BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 142
  • Kiyès oswa ki sa ki “Alfa ak Omega” a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kiyès oswa ki sa ki “Alfa ak Omega” a?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Poukisa Bondye rele tèt li “Alfa ak Omega” a?
  • Kiyès ki “premye e ki dènye a”?
  • Èske Revelasyon 22:13 pwouve se Jezi ki “Alfa ak Omega” a?
  • Jewova bay garanti l ap fè tè a vin yon paradi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Konbyen non Bondye genyen?
    Repons Bib la bay
  • Ki sa liv Revelasyon an vle di?
    Repons Bib la bay
  • Pwen enteresan ki nan liv Revelasyon an — I
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Repons Bib la bay
ijwbq atik 142
Alfa ak omega, premye ak dènye lèt nan alfabè grèk la

Kiyès oswa ki sa ki “Alfa ak Omega” a?

Repons Bib la bay

“Alfa ak Omega” fè referans ak Jewova Dye, li menm ki Toupisan an. Ekspresyon sa a parèt twa fwa nan Bib la. — Revelasyon 1:8; 21:6; 22:13a.

Poukisa Bondye rele tèt li “Alfa ak Omega” a?

Alfa ak Omega se premye ak dènye lèt nan alfabè grèk la. Lang grèk la se lang yo te sèvi pou yo ekri pati nan Bib la pifò moun rele Nouvo Testaman an, sa ki gen ladan l liv Revelasyon an. Yo sèvi ak pozisyon lèt yo genyen nan alfabè grèk la pou montre se sèl Jewova ki se kòmansman ak finisman an (Revelasyon 21:6). Depi toutan se li ki Bondye Toupisan an, e l ap kontinye rete Bondye Toupisan an pou toutan. Se li menm sèlman ki la “depi toutan e pou toutan”. — Sòm 90:2.

Kiyès ki “premye e ki dènye a”?

Labib sèvi ak ekspresyon sa a ni pou Jewova ni pou Jezi, Pitit Gason l lan, men yo pa gen menm sans pou toule de. Ann wè de egzanp.

  • Nan Ezayi 44:6, Jewova di: “Mwen se premye a e mwen se dènye a. Apa mwen menm, pa gen Bondye.” La a, Jewova montre li se vrè Dye ki te toujou egziste e k ap toujou egziste a, epi apre li, pa gen okenn lòt dye (Detewonòm 4:35, 39). Nan ka sa a, ekspresyon “premye ak dènye” a gen menm sans ak ekspresyon “Alfa ak Omega” a.

  • Mete sou sa, ekspresyon “premye a [pwotòs, se pa alfa] ak dènye a [eskatòs, se pa omega]” parèt nan Revelasyon 1:17, 18 ak 2:8. Nan vèsè sa yo, kontèks la montre moun y ap pale de li a te mouri, e annapre, li te tounen viv ankò. Donk, vèsè sa yo pa ka ap pale de Bondye, paske li pa t janm mouri (Abakouk 1:12). Men, Jezi te mouri e li te resisite (Travay 3:13-15). Li te premye moun ki te resisite pou al nan syèl la antanke yon espri ki pa ka mouri ki pral viv “pou tout tan gen tan”. (Revelasyon 1:18; Kolosyen 1:18.) Se Jezi ki fè tout lòt rezirèksyon ki fèt apre l yo (Jan 6:40, 44). Kidonk, li se dènye moun Jewova te resisite dirèkteman (Travay 10:40). Nan sans sa a, gen rezon pou yo rele Jezi “premye a e dènye a”.

Èske Revelasyon 22:13 pwouve se Jezi ki “Alfa ak Omega” a?

Non. Yo pa fè konnen aklè idantite moun k ap pale nan Revelasyon 22:13 la, e gen plizyè moun ki pale nan chapit sa a. Men sa pwofesè William Barclay te ekri konsènan pati sa a nan liv Revelasyon an: “Yo pa ekri bagay yo nan yon lòd ki klè; [...] e byen souvan, li vrèman difisil pou n rive sèten ki moun k ap pale a.” (The Revelation of John, Volim 2, edisyon revize, paj 223). Kidonk, nou kapab di “Alfa ak Omega” yo pale nan Revelasyon 22:13 la se menm moun yo bay tit sa a lòt kote nan liv Revelasyon an, anpalan de Jewova Dye.

a Nan tradiksyon Labib wa Jak la, ekspresyon sa a parèt yon katriyèm fwa nan Revelasyon 1:11. Men, pifò tradiksyon ki fèt nan epòk nou an pa mete l nan vèsè sa a paske yo pa jwenn li nan maniskri grèk ki pi ansyen yo, e li klè se ajoute yo te ajoute l nan kopye Bib la annapre.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje