BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 29
  • Fason n ka jere enkyetid nou yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason n ka jere enkyetid nou yo
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Kèk konsèy pou ede w enkyete mwens
  • Pa bay tèt nou pwoblèm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Matye 6:34 — “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Chèche Wayòm nan, pa chèche bagay materyèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Lage tout tètchaje nou sou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Kèk lòt sijè
mrt atik 29
Yon pèsonaj ki sanble l enkyè.

Fason n ka jere enkyetid nou yo

Lè w enkyete w twòp pou yon bagay, sa ka gen move efè sou sante w ak sou santiman w. Sa ka menm lakòz pi gwo pwoblèm pase pwoblèm ou t ap enkyete w pou li okòmansman an.

Kèk konsèy pou ede w enkyete mwens

  • Yon ti figi ki tris.

    Fikse limit sou kantite move nouvèl ou gade, ou li oswa ou koute. Li pa nesesè pou w konnen tout ti detay lè gen yon move nouvèl. Si w gade, li oswa tande twòp move nouvèl, w ap gen plis laperèz e w ap santi w pèdi espwa.

    Prensip Bib la bay: “Lè yon moun dekouraje nèt, sa fè l pèdi fòs.” — Pwovèb 17:22.

    “Li fasil pou w ret konekte sou Entènèt pou w ka konnen tout dènye nouvèl, men se pa yon bon abitid. Mwen enkyete mwens lè m pa fè anpil nouvèl.” — John.

    Fè yon ti reflechi: Konbyen fwa pa jou li vrèman nesesè pou w fè nouvèl?

  • Yon revèy.

    Kenbe yon bon woutin. Eseye gen yon lè fiks chak jou pou w leve, pou w manje, pou w fè travay epi pou w al dòmi. Lè w gen yon bon woutin, w ap santi lavi w pi nòmal e sa ap ede w gen mwens enkyetid.

    Prensip Bib la bay: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” — Pwovèb 21:5.

    “Lè pandemi kowonaviris la te fèk kòmanse, m pa t kenbe woutin mwen an e m te pase twòp tan nan divètisman. M te vle pi byen jere tan m, donk m te fè yon pwogram tout sa m te dwe fè chak jou.” — Joseph.

    Fè yon ti reflechi: Èske w gen yon bon woutin pou ede w reyalize objektif ou genyen chak jou?

  • Yon ti figi ki kontan.

    Konsantre sou bon bagay nan lavi w. Lè w ret ap reflechi sou bagay mal ki ka rive, w ap santi w enkyete plis toujou. Olye de sa, reflechi sou de oubyen twa bon bagay ki fè w gen rekonesans.

    Prensip Bib la bay: “Montre nou gen rekonesans.” — Kolosyen 3:15.

    “Lè m li Labib, sa ede m konsantre sou bon bagay olye m ret ap reflechi sou move nouvèl. Sa ka parèt twò senp, men sa ede m!” — Lisa.

    Fè yon ti reflechi: Èske w gen abitid ret ap reflechi sou bagay negatif nan lavi w e w bliye bon bagay yo?

  • Yon kado.

    Reflechi sou fason w ka ede lòt moun. Li fasil pou w ret ap enkyete w e pou w izole tèt ou. Olye w fè sa, reflechi sou fason w ka ede lòt moun ki nan bezwen.

    Prensip Bib la bay: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:4.

    “M santi m kontan lè m ede lòt moun. Mwen fè yon bagay ki fè yo kontan e anmenmtan m redui enkyetid mwen yo. Anfèt, m vin pa gen tan pou m enkyete.” — Maria.

    Fè yon ti reflechi: Pami moun ou konnen yo, èske gen kèk nan yo ki bezwen yon ti èd? Ki sa w ka fè pou w ede yo?

  • Yon kè.

    Pran swen sante w. Asire w ou dòmi ase e w fè egzèsis fizik. Manje manje ki gen anpil vitamin. Lè w pran swen sante fizik ou, sa ap ede w wè bagay yo yon lòt jan e sa ap ede w gen mwens enkyetid.

    Prensip Bib la bay: “Fè egzèsis fizik itil.” — 1 Timote 4:8.

    “Mwen menm ak pitit gason m nan pa ka fè egzèsis deyò regilyèman jan n ta renmen fè sa, men nou gen kèk lòt egzèsis nou ka fè anndan kay la. Sa fè n santi n pi byen e sa ede relasyon nou genyen youn ak lòt.” — Catherine.

    Fè yon ti reflechi: Èske w bezwen fè kèk ajisteman nan kalite manje ou manje ak nan kantite egzèsis fizik ou fè pou w ka pran swen sante w?

Anplis de konsèy sa yo pou ede w gen mwens enkyetid, anpil moun jwenn byenfè lè yo aprann konnen bonjan pwomès ki nan Bib la parapò ak lavni. Gade atik ki gen tit “Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?”

Vèsè nan Bib la ki gen rapò ak enkyetid

Sòm 55:22: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.”a

Sa vle di: Pa mwayen lapriyè, nou ka lage chay nou sou Bondye, sa ki gen ladan l enkyetid nou yo. Lè nou priye, nou kominike avèk Kreyatè nou an toutbon, li menm ki “konsole moun ki nan tout kalite eprèv”. — 2 Korentyen 1:3, 4.

Pwovèb 12:25, nòt: “Tètchaje yon moun genyen fè l tris, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan.”

Sa vle di: Pale avèk kèk moun nan fanmi w oswa ak kèk zanmi w ki ka ankouraje w e ki ka ba w bonjan èd pratik.

Matye 6:27: “Kiyès nan nou, lefètke l ap bay tèt li pwoblèm, ki ka mete menm yon yota sou longè lavi l?”

Sa vle di: Souvan, enkyetid pa ede n ditou. Li pa ede n ak sitiyasyon an e l pa ede n jwenn yon solisyon.

Matye 6:31, 32: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou n ap di: ‘Ki sa n ap manje?’, ‘Ki sa n ap bwè?’ oswa: ‘Ki sa n ap met sou nou?’ [...] Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo.”

Sa vle di: Jewova konnen nou bezwen manje, rad, ak yon kote pou n rete, menm anvan nou rann nou kont nou bezwen bagay sa yo.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje