BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 28
  • Èske Temwen Jewova yo bay ladim?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Temwen Jewova yo bay ladim?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan w ka bay ak kè kontan ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • Ki sa Bib la di konsènan ladim?
    Repons Bib la bay
  • Èske se pou nou bay plis pase sa n kapab ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 28

Èske Temwen Jewova yo bay ladim?

Non. Temwen Jewova yo pa bay ladim. Se ofrann volontè ki soutni travay nou an. Ki sa ladim nan ye? Poukisa Temwen Jewova yo pa bay ladim?

Nou jwenn kòmandman ki mande pou moun bay ladim nan, sètadi bay yon dizyèm nan tout sa yo genyen kòm ofrann nan, nan Lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl tan lontan an. Sepandan, Bib la fè nou konnen aklè, Lalwa a, sa gen ladan l kòmandman ki mande pou bay ladim nan, pa pou kretyen yo jodi a. — Ebre 7:5, 18; Kolosyen 2:13, 14.

Olye Temwen Jewova yo egzije moun bay ladim ak ofrann, yo imite premye kretyen yo e yo soutni travay predikasyon an. Yo fè sa de fason: yo preche e yo anseye moun san yo pa peye yo pou sa, e yo fè ofrann volontè.

Konsa, nou aji ann amoni ak direksyon Bib la bay kretyen yo ki di: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” — 2 Korentyen 9:7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje