BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w24 me p. 20-25
  • Fason w ka jwenn yon moun pou w marye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason w ka jwenn yon moun pou w marye
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FASON W KA JWENN YON BON MOUN POU W MARYE
  • PRAN TAN POU W SUIV MOUN NAN
  • FASON W KA VIN RENMEN AK YON MOUN
  • KI JAN LÒT MOUN KA EDE KRETYEN KI SELIBATÈ YO?
  • Fason nou ka rive pran yon bon desizyon lè n renmen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Prepare w pou maryaj ou reyisi
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Se pou nou fidèl youn ak lòt
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Maryaj se yon kado Bondye bay
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
w24 me p. 20-25

ATIK ETID 21

KANTIK 107 Modèl lanmou Bondye bay la

Fason w ka jwenn yon moun pou w marye

“Kiyès ki ka jwenn yon bon madanm? Yon bon madanm gen plis valè pase koray.” — PWO. 31:10.

PWEN KLE

Prensip nan Bib la ki ka ede yon moun wè fason l ka jwenn yon moun ki ka vin yon bon mari oubyen yon bon madanm pou li, ak fason moun nan kongregasyon an ka ede selibatè ki ta renmen marye yo.

1-2. a) Sou ki sa kretyen ki selibatè yo bezwen reflechi anvan yo renmen ak yon moun? b) Konsènan ki peryòd nan lavi frè ak sè selibatè yo nou pral pale nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a? (Gade nòt la.)

ÈSKE W ta renmen marye? Se vre yon moun pa oblije marye pou l gen kè kontan, men gen anpil kretyen ki selibatè, jèn kou granmoun, ki ta renmen jwenn yon moun pou yo marye. Nòmalman, anvan w chèche renmen ak yon moun, ou bezwen pare nan domèn ekonomik, ou bezwen gen bon relasyon ak Jewova e w bezwen gen matiritea (1 Kor. 7:36). Konsa, l ap pi fasil pou w gen kè kontan nan maryaj ou.

2 Sepandan, li pa toujou fasil pou w jwenn yon moun k ap yon bon mari oubyen yon bon madanm pou ou (Pwo. 31:10). E menm lè w jwenn yon moun ou ta renmen konnen pi byen, li ka pa fasil pou w fè l konn sab. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan yon kretyen selibatè ka jwenn yon moun pou l marye, e ki jan li ka vin renmen avè l. Epitou, nou pral aprann ki jan lòt moun nan kongregasyon an ka ede kretyen ki vle marye yo.

FASON W KA JWENN YON BON MOUN POU W MARYE

3. Sou ki sa yon kretyen ki selibatè bezwen reflechi lè l ap chèche yon moun pou l marye avè l?

3 Si w ta renmen marye, li pi bon pou w konnen sa w ap chèche lakay yon moun anvan menm ou renmen avè lc. Si w pa fè sa, petèt ou ka pa rive wè yon moun ki ta ka vin yon bon mari pou ou oubyen ou ka al renmen ak yon moun ki pap bon pou ou. Nòmalman, kèlkeswa moun ou ta renmen marye avè l la dwe yon frè ki batize (1 Kor. 7:39). Men, se pa nenpòt frè ki batize k ap yon bon mari pou ou. Donk, ou ka mande tèt ou: ‘Ki objektif mwen genyen nan lavi a? Ki kalite ki enpòtan anpil m ap chèche lakay moun mwen ta renmen marye avè l la? Èske m rezonab nan sa m ap atann yo?’

4. Ki sa kèk moun mande nan priyè yo?

4 Se sèten, si w ta renmen jwenn yon moun pou w marye, ou deja priye Jewova sou sa (Flp. 4:6). Nòmalman, Jewova pa pwomèt pèsonn l ap fè l jwenn yon moun pou l marye. Men, bezwen w ak santiman w enpòtan pou li, e li kapab ede w pandan w ap chèche jwenn yon moun pou w marye. Donk, kontinye fè Jewova konnen sa w ta renmen ak sa w santi (Sòm 62:8). Priye l pou w gen pasyans ak sajès (Jak 1:5). Johnd, yon frè selibatè k ap viv Ozetazini, fè konnen sa l mande nan priyè l yo: “M fè Jewova konnen kalite m ta renmen jwenn lakay moun k ap vin madanm mwen an. Mwen priye pou m jwenn okazyon pou m rankontre yon moun ki ka vin madanm mwen. Epi, mwen mande Jewova ede m chèche gen yon seri kalite k ap ede m pou m yon bon mari.” Men sa Tanya, yon sè ki moun peyi Srilanka, fè konnen: “Toutpandan, m ap chèche yon moun ki ka vin mari m, mwen mande Jewova ede m pou m ret fidèl, pou m pozitif, e pou m gen kè kontan.” Menmsi w poko jwenn yon moun ki ta ka vin mari w, Jewova pwomèt l ap kontinye pran swen w e l ap fè w jwenn lanmou ak atansyon w bezwen. — Sòm 55:22.

5. Ki okazyon kretyen selibatè yo genyen pou yo rankontre yon moun ki renmen Jewova? (1 Korentyen 15:58). (Gade foto a tou.)

5 Bib la ankouraje nou pou n gen “anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. (Li 1 Korentyen 15:58.) Si w toujou okipe nan sèvis Jewova a e w pase tan ak divès kalite frè ak sè, nonsèlman w ap jwenn zanmi k ap ankouraje w, men tou, w ap jwenn okazyon pou w rankontre lòt selibatè, ki gen anpil aktivite nan sèvis Jewova a menm jan avè w. E toutpandan w ap fè tout sa w kapab pou w fè Jewova plezi, w ap gen kè kontan toutbon.

Foto ki ansanm: 1. Yon sè selibatè ki kontan pale ak yon sè ki pi gran pase l pandan y ap preche ansanm. 2. Sè selibatè a k ap sèvi manje sou yon chantye konstriksyon òganizasyon an ap fè. 3. Yon frè selibatè ki akonpaye yon ansyen nan yon vizit pastoral lakay yon mari ak madanm. 4. Frè selibatè a k ap sèvi ak yon si sou menm chantye konstriksyon òganizasyon an ap fè a.

Si w ret okipe nan sèvis Jewova e w pase tan ak divès frè ak sè, ou ka rankontre lòt moun ki ta byen renmen marye. (Gade paragraf 5.)


6. Toutpandan yon kretyen selibatè ap chèche yon moun pou l marye, ki sa l dwe sonje?

6 Sepandan, men yon bagay ou bezwen veye: Pa kite chèche jwenn yon moun pou w marye vin bagay ki pi enpòtan nan lavi w (Flp. 1:10). Vrè kè kontan an pa depann de si w marye oswa si w pa marye, men, li depann de relasyon w gen ak Jewova (Mat. 5:3). E pandan w selibatè a, ou kapab jwenn plis tan pou w patisipe nan travay fè disip la (1 Kor. 7:​32, 33). Byen sèvi ak tan sa a. Men sa yon sè ki rele Jessica k ap viv Ozetazini ki te marye lè l te prèske gen 40 an di: “Mwen te rete okipe nan travay fè disip la, e sa te ede m gen kè kontan aktout mwen te vle marye.”

PRAN TAN POU W SUIV MOUN NAN

7. Poukisa w ap montre w gen sajès si w pran tan pou w suiv yon moun ou panse ki ka yon bon mari pou ou anvan w fè l konnen ou enterese nan li? (Pwovèb 13:16).

7 Ki sa w ka fè si w panse yon moun ka vin yon bon mari pou ou? Èske w ta dwe kouri di moun nan ou enterese nan li? Bib la fè konnen yon moun ki gen sajès chèche gen konesans anvan l aji. (Li Pwovèb 13:16.) Donk, ou t ap montre w gen sajès si w suiv moun nan pandan yon ti tan, san l pa konnen, anvan w di l ou enterese nan li. Men sa Aschwin ki moun Peyiba di: “Santiman ka devlope byen vit, konsa tou yo ka disparèt byen vit. Donk, lè w pran tan pou w suiv yon moun, ou pap kouri renmen avè l jis paske kè w bat pou li.” Epitou, pandan w ap suiv moun nan, ou ka vin rann ou kont se pa moun pa w la sa.

8. Ki jan yon selibatè ka suiv yon moun li wè ki ta ka vin mari l? (Gade foto a tou.)

8 Ki jan w ka suiv moun nan san l pa konnen? Nan reyinyon yo oswa nan moman detant, ou ka remake kèk bagay k ap ede w wè si moun nan gen bon relasyon ak Jewova, ou ka wè pèsonalite l ak fason l aji. Epitou, kiyès ki zanmi l, e sou ki sa l renmen pale (Lik 6:45)? Èske l gen menm objektif avè w? Ou ka pale ak ansyen nan kongregasyon l oswa ak lòt kretyen ki gen matirite ki konnen l byen (Pwo. 20:18). Ou ka mande yo ki repitasyon moun sa a genyen e ki kalite l genyen (Rit 2:11). Toutpandan w ap suiv moun sa a, fè atansyon pou w pa fè l santi l malalèz. Respekte santiman l, respekte vi prive l, e pa kole sou li.

Foto ki ansanm: Sè selibatè a ak frè selibatè a nou te wè anvan an k ap gade youn lòt nan yon reyinyon kongregasyon an san yo pa konn si youn ap gade lòt. 1. Sè a k ap gade fason frè a ap aji ak yon mari ak madanm ki granmoun. 2. Frè a k ap gade sè a k ap fè yon patisipasyon nan reyinyon lasemèn nan.

Anvan w di yon moun ou enterese nan li, suiv li pandan yon ti tan san l pa konn si w ap suiv li. (Gade paragraf 7-8.)


9. Anvan w montre yon moun ou enterese nan li, ki sa w bezwen sèten?

9 Pandan konbyen tan ou bezwen suiv moun nan anvan w di l ou enterese nan li? Si w kouri al pale ak yon moun, sa ka sanble ou pa reflechi anvan w pran desizyon (Pwo. 29:20). Yon lòt bò, si w pran twòp tan pou w pale ak moun nan, sa ka sanble ou pa konn sa w vle, sitou si moun nan gentan wè ou enterese nan li (Ekl. 11:4). Ou bezwen sonje, anvan w montre yon moun ou enterese nan li, ou pa bezwen gentan met nan tèt ou se ak moun sa a w ap marye. Men, ou bezwen sèten ou pare pou w marye, e moun nan ka vin yon bon mari pou ou.

10. Ki sa w ta dwe fè si w santi gen yon moun ki enterese nan ou, men w pa enterese nan li?

10 Sepandan, ki sa w dwe fè si w santi yon moun enterese nan ou? Si moun nan pa enterese w, chèche montre sa byen klè nan fason w aji. Li pa t ap bon pou w bay moun nan espwa alòske w konnen ou pa enterese nan li. — 1 Kor. 10:24; Efe. 4:25.

11. Si yo ta mande w chèche yon moun pou yon lòt moun, swa pou yo renmen oswa pou yo marye, ki sa w bezwen sonje?

11 Nan kèk peyi, yo konn atann se paran oswa lòt granmoun ki chwazi moun pou moun nan fanmi yo ki selibatè. Nan lòt peyi, lè fanmi oswa zanmi yon moun ki selibatè jwenn yon moun ki ka vin mari l, yo chèche yon mwayen pou gason an ak fi a rankontre pou yo wè si y ap ka antann yo. Si yo mande w chèche yon moun pou yon lòt moun, swa pou yo renmen oswa pou yo marye, chèche konnen sa mesyedam yo ta renmen ak sa yo bezwen. Yonfwa w jwenn yon moun li ta ka marye avè l, chèche konnen tout sa w kapab sou pèsonalite moun nan, sou kalite l genyen, e sitou sou relasyon l ak Jewova. Yon bon relasyon ak Jewova pi enpòtan lontan pase lajan, fòmasyon oswa ran sosyal. Men, sonje se frè a ak sè a ki pou pran dènye desizyon pou yo konnen si y ap marye oswa si yo pap marye. — Gal. 6:5.

FASON W KA VIN RENMEN AK YON MOUN

12. Si w ta vle renmen ak yon moun, ki jan w ka fè l konn sa?

12 Si w ta vle renmen ak yon moun, ki jan w ka fè l konnen ou enterese nan lie? Ou ka pran randevou pou w pale avè l yon kote ki gen moun oswa nan telefòn. Fè l konn entansyon w byen klè (1 Kor. 14:9). Si sa nesesè, bay moun nan yon ti tan pou l reflechi anvan l reponn (Pwo. 15:28). E si moun nan pa enterese, aksepte repons li ba w la.

13. Ki sa w ka fè si yon moun di w li enterese nan ou? (Kolosyen 4:6).

13 E si yon moun di w li enterese nan ou? Sandout li te met kouraj sou li pou l pale avè w. Donk, montre w janti e montre w gen respè pou li. (Li Kolosyen 4:6.) Si w bezwen tan pou w reflechi pou w konnen si w ap aksepte renmen avè l, di l sa. Men, pa pran twòp tan pou w ba l yon repons (Pwo. 13:12). Si w pa enterese, fè l konn sa avèk jantiyès, e se pou w klè avè l. Gade ki jan Hans, yon frè nan peyi Otrich, te reyaji lè yon sè te fè l konnen li enterese nan li: “Avèk jantiyès, mwen te fè l konnen desizyon m, e m te klè avè l. M te fè sa tousuit paske m pa t vle ba l fo espwa. Pou menm rezon sa a, mwen te veye tou sou fason m aji avè l apre sa.” Yon lòt bò, si w ta vle renmen ak moun sa a, fè l konnen santiman w e fè l konnen ki sa w ap atann pandan nou renmen an. Kilti nou oswa lòt bagay ankò ka fè sa w ap atann gendwa se pa sa lòt moun nan ap atann.

KI JAN LÒT MOUN KA EDE KRETYEN KI SELIBATÈ YO?

14. Ki jan nou ka ankouraje kretyen ki selibatè yo nan pawòl nou?

14 Ki jan nou tout kapab ede kretyen selibatè ki ta renmen marye yo? Youn nan fason nou ka fè sa se lè n veye sa n ap di (Efe. 4:29). Nou ka mande tèt nou: ‘Èske m konn fawouche moun ki ta renmen marye yo? Lè m wè yon frè selibatè ak yon sè selibatè ap pale, èske m met nan tèt mwen youn enterese nan lòt?’ (1 Tim. 5:13). Mete sou sa, nou pa ta dwe janm fè kretyen ki selibatè yo santi yo manke yon bagay paske yo pa marye. Men sa Hans nou te pale de li pi wo a di: “Gen kèk frè ki konn di m: ‘Poukisa w pa marye? Se granmoun w ap granmoun.’ Pawòl konsa ka fè selibatè yo santi yo pa apresye yo e sa ka fè yo santi yo gen plis presyon pou yo marye.” Li pi bon lontan pou n chèche okazyon pou n felisite kretyen ki selibatè yo! — 1 Tes. 5:11.

15. a) Selon prensip nou jwenn nan Women 15:2, ki sa n bezwen sonje anvan n ede yon moun jwenn yon moun pou l marye? (Gade foto a tou.) b) Ki leson enpòtan ou te jwenn nan videyo a? (Gade nòt la.)

15 Si nou panse yon frè ak yon sè nou konnen ka byen viv youn ak lòt, ki sa n ka fè? Bib la fè nou konnen pou nou respekte santiman lòt moun. (Li Women 15:2.) Gen anpil selibatè ki pa vle lòt moun ede yo jwenn yon moun pou yo marye, e nou bezwen respekte desizyon yo (2 Tes. 3:11). Gen lòt ki t ap byen renmen yo ede yo, men nou pa dwe fè sa san yo pa mande nouf (Pwo. 3:27). Gen selibatè ki prefere yo ede yo yon fason ki pa twò dirèk. Men sa Lydia, yon sè selibatè ki moun peyi Almay, di: “Ou ka envite frè a ak sè a nan yon aktivite an gwoup ki gen anpil moun. Fè yon fason pou yo rankontre, epi kite rès la nan men yo.”

Sè selibatè a ak frè selibatè a k ap pale youn ak lòt nan yon ti detant.

Lè gen plizyè moun yon kote, sa bay frè ak sè selibatè yo okazyon pou yo rankontre. (Gade paragraf 15.)


16. Ki sa kretyen ki selibatè yo bezwen sonje?

16 Kit nou selibatè kit nou marye, nou tout ka jwenn kè kontan ak satisfaksyon nan lavi nou (Sòm 128:1)! Donk, si w ta renmen marye men w poko jwenn yon moun, kontinye konsantre sou sèvis w ap bay Jewova a. Men sa yon sè ki rele Sin Yi, ki moun Makawo, di: “Lè w gade kantite tan ou ka pase ak moun ou marye avè l la nan Paradi a, tan w pase antanke selibatè a pa vrèman long. Donk, byen pwofite tan sa a, epi byen sèvi avè l.” Men, e si w jwenn yon moun ki ta ka vin mari w e nou ta vin renmen? Nan atik ki vin apre a, nou pral wè sa w ka fè pandan w renmen an pou w ka pran bon desizyon.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sa w ka fè si w ta renmen jwenn yon moun pou w marye?

  • Poukisa li bon pou w suiv yon moun ou panse ki ta ka vin mari w anvan w renmen avè l?

  • Ki jan lòt moun nan kongregasyon an ka ede kretyen ki selibatè ki ta renmen marye yo?

KANTIK 137 Bèl egzanp medam tan lontan yo ak sè n yo bay

a Pou w ka wè si w pare pou w marye, gade atik ki gen tit “Renmen — Premye pati: Èske m pare pou m renmen?” ki sou jw.org.

b Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, mo renmen an fè referans ak peryòd kote yon gason ak yon fi ap aprann konn youn lòt pi byen pou yo ka wè si y ap ka viv ansanm antanke mari ak madanm. Renmen an kòmanse lè yon gason ak yon fi fè youn lòt konnen yo gen santiman youn pou lòt, e li kontinye jiskaske yo pran desizyon pou yo marye oswa pou yo kanpe relasyon an.

c Pou pi senp, nan paragraf ki vin apre yo, n ap di se yon sè k ap chèche yon frè pou l marye. Nòmalman, prensip sa yo valab pou frè yo tou.

d Gen kèk non yo chanje.

e Nan kèk kilti, an jeneral se yon frè k al file yon sè. Men, pa gen anyen ki mal pou yon sè file yon frè (Rit 3:​1-13). Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Les jeunes s’interrogent... Comment lui dire ce que je ressens pour lui?” ki parèt nan Reveye n! 22 oktòb 2004 (fransè).

f Sou jw.org, gade videyo ki gen tit Yon seri moun ki rive mennen yon gwo lit pou lafwa yo — Kretyen ki selibatè yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje