BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g19 no 2 p. 8-9
  • Aprann pitit ou fè fas ak pwoblèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aprann pitit ou fè fas ak pwoblèm
  • Reveye n! — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI LÈ YON MOUN MONTRE LI KONN FÈ FAS AK PWOBLÈM?
  • SA K FÈ L ENPÒTAN POU YON MOUN APRANN FÈ FAS AK PWOBLÈM?
  • FASON W KA ANSEYE PITIT OU POU L FÈ FAS AK PWOBLÈM
  • Ki jan m ka adapte m ak kèlkeswa chanjman an?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Fason w ka ede pitit ou lè l jwenn echèk
    Èd pou fanmi
  • Aprann pitit ou gen imilite
    Reveye n! — 2017
  • Ede pitit ou sipòte lapenn li genyen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Reveye n! — 2019
g19 no 2 p. 8-9
Yon manman k ap ede pitit fi l ki kontrarye paske gato li fè a pa byen soti

LESON 3

Aprann pitit ou fè fas ak pwoblèm

KI LÈ YON MOUN MONTRE LI KONN FÈ FAS AK PWOBLÈM?

Yon moun konn fè fas ak pwoblèm lè l reprann li byen fasil apre yon move bagay fin pase. Li vin gen kapasite sa a grasa eksperyans li fè. Menm jan yon timoun pa ka aprann mache san l pa fè kèk ti fo pa, se konsa tou timoun nan pap kapab konn ki jan pou l rive fè fas ak lavi a si l pa jwenn kèk pwoblèm.

SA K FÈ L ENPÒTAN POU YON MOUN APRANN FÈ FAS AK PWOBLÈM?

Gen timoun ki konn dekouraje lè yo echwe nan yon bagay, lè yon sitiyasyon ba yo tètchaje oswa moun kritike yon bagay yo fè. Gen lòt ki bay vag nèt. Men, yo bezwen konprann verite ki annapre yo:

  • N ap jwenn echèk nan kèk bagay. — Jak 3:2.

  • Tout moun gen pou yo fè fas ak sitiyasyon ki difisil. — Eklezyas 9:11.

  • Li enpòtan pou yon moun jwenn yon lòt moun di l sa l fè ki mal pou l ka amelyore. — Pwovèb 9:9.

Lè timoun yo aprann fè fas ak sitiyasyon ki difisil, y ap gen konfyans yo kapab reyisi lè yo jwenn pwoblèm nan lavi a.

FASON W KA ANSEYE PITIT OU POU L FÈ FAS AK PWOBLÈM

Lè l pa rive fè yon bagay.

PRENSIP BIBLIK: “Moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò.” — Pwovèb 24:16.

Ede pitit ou aprann ki jan pou l wè si yon pwoblèm grav oswa si l pa grav. Pa egzanp, ki sa l ap fè si l pa pase yon tès nan lekòl li? Li ka bay vag, epi l di: “M pa ka rive fè anyen byen.”

Pou w anseye l fason pou l fè fas ak pwoblèm, w ap bezwen ede l reflechi sou fason l ka fè pi byen pwochèn fwa a. Konsa, l ap ka aprann rezoud pwoblèm, olye l kite yo pote l ale.

Men tou, pa chèche rezoud pwoblèm yo nan plas pitit ou. Okontrè, ede l wè ki sa pou l fè. Ou ka mande l: “Ki sa w ka fè pou w pi byen konprann kou sa a?”

Lè yon move bagay rive.

PRENSIP BIBLIK: “Nou pa menm konnen sa k ap rive nou demen.” — Jak 4:14.

Lavi a konn chanje. Yon moun ki rich jodi a ka vin pòv demen e yon moun ki an sante jodi a ka vin malad demen. Bib la di: “Se pa ni moun ki rapid yo ki toujou genyen kous la, ni moun ki gen fòs yo ki genyen batay la [...], paske move moman ak malè rive sou yo tout sanzatann.” — Eklezyas 9:11.

Antanke paran, ou fè tout sa w kapab pou w pwoteje timoun nan devan danje. Men, an reyalite, li pa posib pou w pwoteje l kont tout move bagay ki ka rive nan lavi a.

Se vre, pitit ou a ka poko nan afè pèdi travay oubyen nan afè jwenn pwoblèm lajan. Men, ou ka ede l fè fas ak lòt kalite pwoblèm li kapab jwenn, tankou yon moun vin pa zanmi l ankò oswa gen yon moun nan fanmi an ki mouri.a

Lè l jwenn yon konsèy k ap ede l.

PRENSIP BIBLIK: “Koute konsèy [...] pou w ka vin gen sajès demen.” — Pwovèb 19:20.

Lè yon moun di pitit ou yon bagay l ap bezwen fè pi byen, se pa vle li vle fè timoun nan pè ni fè l ditò, men pito, se vle li vle ede l korije yon bagay ki merite sa.

Lè w aprann pitit ou pou l aksepte yo korije l, sa ap bon ni pou ou ni pou pitit ou a. Men sa yon papa ki rele John fè konnen: “Si w pa janm bay timoun yo posiblite pou yo korije erè yo fè, yo pap janm aprann. Y ap sot nan yon pwoblèm al nan yon lòt, epi w ap pase tout lavi w ap rezoud pwoblèm pou yo. Sa ap fè ni lavi paran yo ni lavi timoun yo difisil.”

Lè yon moun konseye pitit ou sou fason pou l fè yon bagay pi byen, ki jan w ka ede pitit ou byen pwofite konsèy sa a? Lè yo bay pitit ou yon konsèy, kit se nan lekòl, kit se nenpòt lòt kote, pa kouri di pitit ou a pa merite konsèy sa a. Okontrè, li ka pi bon pou w poze l kesyon sa yo:

  • “Poukisa w panse ou te bezwen konsèy sa a?”

  • “Ki jan w ka pwogrese?”

  • “Ki sa w ap fè pwochèn fwa ou nan sitiyasyon sa a ankò?”

Sonje, bon konsèy yo bay pitit ou a pou ede l amelyore ap fè anpil byen pou li, ni kounye a, ni lè l vin granmoun.

a Gade atik “Ede pitit ou sipòte lapenn li genyen” nan Toudegad 1ye jiyè 2008.

Yon manman k ap ede pitit fi l ki kontrarye paske gato li fè a pa byen soti

FÒME L DEPI KOUNYE A

Lè yon timoun konn aprann nan erè li fè e li pa bay vag, l ap vin devlope lòt kapasite, e menm si sa ta difisil pou l aprann devlope yo, l ap rive fè sa trè byen.

Anseye l grasa egzanp ou

  • Èske m aksepte erè m fè, oswa èske m lage chay la sou lòt moun?

  • Èske m pale sou erè m fè, e ki sa m aprann ladan yo?

  • Èske m konn pase lòt moun nan rizib pou erè yo fè?

Men sa kèk paran di:

“Nou pa t pwoteje pitit nou kont tout ti pwoblèm, kont tout echèk oswa kont tout erè yo te fè. Lè m te jèn, m te fè fas ak bagay sa yo, e sa te fè m vin yon pi bon moun. M santi pandan toule de timoun nou yo t ap grandi, yo te vin moun ki gen ekilib e ki stab, paske nou pa t gate yo.” — Jeff.

“Lè mwen menm ak madanm mwen te fè yon erè nan sa nou te di pitit nou yo, nou te toujou mande yo eskiz. M panse paran yo dwe pale ak pitit yo sou erè yo fè, echèk yo jwenn ak fot yo fè pou montre yo bagay sa yo fè pati lavi a.” — James.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje