BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g17 no 6 p. 8-9
  • Aprann pitit ou gen imilite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aprann pitit ou gen imilite
  • Reveye n! — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA SA DIFISIL KONSA?
  • KI SA NOU TA DWE KONNEN?
  • MEN SA W KA FÈ
  • Aprann pitit ou gen imilite
    Reveye n! — 2019
  • Annou kiltive vrè imilite a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Aprann pitit ou fè fas ak pwoblèm
    Reveye n! — 2019
  • Jezi ban nou egzanp nan fason pou n demontre imilite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Reveye n! — 2017
g17 no 6 p. 8-9
Yon ti gason k ap fè manman l tann anvan l pran yon asyèt.

ÈD POU FANMI | LEVE TIMOUN

Aprann pitit ou gen imilite

POUKISA SA DIFISIL KONSA?

  • Pitit gason w lan malelve, e li gen dizan sèlman!

  • Li atann pou tout moun trete l tankou yon ti prens.

Petèt w ap mande tèt ou: ‘Sa k ap pase l konsa? Se vre, mwen ta renmen pou l gen konfyans nan tèt li, men m pa ta renmen l panse li pi bon pase lòt moun!’

Èske l posib pou w aprann pitit ou gen imilite san sa pa fè l panse li pa vo anyen?

Yon ti fi ki chita tankou yon ti prensès pandan paran l yo met ajenou nan pye l.

KI SA NOU TA DWE KONNEN?

Nan ane ki sot pase yo, yo ankouraje paran yo pou yo bay pitit yo tout sa yo anvi, pou yo fè anpil lwanj pou yo menm lè pa gen rezon pou sa, e pou yo pa korije yo oswa disipline yo. Selon sa yo fè konnen, si yo fè timoun yo santi yo twò espesyal, sa ap ede yo bay tèt yo valè toutpandan y ap grandi. Men, ki rezilta sa bay? Gen yon liv (Generation Me) ki fè konnen: “Inisyativ moun yo pran pou timoun yo vin gen plis konfyans nan tèt yo a pa fè timoun yo byennelve epi gen kè kontan vre, okontrè, sa vin lakòz yon pil ak yon pakèt timoun wè tèt yo sèlman.”

Anpil nan timoun paran yo te fè twòp lwanj pou yo pandan yo t ap grandi pa rive fè fas ak desepsyon, kritik e yo pa aksepte lè yo echwe. Etandone yo aprann yo pou se tèt yo yo fè plezi sèlman, lè yo vin gran, li difisil pou yo kenbe yon amitye. Kòm rezilta, anpil nan yo toujou enkyè e yo soufri depresyon.

Se pa lè yo toujou ap di yon timoun li espesyal l ap rive bay tèt li valè toutbon, men, l ap rive fè sa lè l rive reyalize yon bagay enpòtan. Sa ale pi lwen toujou pase annik kwè nan tèt yo. Yo bezwen aprann, pratike epi chèche vin pi bon nan sa yo chwazi fè (Pwovèb 22:29). Anplis de sa, yo bezwen enterese nan lòt moun (1 Korentyen 10:24). Tout sa mande pou yo gen imilite.

MEN SA W KA FÈ

Felisite yo lè gen rezon pou sa. Si pitit fi w fè yon bèl nòt nan yon egzamen nan lekòl li, felisite l. Si l fè yon vye nòt, pa kouri lage chay la sou do pwofesè a. Sa pap ede pitit ou a aprann gen imilite. Okontrè, ede l wè kòman l ka fè yon pi bon nòt yon lòt fwa. Felisite l sèlman lè l fè bon bagay.

Ba yo koreksyon lè sa nesesè. Sa pa vle di nou dwe kritike pitit nou pou chak ti erè yo fè (Kolosyen 3:21). Men, nou dwe korije yo lè yo fè yon erè ki grav. Nou ka fè menm bagay la tou lè yo gen yon move konpòtman. Si n pa fè sa, defo sa yo ap vin anrasinen lakay yo.

Pa egzanp, ann imajine pitit gason w gen tandans fè djòlè. Si w pa korije tandans sa a li gen lakay li, li ka pran tèt li pou yon pakèt afè epi kòmanse meprize lòt moun. Donk, ou ka esplike l si l gen yon konpòtman konsa, sa ka fè lòt moun mal wè l e sa ka fè l pran imilyasyon (Pwovèb 27:2). Epitou, esplike l yon moun ki byen wè tèt li pap santi li oblije fè lòt moun konnen kapasite li genyen. Lè w ba l koreksyon konsa avèk lanmou, w ap aprann li vin gen imilite san w pa fè l santi li pa gen valè. — Prensip biblik: Matye 23:12.

Prepare pitit ou pou l ka fè fas ak reyalite lavi a. Lè nou toujou bay pitit nou tout sa yo mande, sa ka fè yo pran tèt yo pou yon pakèt afè. Pa egzanp, si pitit ou mande w yon bagay e w pa gen mwayen pou ba li l, esplike l rezon ki fè li enpòtan pou nou pa depanse plis pase sa nou te prevwa depanse. Si w te fin planifye yon ti vakans epi ou oblije anile l, esplike l desepsyon fè pati lavi a e petèt ou ka menm esplike l ki jan ou menm ou konn fè fas ak desepsyon konsa. Pa pwoteje pitit ou kont tout difikilte ki genyen, okontrè, prepare l pou l ka fè fas ak difikilte li pral jwenn nan lavi l lè l vin pi gran. — Prensip biblik: Pwovèb 29:21.

Ankouraje l pou l renmen bay. Montre pitit ou “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. (Travay 20:35.) Ki jan w ka fè sa? Nou ka travay ansanm sou yon lis moun ki bezwen èd nan kesyon acha, transpò ak travay ki mande reparasyon. Epi, mennen pitit ou avè w lè w pral ede kèk nan moun sa yo. Montre pitit ou lajwa sa ba ou lè w ap ede moun sa yo ki bezwen èd. Pa gen pi bon fason pou w ede pitit ou aprann gen imilite pase lè w ba l bon egzanp konsa! — Prensip biblik: Lik 6:38.

Pou w ka jwenn plis enfòmasyon, skane kòd sa a oswa ale sou sit Entènèt jw.org/fr epi chèche “Enfant-roi ou enfant attentionné: le rôle des parents”.

VÈSÈ POU N SONJE

  • “Nenpòt moun ki met tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo.” — Matye 23:12.

  • “Si yon moun gate yon sèvitè depi l piti, rive yon lè, sèvitè sa a ap vin engra.” — Pwovèb 29:21.

  • “Pran abitid bay.” — Lik 6:38.

KONSIDERE LÒT MOUN YO SIPERYÈ NOU

Bib la di: “Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:3, 4.

Li pwobab pou yon timoun ki suiv prensip sa a toutpandan l ap grandi vin rann li kont yon moun gendwa pi fò pase l nan yon domèn. Finalman, imilite ap ede pitit ou pou l pa kite l kontamine ak tandans ki gaye jodi a nan anpil kilti kote moun yo se tèt yo sèlman yo wè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje