BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • hf seksyon 1 kesyon 1-3
  • Bondye ka fè w gen kè kontan nan maryaj ou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye ka fè w gen kè kontan nan maryaj ou
  • Fanmi w ka gen kè kontan
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • 1 AKSEPTE WÒL JEWOVA BA W LA
  • 2 KONPRANN SANTIMAN MOUN OU MARYE AVÈ L LA
  • 3 PRAN DESIZYON A DE
  • Montre respè pou konjwen w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Se pou nou fidèl youn ak lòt
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Apre jou maryaj la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Maryaj se yon kado Bondye bay
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Fanmi w ka gen kè kontan
hf seksyon 1 kesyon 1-3
Yon mari ak madanm li nan jou maryaj yo.

SEKSYON 1

Bondye ka fè w gen kè kontan nan maryaj ou

“Sila a ki te kreye yo depi nan kòmansman an te fè yo gason ak fi.” — Matye 19:4.

Se Jewovaa Dye ki te fè premye maryaj la. Bib la di nou apre l fin kreye premye fi a, li “mennen l bay gason an”. Adan te tèlman kontan lè sa a, li te di: “Sa se zo ki soti nan zo mwen e se chè ki soti nan chè mwen.” ​(Jenèz 2:22, 23). Jewova toujou vle pou moun ki marye yo gen kè kontan.

Lè w marye, ou gendwa panse tout bagay pral mache byen pou ou. Sepandan, li bon pou w konnen menm mari ak madanm ki renmen youn lòt toutbon yo ap jwenn kèk pwoblèm kanmenm nan maryaj yo (1 Korentyen 7:28). Nan bwochi sa a, ou pral jwenn kèk prensip Bib la bay, si w aplike yo, ki kapab fè w gen kè kontan ni nan maryaj ou ni nan fanmi w. — Sòm 19:8-11.

1 AKSEPTE WÒL JEWOVA BA W LA

MEN SA BIB LA DI: Mari a se chèf fanmi an. — Efezyen 5:23.

Si w se yon mari, Jewova atann pou w pran swen madanm ou avèk tandrès (1 Pyè 3:7). Li kreye madanm ou kòm yon konpay pou ou, e l vle pou w trete madanm ou avèk respè ak lanmou (Jenèz 2:18). Ou dwe renmen madanm ou opwen pou w dispoze met enterè pa l anvan enterè pa w. — Efezyen 5:25-29.

Si w se yon madanm, Jewova atann pou w demontre gwo respè pou mari w epi pou w ede l ranpli wòl Jewova ba li a (1 Korentyen 11:3; Efezyen 5:33). Ou dwe soutni desizyon l pran yo, epi w dwe kolabore avè l ak tout kè w (Kolosyen 3:18). Lè w fè sa, w ap bèl nan je mari w, e w ap bèl nan je Jewova tou. — 1 Pyè 3:1-6.

SA W KA FÈ:

  • Mande moun ou marye avè l la ki sa w ka fè pou w vin yon pi bon mari oswa yon pi bon madanm. Koute l avèk atansyon, epi fè sa w kapab pou w pote amelyorasyon.

  • Montre w pasyan. Sa ap pran tan pou nou toule de aprann kòman pou n fè kè youn lòt kontan.

2 KONPRANN SANTIMAN MOUN OU MARYE AVÈ L LA

MEN SA BIB LA DI: Chèche enterè moun ou marye avè l la (Filipyen 2:3, 4). Bay moun ou marye avè l la anpil valè. Pa bliye, Jewova mande sèvitè l yo pou yo “dou ak tout moun”. (2 Timote 2:24.) Bib la di: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe. Men, lang moun ki gen sajès la geri moun.” Kidonk, ou bezwen byen chwazi mo w ap itilize yo (Pwovèb 12:18). Lespri sen Jewova ap ede w pale ak tandrès ak lanmou. — Galat 5:22, 23; Kolosyen 4:6.

SA W KA FÈ:

  • Priye Jewova pou w rete kalm epi pou w kenbe yon bon etadespri anvan w pale sou kesyon enpòtan yo ak moun ou marye avè l la.

  • Byen reflechi ak sa w pral di a ansanm ak fason w pral di l la.

3 PRAN DESIZYON A DE

MEN SA BIB LA DI: Lè w marye, ou vin fè “yon sèl chè” ak moun ou marye avè l la (Matye 19:5). Sepandan, nou chak gen pèsonalite pa nou, epi n gendwa pa gen menm opinyon. Kidonk, nou bezwen chèche gen menm panse ak menm santiman (Filipyen 2:2). Li enpòtan anpil tou pou n met tèt nou ansanm lè n ap pran desizyon. Bib la di: “Kote ki gen dyalòg, plan yo ap mache.” ​(Pwovèb 20:18). Se pou prensip ki nan Bib la gide nou toutpandan n ap pran desizyon ki enpòtan yo ansanm! — Pwovèb 8:32, 33.

Yon koup marye k ap travay ann ekip: Yo lave veso ansanm e yo fè lesiv ansanm.

SA W KA FÈ:

  • Pa annik fè moun ou marye avè l la konnen sa w panse, men, fè l konnen sa w santi tou.

  • Pale ak moun ou marye avè l la anvan w deside fè yon bagay.

a Jewova se non Bondye jan Bib la fè konn sa.

SE POU W REYALIS EPI POZITIF

Pa atann pou ou menm oswa moun ou marye avè l la fè tout bagay yon fason ki pafè (Sòm 103:14; Jak 3:2). Chèche konsantre w sou bèl kalite li gen lakay li. Ou bezwen gen konfyans nan prensip biblik yo, epi w dwe gen pasyans (2 Timote 3:16). Jewova ap rekonpanse w dèske w fè efò pou w suiv konsèy li ba w yo, epi maryaj ou ap vin pi djanm ane apre ane. — Galat 6:9.

MANDE TÈT OU...

  • Èske moun mwen marye avè l la santi m gen plis sousi pou li pase tèt mwen?

  • Ki sa m te fè jodi a pou m montre moun mwen marye avè l la mwen renmen l e m gen respè pou li?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje