BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp23 no 1 p. 8-9
  • 2 | “Konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 2 | “Konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa sa vle di
  • Fason sa ka ede
  • Anpil jèn fè depresyon. Sa k fè sa? Ki sa k ka ede yo?
    Reveye n! — 2017
  • 3 | Byenfè nou jwenn nan egzanp moun ki nan Bib la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
wp23 no 1 p. 8-9
Yon mesye aje k ap reflechi sou sa l ap li nan Bib la.

2 | “Konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”

BIB LA DI: “Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo.” — Women 15:4.

Sa sa vle di

Bib la gen panse ki bay rekonfò ki ka ban nou fòs ak andirans nou bezwen pou n fè fas ak panse negatif nou toujou genyen yo. Epitou, mesaj ki nan Bib la ban nou espwa soufrans emosyonèl nou yo pral disparèt talè konsa.

Fason sa ka ede

Pafwa, nou tout ap goumen ak santiman ki bay lapenn; men pou moun ki soufri depresyon oswa k ap fè fas ak enkyetid yo, se chak jou y ap goumen ak santiman ki ba yo lapenn san rete. Ki jan Bib la ka ede?

  • Bib la bay anpil panse pozitif ki ka ranplase panse negatif yo (Filipyen 4:8). Vrèmanvre, li ka ranpli lespri nou ak panse ki rekonfòtan e ki kalme nou k ap ede nou kontwole emosyon nou yo. — Sòm 94:18, 19.

  • Bib la ka ede n kontrekare panse ki fè nou santi nou pa vo anyen yo. — Lik 12:6, 7.

  • Gen anpil vèsè nan Bib la ki ban nou asirans nou pa poukont nou, e Bondye, Kreyatè nou an, byen konprann santiman nou yo. — Sòm 34:18; 1 Jan 3:19, 20.

  • Bib la pwomèt Bondye pral retire souvni ki ban n lapenn yo (Ezayi 65:17; Revelasyon 21:4). Lè n ap soufri akoz panse ak santiman ki twouble nou yo, nou ka wè pwomès sa a ban nou fòs pou n kontinye avanse.

Fason Bib la ede Jessica

Fason depresyon afekte m

Jessica k ap dòmi ak yon Bib ouvri nan men l.

“Lè m te gen 25 an, bridsoukou m te vin pa ka fè sa m te konn abitye fè chak jou e yo te fè m konnen mwen fè depresyon grav. M te gen yon seri souvni ki t ap toumante lespri m. Doktè yo te ede m konprann depresyon m nan te gen rapò ak bagay mwen te viv ki te twomatize m ki deklannche panse negatif sa yo. Anplis medikaman ki apwopriye m te dwe pran, m te bezwen fè terapi pou ede m idantifye e korije panse negatif sa yo ki pa t bon pou sante m.”

Fason Bib la ede m

“Nan moman ki pi sonm nan depresyon m nan, m konn gen kriz panik, gwo enkyetid e m konn pase nuit blanch. Souvan, nan nuit, m konn gen yon seri panse nuizib k ap fè monte desann nan lespri m. Jan Sòm 94:19 esplike a, Bondye ka rekonfòte n e l ka kalme nou lè nou santi enkyetid anvayi nou. Se sa k fè, m gen yon Bib ak yon kaye ki gen vèsè ankourajan bò kabann mwen. Lè m pa ka dòmi, m li vèsè biblik yo, konsa, m kite panse Bondye yo rekonfòte m.

“Bib la ankouraje nou ranvèse panse ki kontrè ak sa nou konnen sou Bondye. Anvan sa, m te panse m pa t vo anyen, m pa t merite pou moun renmen m e m pa t itil. Men, anfèt, m te vin aprann kalite kwayans sa yo pa ann amoni ak Bib la ki dekri Bondye tankou yon Papa ki gen lanmou, ki gen konpasyon e ki gen sousi pou nou chak pèsonèlman. Tikras pa tikras, m te kòmanse kontwole panse m yo olye m te kite se yo ki kontwole m. M te vin aprann wè tèt mwen jan Bondye wè m nan. Se te yon etap enpòtan ki te ede m sispann gen panse negatif sou tèt mwen.

“M ap tann moman kote tout souvni ki bay lapenn ak fason moun panse ki pa bon pou sante pral disparèt. Lefètke m konnen twoub mantal yo pral disparèt, sa ban m fòs pou m fè fas ak limit mwen yo toutpandan m gen bèl espwa alavni batay m ap mennen kont depresyon an pral fini.”

Pou w jwenn plis èd:

Li atik “L’aide du ‘Dieu de consolation’”, nan Reveye n! Jiyè 2009 ki sou sit jw.org la.

Koute anrejistreman odyo liv Sòm nan sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje