BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • hf seksyon 2 kesyon 1-2
  • Se pou nou fidèl youn ak lòt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou fidèl youn ak lòt
  • Fanmi w ka gen kè kontan
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • 1 BAY MARYAJ OU PRIYORITE
  • 2 PWOTEJE KÈ W
  • Bondye ka fè w gen kè kontan nan maryaj ou
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Apre jou maryaj la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Toujou respekte angajman ou te pran lè w te marye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Montre respè pou konjwen w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Fanmi w ka gen kè kontan
hf seksyon 2 kesyon 1-2
Yon mari ki kenbe yon parapli pou madanm li toutpandan l ap ouvri pòt machin nan pou madanm li ka antre.

SEKSYON 2

Se pou nou fidèl youn ak lòt

“Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Mak 10:9.

Jewova mande pou nou “renmen fidelite”. (Mika 6:8.) Sa sitou enpòtan nan maryaj ou, paske si pa gen fidelite, pap gen konfyans. E li enpòtan anpil pou n fè youn lòt konfyans pou n ka vin gen plis lanmou youn pou lòt.

Jodi a, li difisil anpil pou yon moun rete fidèl nan maryaj li. Pou w pwoteje maryaj ou, ou dwe detèmine pou w fè de bagay.

1 BAY MARYAJ OU PRIYORITE

MEN SA BIB LA DI: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” ​(Filipyen 1:10). Maryaj ou se youn nan bagay ki pi enpòtan nan lavi w. Li merite pou w ba l priyorite.

Jewova vle w bay moun ou marye avè l la atansyon e l vle pou ou menm avè l “jwi lavi” a ansanm (Eklezyas 9:9). Li fè konnen aklè ou pa dwe janm neglije moun ou marye avè l la, okontrè, youn dwe chèche fason pou l fè lòt plezi (1 Korentyen 10:24). Fè moun ou marye avè l la santi ou bezwen l nan lavi w e fè l santi w apresye l tou.

Yon mari ki pote yon bagay pou madanm li bwè. Yon mari k ap antre lakay li e ki jwenn madanm li ap fè manje.

SA W KA FÈ:

  • Asire w ou pase tan ansanm avè l regilyèman epi w ba l yon atansyon total.

  • Panse ak nou de a, pa panse ak tèt ou sèlman.

Yon mari k ap pase yon bon ti moman ak madanm li.

2 PWOTEJE KÈ W

MEN SA BIB LA DI: “Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” ​(Matye 5:28). Si yon moun toujou ap panse ak bagay ki imoral, nan yon sans, li pa fidèl ak moun li marye avè l la.

Jewova mande w pou w “pwoteje kè w”. (Pwovèb 4:23; Jeremi 17:9.) Pou w rive fè sa, ou dwe veye sou sa w ap gade (Matye 5:29, 30). Suiv egzanp patriyach Jòb, ki te fè yon alyans ak je l pou l pa ret ap gade yon fi jiskaske l vin anvi l (Jòb 31:1). Se pou w detèmine pou w pa janm gade pònografi e pou w pa janm vin gen atachman pou yon lòt moun apa de moun ou marye avè l la.

Yon mari ki mete foto madanm li sou biwo travay li.

SA W KA FÈ:

  • Yon fason klè, montre lòt moun se sèlman ak moun ou marye avè l la ou atache.

  • Pran santiman moun ou marye avè l la an konsiderasyon, epi, san pèdi tan, kanpe nenpòt relasyon ki ta ka met moun ou marye avè l la malalèz.

JWE WÒL PA W

Se pou w onèt ak tèt ou, epi chèche konn feblès ou (Sòm 15:2). Pa santi w jennen pou w mande èd (Pwovèb 1:5). Si w ap plede panse ak bagay ki imoral, kontinye goumen kont yo. Pa dekouraje (Pwovèb 24:16). Jewova ap beni efò w ap fè pou w kontinye ret fidèl ak moun ou marye avè l la.

MANDE TÈT OU...

  • Ki jan m ka pase plis tan ak moun mwen marye avè l la?

  • Èske se moun mwen marye avè l la ki pi bon zanmi m?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje