BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g19 no 3 p. 10-11
  • Lajan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lajan
  • Reveye n! — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • BYEN PLANIFYE
  • FÈ ATANSYON AK MOVE ABITID
  • KÈK LÒT PRENSIP NAN BIB LA
  • Pwoblèm lajan ak dèt — Èske Bib la ka ede nou?
    Repons Bib la bay
  • Fason pou n byen jere lajan
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Yon moun ka viv ak sa l genyen — Ki jan sa ka fèt?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • 2 | Pwoteje lajan w ak sa w posede
    Reveye n! — 2022
Gade plis
Reveye n! — 2019
g19 no 3 p. 10-11
Moun k ap travay nan atelye ebenis

Lajan

Gen anpil moun ki rive gen mwens pwoblèm lajan lè yo suiv prensip ki nan Bib la.

BYEN PLANIFYE

PRENSIP BIB LA BAY: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li, men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” — Pwovèb 21:5.

SA SA VLE DI: Pou w reyisi, li enpòtan pou w byen suiv plan w genyen an. Donk, planifye anvan w depanse. Pa bliye, li ka difisil pou w ta achte tout sa w vle. Kidonk, depanse lajan w ak sajès.

MEN SA W KA FÈ:

  • Pa depase bidjè w te fè a. Ekri tout depans ou yo epi fè yon lis ki gen plizyè gwoup tankou yon gwoup pou manje, pou rad e pou kay. Apre sa, deside ki kantite kòb w ap dispoze pou chak gwoup. Si w depanse plis pase sa w te prevwa pou yon gwoup, pran kòb sou yon lòt gwoup pou w kouvri pou gwoup sa a. Pa egzanp, si w depanse plis kòb pase sa w te planifye nan gaz pou machin ou, pran nan kòb ou te mete sou kote pou yon bagay ki gen mwens enpòtans, tankou kòb pou w manje nan restoran.

  • Evite fè dèt ki pa nesesè. Toutotan sa posib, evite fè dèt. Fè ekonomi pito pou w achte sa w bezwen. Si w sèvi ak yon kat kredi, eseye peye tout sa w dwe chak mwa pou w evite peye enterè. Si w deja gen dèt, fè yon plan pou w peye dèt la epi byen suiv plan an.

    Yo te fè yon etid ki montre lè moun achte ak kat kredi, yo gen tandans depanse plis. Donk, si w gen yon kat kredi, sèvi avè l ak sajès.

FÈ ATANSYON AK MOVE ABITID

PRENSIP BIB LA BAY: “Moun ki parese a pa al travay tè nan sezon fredi. Men, l ap nan mande nan moman rekòt la paske l pap gen anyen pou l viv.” — Pwovèb 20:4.

SA SA VLE DI: Parès ka fè yon moun vin pòv. Se sa k fè, se pou w travay di epi chèche byen jere lajan w yon fason pou w ka gen sa w bezwen demen.

MEN SA W KA FÈ:

  • Travay di. Si w travay di e w se yon moun yo ka konte sou li, w ap pwoteje travay ou. Patwon yo apresye moun ki dilijan.

  • Se pou w onèt. Pa vòlè patwon w. Si w malonèt, sa ka sal repitasyon w e l ka difisil pou w jwenn travay pi devan.

  • Evite tanta. Si w toujou ap kouri dèyè lajan, avèk letan, sa ka lakòz ou vin gen pwoblèm sante e sa ka gen move efè sou relasyon w ak lòt moun. Sonje, gen lòt bagay ki pi enpòtan nan lavi a pase lajan.

KÈK LÒT PRENSIP NAN BIB LA

Yon mesye k ap li Bib la sou Entènèt

Li Labib nan plizyè santèn lang sou jw.org.

PA GASPIYE TAN W AK LAJAN W NAN MOVE ABITID.

“Bwasonyè ak aloufa ap vin pòv e moun ki renmen dòmi, se ranyon y ap met sou yo.” — PWOVÈB 23:21.

PA ENKYETE W TWÒP POU LAJAN.

“Sispann bay tèt nou pwoblèm pou vi nou pou n ap mande ki sa n ap manje oswa ki sa n ap bwè, oubyen pou kò nou pou n ap mande ki sa n ap met sou nou.” — MATYE 6:25.

PA GEN ANBISYON.

“Yon moun ki gen anbisyon chofe pou l vin rich, li pa konnen si l gen pou l vin pòv.” — PWOVÈB 28:22.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje