BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 176
  • Ki sa Bib la di sou pandemi?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di sou pandemi?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske Bib la te anonse t ap gen pandemi?
  • Èske Bondye te janm sèvi ak maladi pou l pini moun?
  • Èske se Bondye ki lakoz pandemi nou genyen jodi a pou l pini nou?
  • Èske pandemi yo ap janm fini?
  • Kèk vèsè nan Bib la ki gen rapò ak maladi
  • Nou bezwen yon pi bon monn!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • 6 Milyon moun mouri akoz kowonaviris — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • Èske l posib pou gen yon sistèm ekonomik kote tout moun jwenn sa yo bezwen?
    Kèk lòt sijè
  • Èske Bondye fè nou soufri pou l pini nou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 176
Tè a ki chaje ak pandemi toupatou.

Ki sa Bib la di sou pandemi?

Repons Bib la bay

Bib la te anonse nan dènye jou yo t ap gen epidemi, sa vle di anpil maladi san wete pandemi (Lik 21:11). Pandemi sa yo pa vle di se Bondye k ap pini lèzòm. Anfèt, se pa mwayen Wayòm li an, Bondye pral aji talè konsa pou l met fen ak maladi, san wete pandemi.

  • Èske Bib la te anonse t ap gen pandemi?

  • Èske Bondye te janm sèvi ak maladi pou l pini moun?

  • Èske se Bondye ki lakoz pandemi nou genyen jodi a pou l pini nou?

  • Èske pandemi yo ap janm fini?

  • Kèk vèsè nan Bib la ki gen rapò ak maladi

Èske Bib la te anonse t ap gen pandemi?

Bib la pa t anonse maladi oswa pandemi byen presi tankou kowonaviris (COVID-19), SIDA, oswa grip espayòl. Men, li te anonse t ap gen “epidemi” ak “epidemi mòtèl.” ​(Lik 21:11; Revelasyon 6:8). Bagay sa yo fè pati siy “dènye jou yo,” oswa “fen sistèm nan.” — 2 Timote 3:1; Matye 24:3.

Èske Bondye te janm sèvi ak maladi pou l pini moun?

Bib la fè konnen genyen kèk okazyon Bondye te sèvi ak maladi pou l pini moun. Pa egzanp, li te fè kèk moun vin gen lèp (Nonb 12:1-16; 2 Wa 5:20-27; 2 Kwonik 26:16-21). Men, nan ka sa yo, maladi a pa t gaye sou moun ki te inosan. Olye de sa, ka sa yo se ka byen presi kote Bondye te pini moun ki te rebele kont li yon fason ki klè.

Èske se Bondye ki lakoz pandemi nou genyen jodi a pou l pini nou?

Non. Gen kèk moun ki di Bondye sèvi ak pandemi ak lòt maladi pou l pini moun jodi a. Men, Bib la pa dakò ak ide sa a. Sa k fè sa?

Toudabò, gen kèk nan sèvitè Bondye yo, ni nan tan lontan ni nan epòk nou an, ki konn fè fas ak maladi. Pa egzanp, Timote, yon gason fidèl, te konn “malad souvan.” ​(1 Timote 5:23). Men, Bib la pa di se paske li pa t gen favè Bondye. Menm jan an tou jodi a, gen nan sèvitè fidèl Bondye yo ki konn malad. Souvan, se sèlman paske yo te yon move kote nan move moman. — Eklezyas 9:11.

Epitou, Bib la anseye moman Bondye te fikse pou l pini mechan yo poko rive. Olye de sa, n ap viv “nan jou delivrans lan”, yon moman kote Bondye envite tout moun pou yo pwoche bò kote l pou yo ka sove (2 Korentyen 6:2). Youn nan fason Bondye envite nou pwoche bò kote l se pa mwayen travay predikasyon an k ap fèt toupatou sou tè a ki bay yon mesaj pozitif, anpalan de ‘bon nouvèl Wayòm nan.’ — Matye 24:14.

Èske pandemi yo ap janm fini?

Wi. Bib la anonse talè konsa moun pap malad ankò. Anba dominasyon Wayòm Bondye a, Bondye pral geri tout maladi (Ezayi 33:24; 35:5, 6). Bondye pral elimine soufrans, doulè ak lanmò (Revelasyon 21:4). Epi, Bondye pral fè moun mouri yo rejwenn lavi ankò, konsa y ap ka viv sou tè a nan kondisyon ki pafè san yo pa janm malad. — Sòm 37:29; Travay 24:15.

Kèk vèsè nan Bib la ki gen rapò ak maladi

Matye 4:23: “Apre sa, [Jezi] te mache nan tout Galile, li t ap anseye nan sinagòg yo, li t ap preche bon nouvèl Wayòm nan e li te geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te genyen.”

Sa vle di: Mirak Jezi te fè yo se sèlman yon ti egzanp sou sa Wayòm Bondye a pral fè talè konsa pou tout limanite.

Lik 21:11: “Pral gen [...] epidemi.”

Sa vle di: Maladi ki gaye toupatou sou tè a fè pati siy dènye jou yo.

Revelasyon 6:8: “Epi, mwen gade, mwen wè yon cheval ki gen yon koulè blèm. Yo rele moun ki chita sou li a Lanmò. E Tonm nan t ap suiv li pye pou pye. Yo te ba yo pouvwa [...] pou yo touye moun avèk [...] epidemi mòtèl.”

Sa vle di: Pwofesi konsènan kat moun ki sou cheval yo pale de yo nan liv Apokalips la ede n konprann t ap gen pandemi nan epòk nou an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje