BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 66
  • Ki sa m ka fè si renmen an kraze?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa m ka fè si renmen an kraze?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Jan w santi w
  • Sa w ka fè
  • Ki sa pou m fè si renmen an kraze?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Èske moun sa a ap bon pou mwen?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Poukisa m pa annik fini ak tout bagay?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Enkyetid nou genyen akoz pwoblèm fanmi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 66
Yon jèn gason ki dekouraje ki kenbe yon chèn ki gen fòm yon kè.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ka fè si renmen an kraze?

Men sa yon jèn ki rele Steven di: “Lè mwen menm ak mennaj mwen an te kite, sèl mo m te ka itilize pou esplike jan m te santi m se kraze. Se pi gwo lapenn mwen te genyen nan tout vi m.”

Èske w te fè yon eksperyans konsa? Si se wi, atik sa a kapab ede w.

  • Jan w santi w

  • Sa w ka fè

Jan w santi w

Yon renmen ki kraze ap lakòz toude moun yo soufri.

  • Si se ou ki deside kraze renmen an, petèt ou ka santi w menm jan ak Jasmine ki di: “Lefètke m konnen mwen fè yon moun mwen gen sousi pou li mal te yon pwa lou sou konsyans mwen e m swete m pap janm gen pou m pote pwa sa a ankò.”

  • Si se pa ou ki te deside kraze renmen an, siman w konprann poukisa kèk moun di se kòmsi yo te gen moun mouri. Men sa yon jèn dam ki rele Janet di: “Mwen te pase nan menm etap ak yon moun ki gen moun mouri, sa gen ladan l refize kwè sa k rive a, kòlè, chèche negosye, depresyon e anfen, prèske ennan apre, mwen te aksepte sa.”

Sa w dwe sonje: Yon renmen ki kraze ka lakòz ou tris e w dekouraje. Jan youn nan moun ki ekri nan Bib la di sa: “Lè yon moun dekouraje nèt, sa fè l pèdi fòs.” — Pwovèb 17:22.

Sa w ka fè

  • Yon moun k ap pale

    Pale ak yon moun ki gen matirite. Labib di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” (Pwovèb 17:17). Lè w vide kè w bay youn nan paran w yo oswa bay yon zanmi ki gen matirite, sa ka ede w wè bagay yo yon lòt jan.

    “Mwen te fè plizyè mwa kote m te chèche ret poukont mwen e mwen pa t pale ak pèsonn sou sa m te santi. Men, zanmi ka ede w geri. Se jis lè m te pale ak zanmi m yo mwen te resi jwenn yon ti soulajman.” — Janet.

  • Yon sèvo moun

    Pran leson nan sa k pase a. Gen yon lòt pwovèb biblik ki di: “Bat pou w gen sajès e bat pou w gen bon konprann.” — Pwovèb 4:5. Move eksperyans kapab aprann nou anpil bagay sou tèt nou ak fason pou n jere desepsyon.

    “Lè renmen an te fin kraze, gen yon zanmi ki te mande m: ‘Ki sa renmen an te aprann ou, e ki jan w ka sèvi ak sa w aprann nan lè w ap gen pou w renmen ak yon lòt moun alavni?’” — Steven.

  • Yon moun k ap priye

    Priye. Labib di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” (Sòm 55:22). Lapriyè kapab ede w ak lapenn ou santi a e li ka ede w wè sitiyasyon an yon lòt fason.

    “Priye toutan. Jewova konprann lapenn ou e li konprann sitiyasyon an pi byen pase w.” — Marcia.

  • Yon men k ap ede

    Ede lòt moun. Labib di: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” (Filipyen 2:4). Lè w chèche ede lòt moun, sa ap ede w pi vit wè sitiyasyon an yon lòt jan.

    “Lè yon renmen kraze ou ka santi se kòmsi tout bagay fini, e sa fè pi mal pase si se yon bagay ki t ap fè w mal nan kò w. Men, mwen rann mwen kont sa amelyore. Mwen te jis bezwen tan pase epi pran tan pou m geri.” — Evelyn.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje