BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 90
  • Ki jan m ka evite gen panse negatif?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka evite gen panse negatif?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa w panse de tèt ou?
  • Sa k fè sa enpòtan?
  • Sa w ka fè
  • Fason w ka vin gen yon pwennvi ki pozitif
  • E si lòt moun pa aksepte m?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • E si m pa anvi viv ankò?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa pou m fè si paran m pa vle m sèvi ak rezo sosyal?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Rezo sosyal yo — 2yèm pati: Aprann pitit ou evite danje ki genyen sou rezo sosyal yo
    Èd pou fanmi
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 90
Yon dam ki anba lapli e k ap panse ak bagay ki negatif.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka evite gen panse negatif?

  • Ki sa w panse de tèt ou?

  • Sa k fè sa enpòtan?

  • Sa w ka fè

  • Fason w ka vin gen yon pwennvi ki pozitif

  • Sa lòt jèn di

Ki sa w panse de tèt ou?

  • Optimis (Kwè tout bagay prale byen)

    “M fè efò pou m gen kè kontan e pou m rete kalm toutotan sa posib. M eseye souri e m eseye jwenn kè kontan chak jou nan lavi m.” — Valerie.

  • Pesimis (Kwè tout bagay prale mal)

    “Chak fwa yon bon bagay rive, m toujou mande tèt mwen: ‘Ou kwè se vre?’” — Rebecca.

  • Reyalis

    “Si m optimis, m ap desi lè bagay yo pa byen pase e si m pesimis, m pap janm kontan. Men, si m reyalis sa ap ede m wè bagay yo jan yo ye toutbonvre.” — Anna.

Sa k fè sa enpòtan?

Bib la di: “Yon moun ki gen kè kontan toujou ap fete.” (Pwovèb 15:15). Li klè, moun ki fè efò pou yo pa toujou gen panse negatif e ki fè efò pou yo wè bon kote ki gen nan lavi a pi fasil gen kè kontan. Epitou, li pi fasil pou yo fè nouvo zanmi. Paske, pa gen youn nan nou ki vle pase tan avèk moun ki toujou tris oswa ki toujou wè tout bagay negatif

Men, menm lè yon moun toujou gen yon pwennvi pozitif, sa pa vle di li pa rankontre pwoblèm nan lavi a. Pa egzanp:

  • Nan nouvèl, ou toujou tande pale de lagè, zak teworis oswa vyolans.

  • Ou ka ap fè fas ak pwoblèm nan fanmi w.

  • Pa gen dout, w ap lite ak pwòp enpèfeksyon w.

  • Petèt yon zanmi te di oswa fè yon bagay ki blese w.

Pa fèmen je w sou pwoblèm sa yo, nitou pa plede ap panse sou yo, men pito, eseye wè yo yon fason ki reyalis. Si w eseye wè bagay yo yon fason reyalis, sa ap ede w pou w pa toujou gen panse negatif lè yon seri bagay rive nan lavi w, konsa l ap pi fasil pou w aksepte yo san w pa kite yo kraze w.

Yon dam k ap panse ak bagay ki pozitif pandan lapli a sispann tonbe.

Ou ka fè fas ak gwo pwoblèm ki tankou tanpèt ki gen nan lavi a, paske ou gen asirans solèy la toujou leve apre yon tanpèt

Sa w ka fè

  • Se pou w reyalis anrapò ak enpèfeksyon w.

    Bib la di: “Pa gen moun k’ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l’ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.” (Eklezyas 7:20, Bib la). Lè w fè erè, sa montre ou se yon moun menm jan ak tout moun, sa pa vle di ou pa janm fè anyen ki bon.

    Sa k ap ede w reyalis: Fè efò pou w amelyore, men, sonje ou pa pafè. Men sa yon jèn ki rele Caleb di: “M fè efò pou m pa ret ap panse ak erè m fè pou sa pa dekouraje m. Olye de sa, m eseye aprann de yo, konsa m pap refè yo ankò.”

  • Pa konpare tèt ou ak lòt moun.

    Bib la di: “Pinga nou chèche pase pou pi bon, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt, e pou youn ap rayi sò lòt.” (Galat 5:26). Lè w gade foto lòt moun sou rezo sosyal e w wè gen plizyè pwogram yo pa t envite w ladan yo, ou ka vin tèlman fache, sa fè w santi moun ou te panse ki zanmi w yo pa zanmi w vre.

    Fason pou w reyalis: Ou pap jwenn envitasyon pou tout pwogram k ap fèt, se pou w aksepte sa. Epitou, foto moun poste sou rezo sosyal pa bay tout detay sou lavi moun nan. Men sa yon jèn ki rele Alexis di: “Souvan, se aspè ki pi enteresan nan lavi yo moun yo mete sou rezo sosyal, an jeneral, yo pa poste foto sou lavi nòmal yo.”

  • Chèche fè lapè, sitou nan fanmi w.

    Bib la di: “Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun.” (Women 12:18). Ou pa ka toujou kontwole fason lòt moun aji, men ou ka kontwole fason ou menm ou reyaji. Ou ka chwazi pou w fè lapè.

    Fason pou w reyalis: Fè efò pou w pa lakòz pwoblèm ki genyen nan fanmi an vin pi mal, men pito, chèche fè lapè menm jan w t ap fè sa ak zanmi w yo. Men sa yon jèn ki rele Melinda di: “Pa gen youn nan nou ki pafè, nou tout ap di oswa ap fè yon bagay ki blese youn lòt tanzantan. Se nou ki pou deside si n ap chwazi fache oswa si n ap chèche fè lapè.”

  • Aprann gen rekonesans.

    Bib la di: “Montre nou gen rekonesans.” (Kolosyen 3:15). Lè w gen rekonesans, sa ap ede w ret konsantre sou sa ki bon nan lavi w olye w ret konsantre sou sa w pa renmen.

    Fason pou w reyalis: Rekonèt pwoblèm ou yo, men pa fèmen je sou bon bagay ki gen nan lavi w. Men sa yon jèn fi ki rele Rebecca di: “Mwen gen yon kanè pèsonèl e chak jou, mwen ekri yon bon bagay ladan l. M vle sonje menm lè m gen pwoblèm, toujou gen bon bagay nan lavi m tou.”

  • Reflechi sou moun ki zanmi w yo.

    Bib la di: “Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” (1 Korentyen 15:33). Lè w pase tan ak moun ki renmen kritike lòt moun oswa ki renmen fè kont, move tandans sa yo ap gen efè sou ou.

    Fason pou w reyalis: Pafwa, zanmi w yo ap pase moman difisil nan lavi yo, sa ka rive yo tris e yo dekouraje nan moman an. Se pou w fè sa w kapab pou w ede yo, men pa kite pwoblèm zanmi w yo fè w dekouraje tou. Men sa yon jèn fi ki rele Michelle di: “Nou pa dwe pase tan sèlman ak moun ki gen yon pwennvi negatif. Nan matematik, lè w adisyone de chif negatif, ou jwenn yon chif negatif ki pi gwo.”

Fason w ka vin gen yon pwennvi ki pozitif

Bib la di: “Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte.” (2 Timote 3:1). Se nan peryòd sa a n ap viv kounye a. Èske sa difisil pou ou pou w kontinye gen yon pwennvi pozitif pandan w ap viv nan monn sa a ki chaje ak pwoblèm? Li atik: “Poukisa gen anpil soufrans konsa?”

Sa lòt jèn di

Emma

“Pafwa, lè m gen panse negatif, m fè yon lis bagay pozitif ak bagay negatif sou sa m ap reflechi a. Sa ede m wè bagay yo yon fason ki lojik olye m kite santiman mennen m. Souvan, gen bon aspè menm nan sitiyasyon ki sanble negatif.” — Emma.

Jesse

“Lè m gen panse negatif, m chèche wè fason m ka ede yon lòt moun, oswa mwen jwenn yon bagay mwen ka fè pou lòt moun. Jezi te di yon moun jwenn kè kontan lè l bay, donk, lè m bay lòt moun m pa ret ap panse sou bagay negatif.” — Jesse.

Revizyon: Ki jan m ka evite gen panse negatif?

Se pou w reyalis anrapò ak enpèfeksyon w. Fè efò pou w amelyore, men, sonje ou pa pafè.

Pa konpare tèt ou ak lòt moun. Pa kite sa deranje w si yo pa envite w nan yon pwogram.

Chèche fè lapè, sitou nan fanmi w. Pa ajoute sou pwoblèm ki deja genyen, chèche fè lapè.

Aprann gen rekonesans. Rekonèt ou gen pwoblèm, men pa kite pwoblèm sa yo fè w pa wè bon bagay ki gen nan lavi w.

Reflechi sou moun ki zanmi w yo. Pase tan ak moun ki pa kite pwoblèm lavi a kraze yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje