BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 7
  • Fason w ka ede pitit ou lè l jwenn echèk

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason w ka ede pitit ou lè l jwenn echèk
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa w dwe konnen
  • Sa w ka fè
  • Aprann pitit ou fè fas ak pwoblèm
    Reveye n! — 2019
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Paran, bay pitit ou fòmasyon pou yo renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 7
Yon manman k ap konsole pitit fi l ki fè yon move nòt nan egzamen.

ÈD POU FANMI

Fason w ka ede pitit ou lè l jwenn echèk

Kit se kounye a kit se pi devan, pitit ou gen pou l jwenn echèk oswa desepsyon nan lavi a kanmenm. Ki jan ou ka ede yo fè fas ak sitiyasyon sa yo?

  • Sa w dwe konnen

  • Sa w ka fè

Sa w dwe konnen

Nou tout fè erè tanzantan. Bib la di: “Nou tout nou bite.” (Jak 3:2). Timoun yo bite tou. Sepandan, lè yon timoun bite, oswa li jwenn echèk, sa ka gen yon kote pozitif paske echèk fè yon timoun aprann devlope kapasite li genyen pou l andire nan sitiyasyon difisil. Timoun pa fèt ak kapasite sa a tou natirèlman, men yo ka aprann li. Men sa yon manman ki rele Laura di: “Mari m avè m rive wè li pi bon pou timoun yo aksepte erè yo fè olye pou yo fè kòmsi pa t janm gen anyen ki te rive. Sa pèmèt yo aprann yo sa pou yo fè lè bagay yo pa mache jan yo te atann nan.”

Anpil timoun pa konn sa pou yo fè lè yo jwenn echèk. Gen anpil timoun ki pa aprann sa pou yo fè lè yo jwenn echèk paske paran yo toujou kouvri pou yo e paran yo fè yo santi yo pa janm fè anyen ki mal. Pa egzanp, si yon timoun fè yon move nòt, gen paran k ap kouri blame pwofesè a. Oubyen, si gen yon timoun ki nan kont ak zanmi l, gen paran k ap kouri blame zanmi an.

Men, ki jan timoun yo ka aprann nan erè yo fè e montre yo responsab nan sitiyasyon difisil y ap travèse, si paran yo toujou ap kouvri pou yo yon fason pou yo pa sibi konsekans yo?

Yon manman k ap ede pitit fi l pou l reprann li apre l fin pran yon move nòt nan lekòl li.

Sa w ka fè

  • Aprann pitit ou chak sa yo fè gen konsekans ki mache avèk yo.

    Bib la di: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” — Galat 6:7.

    Aksyon mache ak rezilta. Tout domaj gen yon pri. Erè mache ak konsekans. Aprann pitit ou prensip ki di kèlkeswa sa w fè a ap gen rezilta ki vin apre l e lè gen yon bagay mal ki rive, yo dwe pran responsablite pa yo nan sa k pase a. Donk, evite blame yon lòt moun pou pitit ou oswa evite chèche eskiz pou li. Olye de sa, kite yo jere pwòp erè yo fè, yon fason ki rezonab e kite yo sibi konsekans erè yo nan nivo yo kapab pou laj yo. An reyalite, timoun nan ta dwe kapab rive wè aklè konsekans move aksyon l yo genyen.

  • Ede pitit ou jwenn solisyon yo.

    Prensip Bib la bay: “Moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò.” — Pwovèb 24:16.

    Sa ka difisil pou n aksepte yon echèk, men se pa lafendimonn. Ede pitit ou konsantre sou sa l ka fè pou l pa tonbe nan menm sitiyasyon an ankò olye pou l rete ap panse sou sa k pase a. Pa egzanp, si w gen yon pitit gason ki pa reyisi egzamen lekòl li, ede l wè fason li ka pran kontwòl sitiyasyon an lè li etidye plis e lè li fè efò pou l pi byen konpoze pwochèn fwa (Pwovèb 20:4). Si w gen yon pitit fi ki nan kont ak yon zanmi l, ede l konprann fason li ka mande eskiz epi chèche fè lapè menmsi se pa t fot pa l sèlman. — Women 12:18; 2 Timote 2:24.

  • Aprann pitit ou rekonèt limit li.

    Prensip Bib la bay: “M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse.” — Women 12:3.

    Di pitit ou se li ki “pi fò” pase yon lòt nan yon bagay pa yon reyalite epi sa pap ede l tou. Dayè, menm timoun ki pi fò a se pa li k ap gen pi gwo nòt la a chak fwa. Epitou, yon timoun ki fò anpil nan yon spò pa toujou genyen. Yon timoun ki rekonèt limit li ka pi byen jere sitiyasyon difisil li rankontre.

    Bib la fè konnen eprèv ka fè nou vin pi djanm e yo ka ede n gen andirans (Jak 1:2-4). Donk, malgre erè ak echèk bay desepsyon, ou ka ede pitit ou wè sa yon lòt fason.

    Aprann pitit ou gen andirans menm jan ak aprann li metrize nenpòt lòt bagay, sa vle di sa mande tan ak efò. Men, li pap regrèt sa lè l ap antre nan laj adolesans. Men sa liv Letting Go With Love and Confidence deklare: “Sa difisil pou jèn ki konnen sa yo dwe fè lè yo jwenn echèk yo, pou yo fè yon bagay ki danjere oswa yon bagay ki pa fè sans. Pi souvan, lè yo devan yon nouvo sitiyasyon oswa yon bagay yo pa t atann, yo pi byen jere l.” Lè yo rive fè fas ak sitiyasyon ki difisil pandan yo jèn, sa ap ede yo lè yo vin pi gran.

Men yon ide: Se ou menm ki pou ba yo egzanp. Sonje sa, fason ou reyaji lè ou jwenn desepsyon nan lavi a ap ede piti ou lè l jwenn pa l yo.

Revizyon: Fason w ka ede pitit ou lè l jwenn echèk

  1. Aprann pitit ou chak sa yo fè gen konsekans ki mache avèk yo.

  2. Ede piti ou jwenn solisyon yo.

  3. Aprann pitit ou rekonèt limit li.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje