BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w21 jiyè p. 30-p. 31 par. 4
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Maryaj se yon kado Bondye ki renmen nou an ban nou
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Fason w ka jwenn yon moun pou w marye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Apre jou maryaj la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Prepare w pou maryaj ou reyisi
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
w21 jiyè p. 30-p. 31 par. 4
De telefòn selilè ki gen ekran yo youn anfas lòt. Nan youn nan ekran yo, gen men yon gason ki lonje yon bouke flè, e nan lòt ekran an, gen men yon fi ki lonje pou l pran bouke flè a.

Kesyon Lektè Yo Poze

Ki jan Temwen Jewova k ap chèche moun pou yo marye dwe wè kesyon sèvi ak sit Entènèt ki fèt pou ede moun jwenn moun pou yo renmen?

Se sèten Jewova vle pou de moun ki marye jwenn kè kontan nan maryaj yo e pou yo vin pwòch youn lòt (Mat. 19:4-6). Si w ta renmen marye, ki jan w kapab jwenn yon bon moun pou w marye avè l? Piske Jewova se Kreyatè nou, li konnen sa nou bezwen fè pou n reyisi pandan peryòd nou renmen an e pou n gen kè kontan nan maryaj nou. Donk, si w aplike prensip Jewova ban nou yo, w ap gen kè kontan toutbon. Ann wè kèk nan prensip sa yo.

Toudabò, gen yon bagay nou dwe konprann: “Kè a pi trèt pase tout lòt bagay, e li pa bon menm.” ​(Jer. 17:9). Lè yon moun ap chèche yon moun pou l marye e li jwenn yon moun kè l bat pou li, li kapab vin gen anpil santiman byen vit pou moun sa a. Lè konsa, li pa wè l pa tande! Lè se sitou santiman ki pouse moun pran desizyon pou yo marye, byen souvan yo konn soufri anpil (Pwo. 28:26). Se poutèt sa, lè de moun fèk ap aprann konn youn lòt, li pa bon pou yo pale sou yon seri bagay entim oswa pou yo pran yon seri angajman san youn poko vrèman konn lòt.

Pwovèb 22:3 di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” Ki danje ki kapab genyen nan sit Entènèt ki fèt pou ede moun jwenn moun pou yo renmen? Malerezman, gen moun ki konn rankontre moun sou Entènèt, yo renmen ak moun nan, men annapre, yo rann yo kont sa yo te panse a se pa t sa. Epitou, gen yon seri moun ki malveyan ki konn sèvi ak fo idantite pou twonpe moun ki kwè tout sa moun di pou yo ka vòlè lajan yo. Pafwa, moun ki konn fè move zak sa yo konn fè konnen yo se Temwen.

Ann wè yon lòt gwo danje ki genyen. Gen kèk sit ki fèt pou ede moun jwenn moun pou yo renmen ki konn sèvi ak kalkil matematik, swadizan pou ede moun sa yo jwenn moun pa yo a. Sepandan, pa gen anyen ki montre metòd sa yo mache toutbon. Li pa t ap saj pou n met konfyans nou nan pwogram enfòmatik lèzòm fè pou n pran yon desizyon sou yon bagay ki tèlman enpòtan, anpalan de maryaj! Èske nou ka konpare pwogram enfòmatik lèzòm fè ak prensip ki nan Bib la? — Pwo. 1:7; 3:5-7.

Gen yon prensip nan Pwovèb 14:15 ki di: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” Anvan w kouri panse yon moun ka vin yon bon mari oswa yon bon madanm pou ou, chèche konn moun sa a byen. Men, lè se sou Entènèt w ap chèche konn moun nan, sa ka difisil. Menmsi n voye anpil enfòmasyon youn bay lòt e n pase anpil tan ap pale youn ak lòt sou Entènèt, èske w ka di ou konn moun nan byen pou sa? Gen moun ki te panse yo jwenn moun ki fèt pou yo a ki te sezi aprann yon seri bagay sou moun sa a lè yo te resi rankontre l fasafas.

Gen youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki di: “Mwen pa mele ak moun k ap twonpe moun, e mwen pa pran pa ak moun k ap kache sa yo ye.” ​(Sòm 26:4). Anpil moun twouve li nòmal pou yo bay manti nan enfòmasyon y ap bay sou sit Entènèt ki fèt pou ede moun jwenn moun pou yo renmen, yon fason pou yo kapab parèt pi atiran. Yo ka pa kite moun wè kiyès yo ye toutbon oswa yo kapab kache moun yo ye toutbon an lè y ap voye mesaj bay lòt moun. Menm lè gen ladan yo ki ka fè konnen yo se Temwen Jewova, èske yo batize? Èske yo gen matirite? Èske yo gen bon relasyon ak Jewova? Èske yo gen bon repitasyon nan kongregasyon yo ye a? Oubyen èske yo se move egzanp oswa menm yo se “move frekantasyon”? (1 Kor. 15:33; 2 Tim. 2:20, 21.) Èske yo lib pou yo marye selon Bib la? Ou bezwen konn enfòmasyon sa yo, men l ap difisil pou w rive jwenn yo si w pa konn lòt Temwen ki byen konnen moun sa yo ki kapab ede w (Pwo. 15:22). Nòmalman, yon moun k ap sèvi Jewova ki fidèl pa t ap menm panse met tèt li anba ‘jouk miwomiba’ ak yon moun ki pa kwayan. — 2 Kor. 6:14; 1 Kor. 7:39.

Piske gen danje nan itilize sit Entènèt ki fèt pou moun k ap chèche moun pou yo renmen, gen pi bon mwayen pou n chèche yon moun e pou n aprann konnen moun sa a anvan nou marye avè l. Ki kote ou ka rankontre yon moun ki kapab vin mari w oswa madanm ou? Lè Temwen Jewova yo gen posiblite pou yo reyini ansanm, yo kapab aprann konnen youn lòt nan reyinyon kongregasyon yo, nan asanble yo, nan kongrè yo ak nan lòt rasanbleman y ap fè.

Yon gason ak yon fi ki chita ansanm nan yon ti restoran. Y ap koze ak kè kontan.

Lè nou pase tan ansanm, l ap pi fasil pou n wè si nou gen menm objektif e si nou wè bagay yo menm jan.

Lè rankont sa yo pa posib, pa egzanp pandan pandemi COVID-19 la, nou sèvi ak zouti elektwonik pou n asiste reyinyon yo, kote nou gen posiblite fè konesans ak lòt Temwen ki selibatè. Ou kapab tande ki jan y ap patisipe nan reyinyon yo e w ka tande kòmantè y ap fè pou yo montre lafwa yo (1 Tim. 6:11, 12). Ou ka gen posiblite pou w pale ak lòt moun apre reyinyon yo nan ti gwoup yo konn fè apa yo. Lè w rankontre lòt Temwen Jewova fason sa a, sa ap ede w wè ki jan moun ou enterese nan li a aji ak lòt moun e sa kapab ede w wè kiyès li ye toutbonvre (1 Pyè 3:4). Rive yon lè, tank w ap vin konn moun nan pi byen, w ap kapab wè si nou gen menm objektif, si nou wè bagay yo menm jan e si n ap kapab yon bon madanm oswa yon bon mari youn pou lòt.

Lè selibatè yo aplike prensip ki nan Bib la lè y ap chèche jwenn yon moun pou yo marye, l ap pi fasil pou yo wè pawòl ki nan pwovèb ki vin annapre a reyalize nan ka pa yo. Men sa l di: “Yon gason ki jwenn yon bon madanm [oswa yon fi ki jwenn yon bon mari] jwenn yon bon bagay, e li jwenn favè Jewova.” — Pwo. 18:22.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje