BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp23 no 1 p. 14-15
  • Fason nou ka ede moun k ap goumen ak pwoblèm sante mantal

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason nou ka ede moun k ap goumen ak pwoblèm sante mantal
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa sa vle di
  • Fason sa ka ede
  • Lè nou ofri èd nou sa ka fè yon gwo diferans
  • Fason w ka fè fas ak yon pwoblèm sante ki vin sanzatann
    Kèk lòt sijè
  • Bondye envite w vin zanmi l
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Poukisa zanmi m nan fè m sa?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Ou kapab zanmi Jewova
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
wp23 no 1 p. 14-15
Yon mesye ki pran san l pou l koute madanm li ki dekouraje.

Fason nou ka ede moun k ap goumen ak pwoblèm sante mantal

BIB LA DI: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — PWOVÈB 17:17.

Sa sa vle di

Li ka fasil pou n santi n bouke ak yon zanmi k ap soufri ak yon pwoblèm mantal. Men, nou ka montre zanmi nou an jis nan ki pwen nou gen sousi pou li, lè nou ede l fè fas ak yon pwoblèm sante mantal k ap trakase l. Ki jan?

Fason sa ka ede

“Dispoze koute.” — JAK 1:19.

Youn nan pi bon fason w ka ede zanmi w lan, se lè w koute l lè l anvi pale. Pa santi w oblije reponn tout sa l di. Montre l w ap koute sa l ap di, e fè efò pou w demontre konpasyon pou li. Pa rete sou ti detay, epi evite montre w konprann tout bagay oswa pou w ap jije l. Sonje, li ka di yon seri bagay li pa ta swete e l ap regrèt annapre. — Jòb 6:2, 3.

“Pale yon fason pou nou konsole moun.” — 1 TESALONISYEN 5:14.

Zanmi w lan ka enkyè, oswa li ka ap goumen ak santiman kòmkwa li pa vo anyen. Lè w ba l asirans ou renmen l, ou ka rekonfòte l e w ap ankouraje l, menmsi w pa konn egzakteman sa pou w di l.

“Yon bon zanmi demontre lanmou toutan.” — PWOVÈB 17:17.

Ofri èd pratik. Olye w fè konprann ou konnen fason pou w ede, mande pito ki sa w ka fè. Si zanmi w lan gen difikilte pou l fè konnen sa l bezwen, eseye pwopoze kèk bagay pratik nou ka fè ansanm, tankou al fè yon ti flannen. Oswa ou ta ka ofri l pou w al nan mache pou li, fè netwayaj, oswa fè kèk lòt bagay ankò. — Galat 6:2.

“Pran pasyans.” — 1 TESALONISYEN 5:14.

Zanmi w lan ka pa toujou dispoze pale. Bay zanmi w lan asirans w ap byen kontan koute l lè l santi l ka pale. Akoz maladi zanmi w lan, li ka di oswa li fè kèk bagay ki fè w fache. Li ka anile bagay nou te planifye ansanm oswa li vin enève. Pran pasyans epi eseye konprann li toutpandan w ap ofri l èd li bezwen yo. — Pwovèb 18:24.

Lè nou ofri èd nou sa ka fè yon gwo diferans

“Mwen asire m mwen se yon zanmi li ka konte sou li. Menmsi m pa gen solisyon pou tout pwoblèm li yo, m fè efò pou m koute sa l gen pou l di. Pafwa, tout sa l bezwen se yon zòrèy ki pou koute l pou fè l santi l pi byen.” — Farrah,a ki gen yon zanmi l ki soufri twoub anrapò ak manje, gwo enkyetid ak depresyon grav.

Avèk konpasyon, yon jèn dam kenbe men yon dam aje.

“Youn nan zanmi m yo te tèlman janti e li te pozitif. Li te envite m lakay li pou m manje yon bon ti manje. Nan yon bèl anbyans ki gen lanmou konsa, m te ka fè konnen sa m santi. Sa te vrèman ankouraje m!” — Ha-eun, ki soufri depresyon grav.

“Pasyans vrèman enpòtan. Lè madanm mwen fè yon bagay ki fè m fache, m di tèt mwen se maladi l la ki fè sa, se pa moun sa a li ye vre. Sa ede m pou m evite vin an kòlè e pou m demontre plis konsiderasyon pou li.” — Jacob, ki gen madanm li ki soufri depresyon grav.

“Madanm mwen te yon gwo èd pou mwen e l te rekonfòte m. Lè m santi enkyetid anvayi m, li pa janm fòse m fè anyen m pa santi m ka fè. Pafwa, sa konn vle di pou l pa fè bagay li menm li t ap byen kontan fè. Espri sakrifis ak jenewozite li demontre a san parèy.” — Enrico, ki soufri twoub ki bay gwo enkyetid.

a Gen kèk non yo chanje.

Pou w jwenn plis èd:

Li atik “Quand un proche est malade”, ki te parèt nan Reveye n! oktòb 2015 sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje