Lèt Kolèj santral la
Frè ak sè nou yo,
Nan setyèm syèk anvan epòk nou an, Bondye te bay pwofèt Ezekyèl yon kokennchenn vizyon. Pwofèt la te wè Souvren linivè a k ap dirije yon gwo cha nan syèl la. Sa k te pi enpresyonan nan vizyon an se fason cha a deplase. Li deplase tankou yon kout zèklè, e menm lè l ap chanje direksyon li pa ni ralanti ni vire. — Eze. 1:4, 9, 12, 14, 16-27.
Vizyon sa a fè nou sonje pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la toujou an mouvman. Men ki jan sa ye pou pati ki sou tè a? Pandan ane ki sot pase a, nou te wè aklè Jewova ap fè pèp li a ki sou tè a bouje nan yon vitès estrawòdinè tou.
Pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la toujou an mouvman.
Isit la Ozetazini, fanmi Betèl la te okipe anpil. Gen ladan yo ki t ap deplase kite Nouyòk pou al nan nouvo lokal syèj mondyal nou an nan Wòwik, Nouyòk oswa nan lòt lokal. E genyen tou ki te deplase al nan tèritwa. Nan lòt filyal toupatou nan monn nan, Betelit yo te okipe tou nan bati lokal, ranje yo, ranfòse yo oswa deplase al nan lòt lokal. E ou menm? Menmsi w pa t deplase, siman ou te an mouvman kanmenm nan lòt sans.
Sa vrèman touche Kolèj santral la e sa ankouraje l pou l wè, toupatou sou tè a, pèp Bondye a kontinye rete okipe e y ap avanse pazapa ak òganizasyon Jewova a. Anpil ladan yo al sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè. Gen lòt ki eseye nouvo fòm sèvis, tankou al sèvi nan tèritwa ki pale yon lòt lang. Gen anpil ki eseye nouvo fòm temwayaj. E gen anpil lòt ki fè plis nan sèvis la lòt fason ankò. Epitou, tout kretyen fidèl yo, san wete granmoun yo ak moun ki enfim yo, kontinye ap kouri nan kous pou lavi a lè yo kontinye sèvi Jewova. Konsa, yo kontinye fè konnen Satan se yon mantè. — 1 Kor. 9:24.
Nou mèt gen asirans Jewova wè bèl etadespri nou genyen an (Ebre 6:10). Bèl etadespri nou genyen an fè nou sonje Abraram ak Sara. Lè Abraram te nan 70 an yo, li te deplase kite Ou nan vil Kalde pou l al jis Kanaran ak fanmi l, kote li te rete anba tant pandan tout san ane li te fè ap viv apre sa. Ala yon bèl etadespri li menm ak madanm li an te demontre! — Jen. 11:31; Tra. 7:2, 3.
Èske w gen menm etadespri sa a? Nou tout ki rete fidèl e k ap andire nan tan difisil sa yo nou fè sa Jezi te mande nou pou nou fè. Li te di: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an.” — Mat. 28:19.
Nou remake Jezi te di “ale”, sa montre nou dwe bouje, nou dwe aji. Se pa ti kontan nou kontan wè tout travay moun ki chofe pou yo suiv Kris yo te fè ane ki sot pase a! Pa gen dout, Jewova te beni travay ki te fèt pou fè konnen bon nouvèl Wayòm nan nan tout nasyon. — Mak 13:10.
Gen anpil moun ki byen reyaji. Pou ane ki sot pase a, maksimòm pwoklamatè nou te genyen se te 8 340 847 e chak mwa te gen 10 115 264 etid biblik an mwayèn. Li klè, cha selès la an mouvman, e nou an mouvman tou! Kontinye fè bèl travay n ap fè a nan tikras tan ki rete anvan Jewova nou mèt kanpe!
Tèks pou ane 2017 la byen tonbe, li di: “Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon.” (Sòm 37:3). Lè nou fè sa ki bon, sa vle di lè nou bay Jewova yon sèvis sakre, nou montre nou mete konfyans nou nan li. Tanpri, toujou sonje nou pa janm poukont nou. Jezi ap toujou kenbe pwomès li te fè nou an lè l te di: “Gade! mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” — Mat. 28:20.
TÈKS POU ANE 2017 LA:
“Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon.”
Nou mèt gen asirans Jewova ap kontinye beni sèvis n ap ba li avèk fidelite a. Kit sa w fè a gwo kit li piti, sa k konte pou Jewova sèke se sa w genyen ki pi bon an ou ba li e ou te fè sa ak bon entansyon. Tout bagay sa yo touche l e yo fè l kontan (2 Kor. 9:6, 7). Kidonk, kontinye priye Papa nou ki renmen nou an, kontinye etidye Pawòl Bondye a epi asiste reyinyon yo, e kontinye patisipe nan travay predikasyon an, konsa w ap vin pi pwòch li.
Anvan “tikras tan” yo bay Dyab la rive nan bout li, l ap fè tout sa l kapab pou l fè nou devye pou n pa ret fidèl ak Jewova (Rev. 12:12). Rete pwòch ak Jewova, e Dyab la pap reyisi fè n vin enfidèl (Sòm 16:8). Sonje nou renmen nou anpil e nou apresye tout sa nou fè pou kore aktivite Wayòm Seyè a nan dènye jou sa yo.
Frè nou yo,
Kolèj santral Temwen Jewova yo