ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ
Revelasyon 21:1 — “Yon syèl tounèf ak yon tè tounèf”
“Epi, mwen wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske, ansyen syèl la ak ansyen tè a disparèt, e lanmè a pa la ankò.” — Revelasyon 21:1, Tradiksyon monn nouvo a.
“Apre sa, mwen wè yon lòt sièl ak yon lòt latè. Premie sièl la ak premie latè a te disparèt. Pa t’ gen okenn lanmè ankò.” — Revelasyon 21:1, Bib la.
Sa Revelasyon 21:1 vle di
Vèsè sa a sèvi ak yon langaj senbolik pou montre Wayòm Bondye a pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo. Wayòm sa a pral elimine mechan yo e li pral dirije tout moun ki dakò soumèt anba l yo, yon seri moun ki pral fòme yon nouvo sosyete.
Se sou fòm “senbòl” yo prezante enfòmasyon ki nan liv Revelasyon an (Revelasyon 1:1). Se sa k fè li rezonab pou nou konprann syèl ak tè yo pale de yo nan vèsè sa a se senbòl yo ye, se pa syèl ak tè toutbon. Mete sou sa, gen lòt kote nan Bib la yo pale de “syèl tounèf” ak “tè tounèf” yon fason ki senbolik (Ezayi 65:17; 66:22; 2 Pyè 3:13). Lè nou egzamine vèsè sa yo ak lòt vèsè ankò, sa ede nou konprann sans ekspresyon sa yo.
“Yon syèl tounèf.” Pafwa, Bib la sèvi ak mo “syèl” la pou pale de dominasyon oswa gouvènman (Ezayi 14:12-14; Dànyèl 4:25, 26). Se sa k fè gen yon liv ki fè konnen nan vizyon ki gen rapò ak pwofesi yo “syèl se yon senbòl ki fè referans ak pouvwa k ap domine a oswa gouvènman”a. Sa klè, nan Revelasyon 21:1, “syèl tounèf” la fè referans ak Wayòm Bondye a. Pafwa, yo rele Wayòm sa a ki nan syèl la, “Wayòm syèl la” e yo pale de li nan tout liv Revelasyon an ak nan lòt liv nan Bib la (Matye 4:17; Travay 19:8; 2 Timote 4:18; Revelasyon 1:9; 5:10; 11:15; 12:10). Rive yon lè, Wayòm Bondye a, ki gen Jezi Kris kòm wa ladan l, pral ranplase “ansyen syèl la” sa vle di tout gouvènman lèzòm yo, ki enpafè. — Dànyèl 2:44; Lik 1:31-33; Revelasyon 19:11-18.
“Yon tè tounèf.” Bib la fè konnen planèt tè a pap janm detwi, ni ranplase (Sòm 104:5; Eklezyas 1:4). Ebyen, ki sa tè senbolik la ye? Byen souvan, Bib la sèvi ak mo “tè” a, pou fè referans ak lèzòm (Jenèz 11:1; 1 Kwonik 16:31; Sòm 66:4; 96:1). Donk, “yon tè tounèf” dwe fè referans ak tout moun ki dakò soumèt anba gouvènman Bondye a ki nan syèl la, yon seri moun ki pral fòme yon nouvo sosyete. “Ansyen tè a”, oswa tout moun ki opoze ak Wayòm Bondye a, pral detwi.
“Lanmè a pa la ankò.” Menm jan ak rès ekspresyon ki nan Revelasyon 21:1 yo, “lanmè a” se yon senbòl tou. Lanmè a reprezante lèzòm ki lwen Bondye, byen souvan yo ajite e yo bay pwoblèm (Ezayi 17:12, 13; 57:20; Revelasyon 17:1, 15). Yo menm tou yo pral disparèt. Sòm 37:10 di: “Talè konsa, mechan yo pap la ankò, w ap gade kote yo te ye yo, ou pap jwenn yo.”
Kontèks Revelasyon 21:1
Liv Revelasyon an te anonse sa k t apral fèt pandan “jou Seyè a”. (Revelasyon 1:10.) Selon pwofesi ki nan Bib la, jou sa a te kòmanse an 1914, lè Jezi te kòmanse dirije antanke Wa nan Wayòm Bondye ab. Men, se pa menm moman an li t apral pran kontwòl tè a nèt. Anfèt, gen lòt pwofesi ki fè konnen kondisyon ki gen nan monn nan t apral vin pi mal pandan premye pati “jou Seyè a”. Yo rele premye pati sa a, “dènye jou yo”. (2 Timote 3:1-5, 13; Matye 24:3, 7; Revelasyon 6:1-8; 12:12.) Nan fen epòk sa a ki difisil e ki chaje ak pwoblèm nan, Wayòm Bondye a pral elimine ansyen syèl ak ansyen tè senbolik la e li pral pote yon nouvo epòk kote pral gen lapè ak amoni. Lè sa a, “tè tounèf” la, sa vle di moun ki soumèt anba Wayòm nan, pral viv nan bon kondisyon e yo pral gen yon sante ki pafè. — Revelasyon 21:3, 4.
Gade ti videyo tou kout sa a pou w wè kèk bagay sou liv Revelasyon an.
a McClintock and Strong’s Cyclopedia (1891), Volim IV, paj 122.