan te vle touye David. Plizyè ane apre lanmò Jonatan, David te kontinye demontre lanmou fidèl pou Mefibochèt, pitit Jonatan. — 1 Sam. 20:9, 14, 15; 2 Sam. 4:4; 8:15; 9:1, 6, 7.

Trezò espirityèl

it-1 516

Konsèy, Konseye

Jewova se Sila a ki gen tout sajès la. Se sèl li menm ki pa bezwen konsèy nan men pèsonn (Eza 40:13; Wm 11:34). Pitit Gason l lan kapab jwe wòl li antanke “gran Konseye” lè l ap bay konsèy ak direksyon, paske li te resevwa konsèy nan men Papa l, li suiv yo e li gen lespri Bondye (Eza 9:6; 11:2; Jan 5:19, 30). Sa montre byen klè, pou yon konsèy bon, li dwe gen panse Jewova ladan l. Nenpòt konsèy ki pa soti nan Sila a ki nan pi gwo pozisyon an pa gen okenn valè. Yon konsèy konsa pa yon konsèy ditou. — Pw 19:21; 21:30.

30 JEN–6 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 20

Fason w ka rive pran bon desizyon lè w renmen

w24.05 26-27 § 3-4

Fason nou ka rive pran yon bon desizyon lè n renmen

Se vre lè de moun renmen sa kapab bay kè kontan, men yo dwe sonje se yon bagay ki serye paske sa ka mennen nan maryaj. Nan jou de moun ap marye, yo fè yon ve devan Jewova pou youn renmen lòt e pou youn respekte lòt toutotan y ap viv. Men, anvan nou fè kèlkeswa ve a, nou bezwen byen reflechi. (Li Pwovèb 20:25.) Se menm bagay la tou pou ve moun k ap marye yo fè. Lè yon gason ak yon fi renmen, sa pèmèt yo aprann konnen youn lòt epi pran bon desizyon. Pafwa se kapab desizyon pou yo marye, pafwa tou se kapab desizyon pou yo kraze renmen an. Si yon gason ak yon fi ki renmen kite sa, sa pa vle di yo te pran yon move desizyon. Okontrè, renmen an te ede yo wè si yo dwe marye oswa si yo pa dwe marye.

Poukisa li enpòtan pou de moun ki renmen byen konprann poukisa moun renmen? Lè yon selibatè byen konprann nan ki objektif moun renmen, li pa pral renmen ak yon moun alòske l deja konnen li pa gen entansyon marye avè l. Men, se pa moun ki selibatè sèlman ki bezwen konprann nan ki objektif de moun renmen. Se nou tout ki bezwen konprann sa. Pa egzanp, gen moun ki panse si yon gason ak yon fi renmen, yo oblije marye. Ki efè yon atitid konsa kapab genyen sou kretyen ki selibatè yo? Men sa Melissa, yon sè selibatè k ap viv Ozetazini, di: “Temwen ki nan renmen yo gen anpil presyon sou do yo. Se sa k fè gen plizyè frè ak sè ki renmen ki pa kraze renmen an alòske yo wè sa pap mache. Gen lòt selibatè yo menm ki tou bay vag sou kesyon renmen an. Presyon an ka twòp pou yo.”

w24.05 22 § 8

Fason w ka jwenn yon moun pou w marye

Ki jan w ka suiv moun nan san l pa konnen? Nan reyinyon yo oswa nan moman detant, ou ka remake kèk bagay k ap ede w wè si moun nan gen bon relasyon ak Jewova, ou ka wè pèsonalite l ak fason l aji. Epitou, kiyès ki zanmi l, e sou ki sa l renmen pale (Lik 6:45)? Èske l gen menm objektif avè w? Ou ka pale ak ansyen nan kongregasyon l oswa ak lòt kretyen ki gen matirite ki konnen l byen (Pwo. 20:18). Ou ka mande yo ki repitasyon moun sa a genyen e ki kalite l genyen (Rit 2:11). Toutpandan w ap suiv moun sa a, fè atansyon pou w pa fè l santi l malalèz. Respekte santiman l, respekte vi prive l, e pa kole sou li.

w24.05 28 § 7-8

Fason nou ka rive pran yon bon desizyon lè n renmen

Ki jan w ka rive konnen kiyès moun nan ye toutbon? Youn nan pi bon fason w ka fè sa se lè w poze kesyon epi w byen koute, lè w di sa w santi toutbon ak lè w sensè ak moun nan (Pwo. 20:5; Jak 1:19). Pou w ka fè sa, ou ka twouve li bon pou n fè yon seri aktivite ki ka pèmèt nou pale youn ak lòt, tankou manje ansanm, fè ti pwomnad ansanm kote ki gen moun, epi preche ansanm. Epitou, youn ka aprann konn lòt lè nou pase tan ak zanmi nou ak fanmi nou. Mete sou sa, nou kapab òganize aktivite k ap ede w wè ki jan moun nan aji nan divès sitiyasyon e ak divès kalite moun. Remake sa Aschwin ki moun Peyiba te eseye fè. Men sa l di li te fè lè l te renmen ak Alicia: “Nou te chèche fè yon seri aktivite ki t ap ede nou konnen youn lòt. Byen souvan, se te bagay senp tankou prepare yon manje ansanm, oswa fè lòt travay ansanm. Pandan aktivite sa yo, youn te wè kalite ak defo lòt.”

Yon lòt fason nou ka chèche konnen youn lòt se lè nou etidye Labib ansanm. Si nou marye, n ap bezwen kreye tan pou adorasyon an fanmi pou Bondye ka gen yon plas enpòtan nan maryaj nou (Ekl. 4:12). Donk, li t ap bon pou n rezève tan pou n etidye Labib ansanm depi kounye a, pandan nou renmen an. Nòmalman, de moun ki renmen poko fòme yon fanmi, e frè a poko chèf sè a. Men, lè nou etidye Labib ansanm regilyèman nou ka aprann konnen relasyon nou chak gen ak Jewova. Max ak Laysa, yon mari ak madanm k ap viv Ozetazini, te jwenn yon lòt byenfè. Men sa Max di: “Lè nou te fèk renmen, nou te kòmanse etidye yon seri sijè nan piblikasyon yo sou renmen, maryaj ak lavi fanmi. Lefètke nou te etidye piblikasyon sa yo, sa te pèmèt nou gen konvèsasyon sou plizyè sijè enpòtan ki pa t ap fasil pou n pale sou yo.”

Trezò espirityèl

it-2 109 § 9

Lanp

Selon Pwovèb 20:27, “souf yon moun se lanp Jewova k ap klere tout anndan moun nan”. “Souf ki soti anndan” yon moun, oswa sa yon moun ap di, kit se bon pawòl, kit se move pawòl, fè wè pèsonalite moun nan, oswa moun li ye pa anndan an. — Konpare ak Tr 9:1.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje