BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g18 no 2 p. 7
  • 4 Padone

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 4 Padone
  • Reveye n! — 2018
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA SA VLE DI
  • REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
  • SA W KA FÈ
  • Sa sa vle di padone?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan w ka padone menm jan ak Jewova?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Padone lòt moun ak tout kè w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Se pou youn padone lòt ak tout kè l
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Reveye n! — 2018
g18 no 2 p. 7
Mari ak madanm k ap etenn yon dife ansanm.

Padone ka etenn pawòl ki tankou dife.

POU MOUN MARYE

4 Padone

SA SA VLE DI

Padone vle di pase sou yon bagay yo fè w epi pa kenbe moun nan sou kè pou sa l te fè w la. Padone pa vle di pou n fè kòmsi nou pa wè mal yo fè nou an oswa pran pòz pa t gen anyen ki te pase.

PRENSIP BIBLIK: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou.” — Kolosyen 3:13.

“Lè w renmen yon moun, ou pa konsantre w sou defo l. Olye de sa, wè efò l ap fè pou l vin yon pi bon moun.” — Aaron.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Si w kenbe moun sou kè, sa ka fè w ditò ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif, e sa ka kraze maryaj ou tou.

“Yon lè, mari m te mande m padon pou yon bagay li te fè m ki te fè m mal anpil. Li te difisil pou m padone l. Finalman, mwen te padone l, men mwen regrèt mwen pa t fè sa pi bonè. Paske, sa te lakòz yon tansyon nan maryaj nou ki pa t oblije la.” — Julia.

SA W KA FÈ

EGZAMINE TÈT OU

Pwochen fwa moun ou marye avè l la di w oswa fè w yon bagay ki fè w mal, mande tèt ou:

  • ‘Èske nenpòt ti bagay moun di m oswa fè m deranje m?’

  • ‘Èske sa l fè m nan grav anpil opwen mwen bezwen pou l mande m padon, oswa m ka annik pase sou sa?’

POU W PALE AK MOUN OU MARYE A

  • Nòmalman, konbyen tan nou konn pran pou nou padone youn lòt?

  • Ki sa nou ka fè pou nou youn padone lòt pi fasil?

IDE

  • Lè moun ou marye avè l la di w oswa fè w yon bagay ki fè w mal, pa panse se espre li fè.

  • Eseye konprann rezon ki fè li aji konsa, toutpandan w sonje “nou tout nou bite tanzantan”. — Jak 3:2.

“Li fasil pou padone lè se nou toule de ki antò, men li pi difisil lè sanble se youn nan nou ki antò. Sa mande anpil imilite pou nou aksepte eskiz e pou nou padone.” — Kimberly.

PRENSIP BIBLIK: “Regle bagay yo byen vit.” — Matye 5:25.

Si w kenbe moun sou kè, sa ka fè w ditò ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif, e sa ka kraze maryaj ou tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje