BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb16 p. 38-p. 43 par. 1
  • Nouvèl ki sot toupatou sou tè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nouvèl ki sot toupatou sou tè a
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Nou rive preche tout kanadyen yo
  • Responsab stad la te enpresyone
  • Jewova te bay fòmasyon ki nesesè a
  • Sak diri Ken nan
  • Lòd Jeneral la
  • Pwoklamatè Wayòm nan prezante ka yo devan tribinal
    Wayòm Bondye a ap dirije!
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
yb16 p. 38-p. 43 par. 1
Vilaj Inouwit nan Kangisouk, Kebèk, Kanada.

Kanada: Vilaj Inouwit nan Kangisouk, nan nò Kebèk.

KÈK PWEN ENTERESAN NAN ANE KI SOT PASE A

Nouvèl ki sot toupatou sou tè a

Nou rive preche tout kanadyen yo

Kounye a, nou tradui videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? la nan uit lang moun pale nan tèritwa ki sou responsablite filyal Kanada a. Nan mwa oktòb 2014, pandan yon kanpay predikasyon nan Nounavik Arctic ki te dire dis jou, nan Inouktitout, frè ak sè yo te pase videyo a nan prèske tout kay nan 14 kominote diferan, sa vle di pou plis pase 12 000 moun.

Responsab stad la te enpresyone

Nan mwa septanm 2014, yo te òganize yon kongrè entènasyonal nan stad Sangam, Stad koup di monn nan, nan Sewoul, Kore disid. Plis pase 56 000 moun ki te nan asistans lan te byen pwofite pwogram nan. Responsab stad la te montre jan l kontan wè bèl konduit Temwen yo ak fason yo te byen kowopere pandan evènman an. Men sa l te di: “Tout moun te byen konpòte yo. M te sezi wè jan yo te netwaye stad la pi byen pase ekip ki la pou sa a. Mwen t ap byen kontan si ekip netwayaj stad la gen menm etadespri avèk yo lè y ap travay. Si n vle byen pratike relijyon nou, se tankou Temwen Jewova yo pou n ye.”

Kongrè entènasyonal ki te fèt Sewoul, Kore disid, nan ane 2014 la.

Kore disid: Kongrè entènasyonal ki te fèt Sewoul nan ane 2014 la.

Jewova te bay fòmasyon ki nesesè a

Nan mwa me 2012, gouvènman peyi Lasyèd te rejte demann Temwen Jewova yo te fè pou yo jwenn menm avantaj ekonomik ak tout lòt òganizasyon relijye nan peyi a. Kolèj santral la te dakò pou yo prezante ka a devan pi gwo tribinal peyi a.

Tribinal la te deside koute de pati yo anvan l pran yon desizyon. Te gen plizyè frè ki sot nan plizyè peyi ki te fè yon rankont pou yo egzamine fason pou yo reponn kesyon tribinal ka poze yo. Yo te fè repetisyon sou fason y ap prezante yo nan tribinal la nan yon Sal Wayòm nan Stockholm.

Pandan repetisyon an, sonèt Sal la te sonnen. Gen yon frè ki t al ouvri pòt la, epi, gen de jèn fi, youn gen 13 an, lòt la gen 14 an, ki te prezante tèt yo. Yo te di yo gen kèk kesyon yo ta vle poze Temwen Jewova yo. Men sa frè a sonje: “M te anvi di yo retounen yon lòt jou piske n te okipe e n pa t gen tan pou sa nan moman an.”

Sepandan, frè a te deside pale ak yo. Ti medam yo te gen anpil kesyon e gen kèk nan yo ki te gen rapò dirèk ak fason Temwen yo ap viv nan sosyete a ak kesyon vote lè gen eleksyon an. Annapre, frè a te retounen al jwenn rès frè yo e l te di yo ki kesyon medam yo te poze ak fason l te reponn yo.

Nan demen, pandan yo nan tribinal la, frè yo te sezi paske jij yo te poze yo anpil nan kesyon ti medam yo te poze yo. Men sa yon frè ki te reprezante òganizasyon an te di: “M te trè kalm, byenke m te ka santi m strese paske m te devan kèk avoka moun respekte anpil nan peyi a. Men, m te santi Jewova te deja ap soutni nou piske l te deja ban nou fòmasyon nou te bezwen an yon jou alavans.”

Tribinal la te ban nou rezon e ka a t al devan gouvènman an ankò pou l pran yon lòt desizyon.

Sak diri Ken nan

Ken, se yon tigason ki gen sizan k ap viv ann Ayiti. Li te kontan aprann yo pral konstwi yon nouvo Sal Wayòm pou kongregasyon l lan. Li te deside fè yon ti bwat sekrè e l te sere l nan chanm li. Olye l te depanse ti kòb paran l ba li pou l al lekòl yo, li te mete yo nan bwat la. Li te fè sa fidèlman jiskaske gwoup konstriksyon Sal Wayòm nan te vini pou kòmanse pwojè a. Apre sa, li te bay gwoup la bwat sekrè a ki te gen ase lajan ladan l pou yo achte yon gwo sak diri. Pandan plizyè jou, se diri Ken te bay la yo te sèvi sou chantye a pou manje midi.

Lòd Jeneral la

Pandan prèske tout ane ki sot pase a, li te nesesè pou yon moun jwenn yon pèmisyon espesyal pou l antre nan kèk zòn nan Syera Leyòn akoz maladi ebola a. Pa egzanp, siveyan sikonskripsyon yo te bezwen jwenn badj ak pèmi espesyal pou machin yo ka antre nan zòn sa yo, epi frè ki t ap pote lèt ak piblikasyon yo te bezwen pèmi sa yo tou. Frè ki t ap travay nan komite sekou yo te oblije pote klowòks, tèmomèt ak manje. Frè yo te sezi wè yo te toujou ba yo pèmisyon pou yo antre nan zòn yo.

Gen yon eksperyans ki te vrèman fè lafwa frè yo vin pi djanm. Frè yo te ranpli yon fòmilè pou yo mande 34 badj ak 11 pèmi pou machin yo, men, yo te dwe rankontre ak yon jeneral nan lame a pou yo jwenn apwobasyon. Gen de frè nan biwo filyal la ki te rankontre ak jeneral la jou yo te gen pou y al chèche badj yo ak pèmi yo. Men, yo pa t ka jwenn fòmilè yo te bay yo. Yo te mande frè yo pou yo chèche fòmilè a nan pil fòmilè ki te la yo, men yo pa t ka jwenn li. Lè sa a, jeneral la te di sekretè l la biwo l la pral fèmen e yo pap apwouve okenn demann pandan de semèn. Frè yo te priye Jewova an silans pou yo mande l èd nan sitiyasyon sa a. Annapre, jeneral la te gade frè yo epi l mande yo: “Konbyen badj ak pèmi nou bezwen?” Lè frè yo fin di l konbyen, li leve sou chèz li epi l di yo: “Kantite nou bezwen an twòp!”

Frè yo te esplike ki kalite travay y ap fè e fason bagay y ap pote yo ap itil pandan kriz maladi ebola a. Lè sa a, jeneral la fè yon ti poz, li gade sekretè l la, epi l di: “Ba yo tout sa yo bezwen.”

Yon kote pou moun lave men yo nan lakou yon Sal Wayòm ann Afrik delwès.

Gine ak Syera Leyòn: Yo te met bagay pou moun lave men yo nan Sal Wayòm yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje