ATIK ETID 22
KANTIK 127 Kalite moun mwen dwe ye a
Fason nou ka rive pran yon bon desizyon lè n renmen
“Moun nou ye nan fon kè nou an [...] gen anpil valè.”— 1 PYÈ 3:4.
PWEN KLE
Sa de moun ki renmen kapab fè pou yo ka pran yon bon desizyon, ak fason moun nan kongregasyon an ka ede yo.
1-2. Ki jan kèk moun wè kesyon renmen an?
LÈ DE moun renmen, sa kapab yon moman ki bay anpil kè kontan. Si w renmen ak yon moun kounye a, sandout ou ta renmen sa byen pase. E se konsa sa ye pou anpil moun ki renmen. Men sa Tsiona, yon sè ki moun peyi Etyopi, di: “Youn nan moman kote m te gen plis kè kontan nan lavi m se te epòk kote mwen menm ak mari m te renmen. Nou te pale sou bagay ki enpòtan, e nou te konn ri tou. Mwen te kontan lè m te rann mwen kont mwen te jwenn yon moun mwen renmen e ki renmen m.”
2 Sepandan, men sa Alessio, yon frè ki moun Peyiba, di: “Mwen te kontan aprann konnen madanm mwen lè n te renmen. Men, te gen pwoblèm tou pandan peryòd sa a.” Nan atik sa a, nou pral pale sou kèk pwoblèm moun ki renmen yo ka jwenn ak kèk prensip biblik ki kapab ede yo wè sa yo ka fè pandan yo renmen an pou yo rive pran bon desizyon. Epitou, nou pral wè ki jan moun nan kongregasyon an kapab ede yon frè ak yon sè ki renmen.
NAN KI OBJEKTIF DE MOUN RENMEN?
3. Nan ki objektif de moun renmen? (Pwovèb 20:25).
3 Se vre lè de moun renmen sa kapab bay kè kontan, men yo dwe sonje se yon bagay ki serye paske sa ka mennen nan maryaj. Nan jou de moun ap marye, yo fè yon ve devan Jewova pou youn renmen lòt e pou youn respekte lòt toutotan y ap viv. Men, anvan nou fè kèlkeswa ve a, nou bezwen byen reflechi. (Li Pwovèb 20:25.) Se menm bagay la tou pou ve moun k ap marye yo fè. Lè yon gason ak yon fi renmen, sa pèmèt yo aprann konnen youn lòt epi pran bon desizyon. Pafwa se kapab desizyon pou yo marye, pafwa tou se kapab desizyon pou yo kraze renmen an. Si yon gason ak yon fi ki renmen kite sa, sa pa vle di yo te pran yon move desizyon. Okontrè, renmen an te ede yo wè si yo dwe marye oswa si yo pa dwe marye.
4. Poukisa nou bezwen byen wè kesyon renmen an?
4 Poukisa li enpòtan pou de moun ki renmen byen konprann poukisa moun renmen? Lè yon selibatè byen konprann nan ki objektif moun renmen, li pa pral renmen ak yon moun alòske l deja konnen li pa gen entansyon marye avè l. Men, se pa moun ki selibatè sèlman ki bezwen konprann nan ki objektif de moun renmen. Se nou tout ki bezwen konprann sa. Pa egzanp, gen moun ki panse si yon gason ak yon fi renmen, yo oblije marye. Ki efè yon atitid konsa kapab genyen sou kretyen ki selibatè yo? Men sa Melissa, yon sè selibatè k ap viv Ozetazini, di: “Temwen ki nan renmen yo gen anpil presyon sou do yo. Se sa k fè gen plizyè frè ak sè ki renmen ki pa kraze renmen an alòske yo wè sa pap mache. Gen lòt selibatè yo menm ki tou bay vag sou kesyon renmen an. Presyon an ka twòp pou yo.”
CHÈCHE BYEN KONNEN YOUN LÒT
5-6. Ki sa de moun ki renmen dwe chèche konnen sou youn lòt? (1 Pyè 3:4).
5 Si w renmen ak yon moun, ki sa k ap ede w deside si w ap marye avè l oswa si w pap marye avè l? Chèche byen konnen youn lòt. Anvan w te renmen ak moun nan, sandout ou te chèche konn kèk bagay sou li. Men, kounye a, ou gen posiblite konnen “moun li ye nan fon kè l”. (Li 1 Pyè 3:4.) Sa mande pou w aprann konn plis bagay sou moun ou vle marye avè l la, sou relasyon l ak Jewova, sou pèsonalite l ak fason l panse. Rive yon lè, ou ta dwe kapab reponn yon seri kesyon tankou: ‘Èske moun sa a ap yon bon mari oswa yon bon madanm pou mwen?’ (Pwo. 31:26, 27, 30; Efe. 5:33; 1 Tim. 5:8). ‘Èske youn ka bay lòt lanmou ak atansyon l bezwen? Èske youn ka sipòte defo lòt?b’ (Wom. 3:23). Tank youn ap chèche konn lòt, nou bezwen sonje sa k pi enpòtan se pa rive wè tout bagay menm jan, men se rive adapte youn ak lòt malgre diferans nou genyen yo.
6 Ki lòt bagay ou bezwen aprann konnen sou lòt moun nan pandan nou renmen an? Anvan w vin gen plis santiman pou moun nan, li t ap bon pou nou pale sou yon seri sijè ki enpòtan, pa egzanp objektif moun ou renmen avè l la. Men, e si w gen kèk pwoblèm pèsonèl, tankou pwoblèm sante, pwoblèm ekonomik, oubyen gen kèk bagay ki te rive nan lavi w? Nou pa oblije pale sou tout bagay lè nou fèk renmen. (Konpare ak Jan 16:12.) Si w santi l twò bonè pou w reponn yon seri kesyon pèsonèl, fè moun ou renmen avè l la konn sa. Sepandan, rive yon lè, moun nan ka bezwen konnen enfòmasyon sa yo yon fason pou l ka pran yon bon desizyon. Donk, rive yon lè, w ap oblije pale sou kesyon sa yo.
7. Ki jan de moun ki renmen ka chèche konnen youn lòt? (Gade kare ki gen tit “Lè w renmen ak yon moun k ap viv lwen w”.) (Gade foto yo tou.)
7 Ki jan w ka rive konnen kiyès moun nan ye toutbon? Youn nan pi bon fason w ka fè sa se lè w poze kesyon epi w byen koute, lè w di sa w santi toutbon ak lè w sensè ak moun nan (Pwo. 20:5; Jak 1:19). Pou w ka fè sa, ou ka twouve li bon pou n fè yon seri aktivite ki ka pèmèt nou pale youn ak lòt, tankou manje ansanm, fè ti pwomnad ansanm kote ki gen moun, epi preche ansanm. Epitou, youn ka aprann konn lòt lè nou pase tan ak zanmi nou ak fanmi nou. Mete sou sa, nou kapab òganize aktivite k ap ede w wè ki jan moun nan aji nan divès sitiyasyon e ak divès kalite moun. Remake sa Aschwin ki moun Peyiba te eseye fè. Men sa l di li te fè lè l te renmen ak Alicia: “Nou te chèche fè yon seri aktivite ki t ap ede nou konnen youn lòt. Byen souvan, se te bagay senp tankou prepare yon manje ansanm, oswa fè lòt travay ansanm. Pandan aktivite sa yo, youn te wè kalite ak defo lòt.”
Pandan nou renmen an, si nou fè aktivite k ap ankouraje nou pale youn ak lòt, sa ka ede n konn youn lòt pi byen. (Gade paragraf 7-8.)
8. Lè de moun etidye Labib ansanm pandan yo renmen, ki jan sa ka ede yo?
8 Yon lòt fason nou ka chèche konnen youn lòt se lè nou etidye Labib ansanm. Si nou marye, n ap bezwen kreye tan pou adorasyon an fanmi pou Bondye ka gen yon plas enpòtan nan maryaj nou (Ekl. 4:12). Donk, li t ap bon pou n rezève tan pou n etidye Labib ansanm depi kounye a, pandan nou renmen an. Nòmalman, de moun ki renmen poko fòme yon fanmi, e frè a poko chèf sè a. Men, lè nou etidye Labib ansanm regilyèman nou ka aprann konnen relasyon nou chak gen ak Jewova. Max ak Laysa, yon mari ak madanm k ap viv Ozetazini, te jwenn yon lòt byenfè. Men sa Max di: “Lè nou te fèk renmen, nou te kòmanse etidye yon seri sijè nan piblikasyon yo sou renmen, maryaj ak lavi fanmi. Lefètke nou te etidye piblikasyon sa yo, sa te pèmèt nou gen konvèsasyon sou plizyè sijè enpòtan ki pa t ap fasil pou n pale sou yo.”
KÈK LÒT BAGAY KI ENPÒTAN
9. Sou ki bagay de moun ki renmen bezwen reflechi lè y ap deside kiyès y ap fè konnen yo renmen?
9 Kiyès nou ta dwe fè konnen nou renmen? Se ou menm ak moun ou renmen avè l la ki pou deside. Lè nou fèk renmen, nou ka deside se kèk moun sèlman n ap di sa (Pwo. 17:27). Lè nou pa di twòp moun sa, sa ka fè nou pa gen twòp presyon e moun pap poze n kesyon ki pa nesesè. Men, si nou pa di pèsonn sa, nou ka vin ap izole tèt nou paske nou pa ta vle moun konnen. Sa kapab yon danje. Donk, omwen li ka bon pou n fè moun ki ka ban nou bon konsèy e ki ka ede nou konn sa (Pwo. 15:22). Pa egzanp, ou ka pale sa ak kèk moun nan fanmi w, kèk zanmi ki gen matirite oswa kèk ansyen.
10. Ki sa k ka ede de moun ki renmen pou yo rete pwòp nan domèn moral pandan yo renmen? (Pwovèb 22:3).
10 Ki sa nou ka fè pou renmen an rete pwòp? Tank n ap gen plis santiman youn pou lòt, se tank n ap santi nou gen plis atirans youn pou lòt. Ki sa k ka ede n rete pwòp nan domèn moral (1 Kor. 6:18)? Evite pale sou bagay ki imoral, evite rete poukont nou e evite bwè twòp bwason ki gen alkòl (Efe. 5:3). Bagay sa yo ka fè nou vin gen dezi seksyèl e sa ka fè l vin pi difisil pou n fè sa ki dwat. Li t ap bon pou nou pale regilyèman sou sa n kapab fè pou renmen an rete pwòp. (Li Pwovèb 22:3.) Men sa Dawit ak Almaz, ki moun peyi Etyopi, di ki te ede yo: “Nou te konn pase tan ansanm kote ki gen anpil moun oswa ansanm ak zanmi nou. Nou pa t janm rete poukont nou nan yon machin oswa nan yon kay. Donk nou te evite sitiyasyon ki te ka yon tantasyon pou nou.”
11. Sou ki sa de moun ki renmen bezwen reflechi lè y ap deside si y ap demontre afeksyon youn pou lòt?
11 Èske de moun ki renmen ka demontre afeksyon youn pou lòt? Tank n ap vin pi renmen youn lòt, nou ka deside fè kèk jès ki apwopriye. Sepandan, si nou vin gen gwo dezi seksyèl, li ka vin difisil pou n aji avèk sajès (Chan. 1:2; 2:6). Epitou, pandan n ap demontre afeksyon, li ka fasil pou nou pèdi kontwòl nou e pou nou fè yon bagay ki pa fè Jewova plezi (Pwo. 6:27). Donk, depi lè nou fèk renmen l ap bon pou nou pale sou limit n ap bay tèt nou, ann amoni ak prensip ki nan Bib lac (1 Tes. 4:3-7). Mande tèt nou: ‘Ki jan moun kote n ap viv la wè fason nou demontre afeksyon youn pou lòt? Èske fason nou demontre afeksyon ka fè nou vin gen gwo dezi seksyèl?’
12. Ki sa de moun bezwen konprann anrapò ak pwoblèm yo jwenn pandan yo renmen?
12 Ki jan nou ka rezoud pwoblèm ak mezantant nou genyen? E si nou gen mezantant tanzantan, èske sa vle di relasyon an pap mache? Pa fòseman. Tout moun ki marye oswa ki renmen konn pa antann yo. Se lè de moun marye fè efò pou yo rezoud pwoblèm yo genyen maryaj yo ap solid. Donk, fason nou rezoud pwoblèm yo depi kounye a ka montre si maryaj nou ap reyisi. Mande tèt nou: ‘Èske nou rive pale kalm e avèk respè youn ak lòt? Èske nou dispoze admèt erè nou fè, e èske nou fè efò pou n amelyore? Èske nou dispoze sede, nou dispoze mande eskiz epi padone?’ (Efe. 4:31, 32). Men, si nou toujou nan kont oswa nou toujou nan diskisyon pandan nou renmen an, bagay yo gendwa pa vin pi bon apre nou fin marye. Si w rann ou kont se pa moun pa w la, lè w kraze renmen an sa kapab pi bon pou nou toule de.d
13. Ki sa k ka ede de moun deside kantite tan y ap fè renmen?
13 Konbyen tan nou dwe fè renmen? Lè moun pran desizyon twò rapid, souvan sa gen move konsekans (Pwo. 21:5). Donk, lè w renmen ou bezwen pran tan pou w chèche byen konnen moun nan. Sepandan, ou pa ta dwe fè yon pakèt tan renmen si sa pa nesesè. Bib la di: “Lè yon moun ap tann yon bagay e sa pa rive lè l t ap tann li an, sa fè l pèdi espwa.” (Pwo. 13:12). Mete sou sa, tank renmen an dire, li ka pi difisil pou de moun yo reziste anba tantasyon (1 Kor. 7:9). Donk, olye w konsantre sou kantite tan n ap fè renmen, ou ka mande tèt ou: ‘Ki sa m bezwen konnen sou moun sa a toujou pou m pran yon desizyon?’
KI JAN LÒT MOUN KA EDE DE MOUN KI RENMEN?
14. Ki jan lòt moun ka ede de moun ki renmen? (Gade foto a tou.)
14 Si nou konnen de moun ki renmen, ki jan nou ka ede yo? Nou ka envite yo manje avè n, nou ka envite yo lè n ap fè adorasyon an fanmi, oswa nan yon ti detant (Wom. 12:13). Moman sa yo ap ede yo pou yo konn youn lòt pi byen. Èske yo bezwen yon moun ansanm ak yo pou yo pa poukont yo? Èske yo bezwen yon woulib? Oubyen, èske yo bezwen yon kote pou yo pale san moun pa tande sa y ap di? Si se sa, èske w ka ede yo (Gal. 6:10)? Alicia, nou te pale de li pi wo a, sonje sa li menm ak Aschwin te apresye. Men sa l di: “Sa te touche nou lè kèk frè te di nou nou ka vin lakay yo si nou bezwen yon kote pou nou pase yon ti tan ansanm san nou pa poukont nou.” Si de moun ki renmen mande w akonpaye yo pou yo pa poukont yo, konsidere sa kòm yon privilèj. Veye pou w pa kite de moun yo poukont yo nèt, men anmenmtan tou, chèche konprann lè yo bezwen pale san moun pa tande sa y ap di. — Flp. 2:4.
Si nou konnen de moun ki renmen, nou ka chèche wè ki jan n ka ede yo. (Gade paragraf 14-15.)
15. Ki lòt bagay zanmi de moun ki renmen ka fè pou ede yo? (Pwovèb 12:18).
15 Yon lòt fason nou ka ede moun ki renmen yo se lè n veye sa n ap di. Pafwa, nou ka bezwen kontwole tèt nou. (Li Pwovèb 12:18.) Pa egzanp, nou ka anvi fè lòt moun konnen de moun renmen, men petèt yo ta renmen se yo ki bay nouvèl la. Nou pa dwe fè tripotay sou moun ki renmen, ni nou pa dwe kritike yo pou bagay ki pa gade nou (Pwo. 20:19; Wom. 14:10; 1 Tes. 4:11). Epitou, moun yo gendwa pa kontan si nou ta poze yo kesyon ki ka fè yo santi yo oblije marye. Men sa yon sè ki rele Elise ansanm ak mari l sonje: “Nou te twouve sa dwòl lè lòt moun t ap poze nou kesyon sou fason n ap òganize maryaj nou, alòske nou potko menm pale sou bagay konsa.”
16. Ki jan n ta dwe reyaji si de moun ki renmen kraze renmen an?
16 E si de moun ki renmen deside kraze renmen an? Nou dwe evite foure bouch nan koze a oubyen pran pou youn oswa pou lòt (1 Pyè 4:15). Gen yon sè ki rele Lea ki di: “Mwen te tande kèk moun ki t ap chèche esplike rezon ki fè mwen menm ak yon frè te kraze renmen an. Sa te fè m mal anpil.” Jan n te di pi wo a, si de moun ki renmen deside kraze renmen an, sa pa vle di yo echwe. An jeneral, sa montre renmen an te atenn objektif li: li te ede yo pran yon bon desizyon. Men, desizyon sa a ka fè yo soufri kanmenm e sa ka fè yo santi yo poukont yo. Donk, nou dwe chèche wè fason nou ka ede yo. — Pwo. 17:17.
17. Ki sa de moun ki renmen dwe kontinye fè?
17 Jan nou te wè sa, lè de moun renmen yo ka jwenn difikilte, men tou, sa ka fè yo gen kè kontan. Men sa Jessica sonje: “Franchman, pandan nou te renmen, sa te mande pou n fè anpil efò. Men, mwen kontan nou te sèvi ak tan nou ak enèji nou pou n aprann byen konnen youn lòt.” Si n renmen, kontinye fè efò pou youn aprann byen konn lòt. Si nou fè sa, nou toule de ap rive pran yon bon desizyon.
KANTIK 49 Annou fè kè Jewova kontan
a Gen kèk non yo chanje.
b Pou w jwenn plis kesyon pou w egzamine, gade liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2, paj 39-40.
c Lè yon moun karese pati entim yon lòt moun se yon fòm imoralite seksyèl, e sa mande pou ansyen nan kongregasyon an fè yon komite disiplin. Lè yon moun karese tete yon lòt moun e li genyen konvèsasyon imoral nan mesaj tèks oswa nan telefòn, sa ka mande tou pou ansyen yo fè yon komite disiplin.
d Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade “Kesyon lektè yo poze” ki parèt nan Toudegad 15 out 1999 (fransè).