BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp22 no 1 p. 8-9
  • 2 | Pa chèche tire revanj

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 2 | Pa chèche tire revanj
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Bib la anseye:
  • Sa sa vle di:
  • Sa w ka fè:
  • Ki jan w reyaji lè yon moun fè w yon bagay ki fè w mal?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Mwen te egri nan kè m epi m te vyolan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Nou ka pote laviktwa sou lahèn!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Fason pou nou kase chenn lahèn nan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
wp22 no 1 p. 8-9
De mesye ki fache, yo chak chita sou yon branch bwa youn anfas lòt. Yo chak ap koupe branch yo chita sou li a.

FASON POU NOU KASE CHENN LAHÈN NAN

2 | Pa Chèche Tire Revanj

Sa Bib la anseye:

“Pa rann pèsonn mal pou mal. [...] Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun. Pa vanje tèt nou, [...] paske men sa ki ekri: “‘Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.’ Se sa Jewova di.” — WOMEN 12:17-19.

Sa sa vle di:

Se vre li natirèl pou nou santi nou fache lè lòt moun fè nou sa ki mal, men Bondye pa dakò pou nou tire revanj. Olye de sa, li ankouraje nou tann li, paske talè konsa li pral korije tout move bagay. — Sòm 37:7, 10.

Sa w ka fè:

Lè moun ki enpafè tire revanj, sa fè gen plis lahèn. Se sa k fè, si yon moun ofanse w oswa li fè w yon bagay ki mal, pa rann mal pou mal. Eseye reyaji yon fason ki pezib epi metrize w. Nan kèk ka, li ka pi bon pou w jis bay vag (Pwovèb 19:11). Konsa tou, si gen kèk avantaj klè, ou ka chwazi jere pwoblèm nan. Pa egzanp, nan ka kote se ou ki viktim yon krim, ou ka chwazi pote plent lan bay lapolis oswa bay lòt otorite yo.

Chenn lahèn nan ap fè nou fè tèt nou ditò

E si pa sanble gen yon fason pezib pou rezoud pwoblèm nan? Oswa e si w te deja fè tout sa w kapab pou w rezoud pwoblèm nan nan lapè? Pa tire revanj. Sa ap fè sitiyasyon an vin pi mal. Olye de sa, kase chenn lahèn nan pito. Ou ka aprann gen konfyans nan fason Bondye ap rezoud pwoblèm nan. “Met konfyans ou nan li e li menm l ap ede w.” — Sòm 37:3-5.

Eksperyans ki te rive toutbon — ADRIÁN

Li te venk santiman pou l tire revanj

Adrián.

Lè Adrián te yon adolesan, li te vin tounen yon moun k ap batay nan lari pou l tire revanj akoz lahèn li te genyen. Men sa li fè konnen: “Souvan, mwen te batay ak zam, e plizyè fwa mwen te fini nan batay la benyen an san e yo te konn panse m mouri nan lari a.”

Adrián te kòmanse etidye Labib lè l te gen 16 an. Men sa l di: “Pandan m t ap pwogrese nan etid biblik la, m te rann mwen kont mwen te bezwen fè chanjman nan pèsonalite m.” Li te bezwen sispann gen lahèn e sispann fè vyolans. Li te sitou renmen sa l te aprann nan Women 12:17-19 ki montre nou pa dwe tire revanj. Li di: “Mwen te aksepte se Jewova ki pral regle tout enjistis fason l vle a epi lè l vle a. Tikras pa tikras, mwen te chanje, mwen te vin pa yon moun ki vyolan ankò.”

Yon jou swa, yon lòt gang te atake Adrián. Chèf gang nan te di l byen fò: “Defann tèt ou!” Adrián admèt: “Mwen te santi m gen gwo anvi pou m rann mal pou mal.” Men olye l te rann mal pou mal, li te priye Jewova tou kout e li kite zòn nan.

Adrián kontinye pou l di: “Nan demen, mwen te rankontre chèf gang lan poukont li. Mwen te santi yon gwo kòlè anndan m e mwen te vle rann li mal pou mal, mwen te sipliye Jewova ankò nan kè m pou l ede m kontwole tèt mwen. Mwen te sezi lè jèn sa a te vin pale dirèkteman avè m e l te di m: “Padon pou sa k te rive yè swa a. Anverite, mwen vle vin menm jan avè w. Mwen vle etidye Bib la.” Se pa ti kontan mwen te kontan lefètke mwen te metrize kòlè m! Grasa ti konvèsasyon sa a, li te kòmanse etidye Bib la tou.”

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou istwa Adrián nan, ale nan Toudegad No 5 2016, paj 14-15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje